Nations Bible

John 4

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Pou sa, lè Senyè a te konnen Farizyen yo te tande Jésus t ap batize plis disip pase Jean 2(men Jésus Li menm pa t ap batize, men disip Li yo t ap fè l), 3li te kite Judée epi te pati ankò pou Galilée. 4Konsa, Li te oblije pase nan Samarie.

5Li te vini nan yon vil Samarie yo rele Sychar, toupre moso tè ke Jacob te bay a Joseph, fis li. 6Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.

7Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a.

Jésus te di l: “Ban M bwè”. 8Paske disip li yo te ale nan vil la pou achte manje.

9Konsa, fanm Samariten nan te reponn Li: “Kòman Ou menm, ki se yon Jwif mande M pou bwè lè mwen menm se yon fanm Samariten?” (Paske Jwif yo pa gen bon relasyon avèk Samariten yo.)

10Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”

11Li te di L: “Mesye, ou pa gen anyen pou rale l, epi pwi a fon. Ki kote konsa W ap twouve dlo vivan sila a? 12Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?”

13Jésus te reponn e te di li: “Tout moun ki bwè dlo sila a ap swaf ankò: 14Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”

15Fanm nan te di Li: “Mesye, ban m dlo sa a pou m pa swaf, ni pou m pa oblije vin jis isit la pou tire l.”

16Li te di li: “Ale rele Mari ou, epi vin isit la.”

17Fanm nan te reponn Li e te di: “Mwen pa gen mari.” Jésus te di li: “Ou pale byen: ‘Mwen pa gen mari.’ 18Paske ou te genyen senk mari, epi sila a ke ou gen koulye a se pa mari ou. Ou pale verite.”

19Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se yon pwofèt. 20Papa zansèt nou yo te adore nan mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”

21Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a. 22Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.

23“Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vre adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L. 24Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”

25Fanm nan te di L: “Mwen konnen ke Mesye, (sila a ke yo rele Kris la) gen pou vini. Lè L vini, L ap deklare nou tout bagay.”

26Jésus te di li: “Mwen Menm k ap pale avèk ou a se Li.”

27Nan moman sa a, disip Li yo te vini. Yo te etone ke Li t ap pale avèk yon fanm, men pèsòn pa t mande l: “Kisa w ap chache” ni “Poukisa w ap pale avè L.”

28Konsa fanm nan te kite po dlo a e te antre nan vil la. Konsa, li te di a tout moun: 29“Vin wè yon nonm ki te di mwen tout bagay ke mwen fè. Nou pa sipoze ke se Li menm ki Kris la?”

30Yo te kite lavil la e t ap vin kote l.

31Antre tan, disip yo t ap di L: “Rabbi, manje.”

32Men Li te di yo: “Mwen gen manje ke nou pa konnen.”

33Pou sa disip yo t ap di a youn lòt: “Èske ou kwè ke moun pote bay Li kèk bagay pou L manje?”

34Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.

35“Èske nou pa konn di: ‘Genyen toujou kat mwa, epi rekòlt la ap vini?’ Gade, Mwen di nou leve zye nou epi gade chan yo. Yo blan avèk rekòlt la.

36“Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm. 37Paske nan sila a, pwovèb la vrè: ‘Youn ap simen epi yon lòt ap rekòlte.’

38“Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo.”

39Anpil nan Samariten ki sòti nan vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj “Li te di mwen tout bagay ke mwen fè”. 40Lè Samariten yo te vin kote L, yo t ap mande Li pou rete avèk yo. Li te rete la pou de jou.

41Anpil anplis te kwè nan Li akoz pawòl Li. 42Yo t ap di a fanm nan: “Se pa ankò akoz sa ou te di yo ke nou kwè. Nou te tande pou kont nou e konnen ke Sila a se Sovè a mond lan.”

43Apre de jou Li te kite la, pou ale nan Galilée. 44Paske Jésus Li menm te bay temwayaj ke yon pwofèt pa gen lonè nan pwòp peyi li. 45Konsa, lè Li rive nan Galilée, Galileyen yo te resevwa Li, paske yo te wè tout bagay ke Li te fè nan Jérusalem pandan fèt la, pwiske yo tout te ale nan fèt la.

46Li te vini ankò nan vil Cana nan Galilée, kote Li te fè dlo tounen diven an. Te genyen yon ofisye wayal la, epi fis li te malad nan Capernaüm. 47Lè Li te tande ke Jésus te sòti Judée pou L antre nan Galilée, li te ale kote L e te mande L pou desann avèk li pou geri fis li a, paske li te prèt pou mouri.

48Pou sa, Jésus te di li: “Anmwenske nou wè sign ak mirak, nou p ap menm kwè.”

49Ofisye wayal la te di Li: “Mesye, vini avan pitit mwen an mouri.”

50Jésus te di li: “Ou mèt ale. Pitit ou ap viv.” Mesye a te kwè Jésus epi te sòti.

51Pandan li t ap desann, esklav li yo te rankontre li pou di li ke pitit la te vivan.

52Li te mande yo kilè pitit la te kòmanse refè, e yo te di li: “Ayè sou setyèm lè lafyèv la te kite li.”

53Konsa papa li te konnen ke se te nan menm lè sa ke Jésus te di li: “Pitit ou a ap viv.” E li menm te kwè, epi tout lakay li ansanm avèk li.

54Sa se te ankò dezyèm sign ke Jésus te fè lè Li te kite Judée pou L antre nan Galilée.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Living Water in Samaria

  • Jesus left Judea to return to Galilee, and the Gospel says he had to pass through Samaria. Under the Romans in Jesus' time, Judea was the southernmost of Palestine's three divisions, distinguished from Samaria and Galilee, and the narrative notes that Jews did not associate with Samaritans.Sources: the Bible text itself · Judea
  • He came to Sychar, near the plot of ground that Jacob had given his son Joseph, and, weary from the journey, sat down by Jacob's well. Easton's Bible Dictionary (1897) records that from the time of the Crusaders Sychar was usually identified with Shechem, but that explorations had identified it with 'Askar, a small Samaritan town on the southern base of Ebal, about a mile north of the well.Sources: the Bible text itself · Sychar
  • The woman contrasted worship on this mountain with the Jewish claim that one must worship in Jerusalem, and she spoke of a coming Messiah, called Christ. When the disciples returned from buying food in the town, they were surprised that Jesus was speaking with a woman.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Galilee · 32.760, 35.527 · verses 3, 43, 45, 46, 47, 54
  • Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verses 3, 47, 54
  • Samaria · Today: Samaria 2 · 32.276, 35.195 · verses 4, 5, 7, 9
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 20, 21, 45
  • Mount Gerizim · 32.199, 35.273 · verse 20

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.