Job 21
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1“Konsa, Job te reponn:
2Koute pawòl mwen byen pre;
kite sa sèvi tankou chemen pou konsole.
3Pran pasyans pou m kab pale,
epi tann lè m fini pou ou kab giyonnen m.
4Pou mwen, èske plent mwen an se anvè yon nonm?
Epi poukisa mwen pa ta dwe manke pasyans?
5Gade mwen! Vin etone!
Kouvri bouch ou ak men ou!
6Lè m sonje, mwen twouble.
Chè m vin ranpli ak laperèz.
7“Poukisa mechan yo viv toujou,
vin vye e vin pwisan nèt?
8Desandan yo vin etabli pou yo ka wè yo,
ak pitit pa yo devan zye yo.
9Lakay yo pwoteje kont laperèz,
e baton Bondye pa janm rive sou yo.
10Towo yo toujou kouple san manke.
Vach yo fè pitit e pa fè foskouch.
11Yo mete pitit yo deyò tankou yon bann.
Yo flannen e danse toupatou.
12Yo chante ak tanbouren avèk ap,
e rejwi ak son flit la.
13Yo pase jou yo nan byen reyisi.
Epi konsa yo desann nan Sejou Lanmò Yo.
14Yo di Bondye: ‘Kite nou!’
Nou pa menm vle konnen chemen Ou yo.
15‘Se kilès Toupwisan an ye pou nou ta sèvi Li,
e ki rekonpans nou ta twouve si nou ta priye anvè Li?’
16Gade byen, bonè pa yo pa rete nan men yo;
konsèy a mechan yo lwen mwen.
17“Èske se souvan ke lanp a mechan yo etenn?
Èske malè konn vin tonbe sou yo?
Èske Bondye mezire destriksyon nan lakòlè Li?
18Èske se tankou pay nan van yo ye vrè,
pay ke van pouse ale?
19Ou di ke ‘Bondye konsève inikite a yon nonm pou fis li yo.’
Kite Bondye rekonpanse li menm pou l konnen sa.
20Kite pwòp zye pa li wè lè l pouri gate.
Kite li bwè lakòlè Bondye.
21Paske ki konsiderasyon ki genyen
pou lakay sila ki swiv li a,
lè fòs kantite mwa li yo vin koupe?
22“Èske gen moun kab bay Bondye konesans?
Se Li menm ki jije sila anwo yo.
23Yon moun mouri ak tout fòs li,
byen alèz e kal;
24Tout bokal li yo plen lèt
e tout mwèl zo l li byen mou,
25Pandan yon lòt mouri ak yon nanm anmè,
e pa janm goute nan sa ki bon.
26Ansanm yo kouche nan pousyè a
e vè vin kouvri yo.
27“Gade byen, mwen konnen sa ou ap panse
ak plan nou sèvi pou fè m tò yo.
28Paske ou ap di: ‘Kote kay a prens lan
e kote tant kote mechan an rete a?’
29Èske nou pa janm mande vwayajè yo?
Èske nou pa konnen temwayaj yo bay?
30Paske mechan an, li menm, konsève pou gwo jou malè a;
Y ap vin parèt nan jou kòlè a.
31Se kilès ki va fè l repwòch pou zak li yo?
E kilès ki va rekonpanse li pou sa l fè?
32Pandan l ap pote nan tonbo a, y ap veye tonm li.
33Bòl tè vale a va kouvri l ak tout dousè;
anplis, tout moun va swiv dèyè li,
menm ak gran fòs san kontwòl yo,
yo te ale devan l.
34Konsa, se kijan pou m ta twouve rekonfò
nan konsolasyon an ven nou yo?
Paske repons nou yo fèt ak manti.”

Did you know?
The Prosperity of the Wicked
- Job challenges his friends' belief that the wicked always suffer in this life. He points out that many ungodly people grow old, increase in power, see their children flourish to the sound of lyres and flutes, and die in peaceful ease.Sources: the Bible text itself
- Confronting the idea that God reserves punishment for a person's children, Job argues that true accountability requires wrongdoers to experience retribution personally and taste the wrath of the Almighty during their own lives.Sources: the Bible text itself
- Job urges his companions to ask road travelers about common observations. He notes that whether an individual lives in vigorous prosperity or dies in bitter poverty, both ultimately share the same earthly end when they lie down together in the dust.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org