Nations Bible

Job 19

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Epi Job te reponn:

2Pou konbyen de tan, nou va toumante m,

e kraze mwen avèk pawòl yo?

3Dis fwa sa yo nou te ensilte m;

nou pa menm wont fè m tò.

4Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.

5Si anverite nou vin ògeye kont mwen,

e fè m wè prèv a gwo wont mwen,

6alò, konnen byen ke Bondye te fè m tò,

e te fèmen pèlen Li an antoure mwen.

7“Gade byen, mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons.

Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.

8Li te bare chemen mwen pou m pa kab pase,

e Li te mete fènwa sou pa m yo.

9Li te retire lonè sou mwen e

te retire kouwòn nan sou tèt mwen.

10Li kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt;

Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa.

11Anplis, Li te limen lakòlè Li kont mwen

e te konsidere m kon lènmi Li.

12Lame Li a vin rasanble pou

bati chemen pa yo kont mwen.

Yo fè kan kap antoure tant mwen an.

13“Li te retire frè m yo byen lwen mwen

e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.

14Fanmi mwen yo vin fè fayit

e pi pwòch zanmi m yo te bliye m.

15Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yo

konsidere m kon yon etranje.

Mwen se yon etranje menm nan zye yo.

16Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn;

mwen oblije sipliye l ak bouch mwen.

17Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen,

e mwen vin abominab a pwòp frè m.

18Timoun yo meprize mwen.

Mwen leve e yo pale kont mwen.

19Tout asosye m yo etone ak krent devan m.

Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen.

20Zo m yo kole sou po m ak chè m;

se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.

21“Gen pitye pou mwen, gen pitye,

O nou menm ki zanmi mwen yo,

paske men Bondye vin frape mwen.

22Poukisa n ap pèsekite mwen menm tankou Bondye

e pa satisfè ak chè mwen.

23O ke pawòl mwen yo te ekri!

O ke yo te enskri nan yon liv!

24Ke avèk pwent plim ak plon,

yo te grave sou wòch la jis pou tout tan!

25Men pou mwen, mwen konnen ke Redanmtè mwen an vivan.

Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.

26Menm lè po m fin detwi,

malgre chè m fin sòti,

mwen va wè Bondye nan chè a;

27ke mwen, mwen menm va wè,

ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje.

“Kè m vin fèb anndan m.

28Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’

pwiske rasin ka sa a se nan mwen,’

29fè lakrent nepe a pou kont nou,

paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a.

Fòk nou kab konnen, gen jijman.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Isolation and Hope in a Redeemer

  • Job wished his words could be preserved forever, mentioning ancient recording methods including writing on a scroll, engraving with an iron stylus on lead, and carving directly into stone.Sources: the Bible text itself
  • In his lament, Job details complete social rejection: his wife finds his breath repulsive, his household servants ignore his summons, young boys mock him, and his closest companions despise him.Sources: the Bible text itself
  • Despite severe physical wasting and abandonment, Job expresses confident assurance that his Redeemer lives and will ultimately stand upon the earth, where Job will see God with his own eyes.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.