Jeremiah 52
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Sédécias te gen laj a venteyen ane lè l te devni wa a e li te renye pandan onz ane Jérusalem. Non manman l te Hamuthal, fi a Jérémie nan Libna a. 2Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou tout sa ke Jojakim te fè yo. 3Paske akoz kòlè SENYÈ a, bagay sa a te rive Jérusalem ak Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li.
Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan. 4Alò, li te vin rive nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou nan dizyèm mwa a, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini, li menm ak tout lame li a, kont Jérusalem, te fè kan kont li e te bati yon miray syèj ki te antoure li. 5Konsa, vil la te anba syèj jis rive nan onzyèm ane a wa Sédécias.
6Nan Nevyèm jou nan katriyèm mwa a, gwo grangou a te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a. 7Konsa yo te kase antre nan vil la, e tout mesye lagè yo te kouri kite vil la pandan lannwit lan bò kote pòtay ki te antre de miray ki te akote jaden a wa a. Sepandan, Kaldeyen yo te antoure vil la nèt. Yo te ale pa chemen Araba a vle di dezè a. 8Men lame Kaldeyen an te kouri dèyè wa a. Li te rive sou Sédécias nan plèn Jéricho e tout lame li a te gen tan gaye kite li. 9Epi yo te kaptire wa a. Yo te mennen li monte kote wa Babylone nan nan Ribla nan peyi Hamath, e li te kondane li la. 10Wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo devan zye l e anplis, li te touye tout prens Juda yo Ribla. 11Anplis, li te avegle zye a Sédécias. Konsa, wa Babylone nan te anprizone l ak braslè an bwonz, te mennen li Babylone, e te mete l nan prizon jis rive jou ke li te mouri an.
12Alò, nan dizyèm jou nan senkyèm mwa a, ki te diz-nevyèm ane a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, chèf an tèt kò gad la, ki te nan sèvis wa a Babylone nan, te rive Jérusalem. 13Li te brile kay SENYÈ a lakay wa a, ak tout kay Jérusalem yo; menm tout gwo kay yo, li te brile yo ak dife. 14Konsa, tout lame Kaldeyen ki te avèk chèf kò gad yo, te demoli tout miray ki te antoure Jérusalem yo. 15Epi Nebuzaradan, chèf kò gad yo, te mennen, pote an egzil kèk nan moun ki pi malere pami pèp la, tout lòt moun ki te rete nan vil la, sila ki te dezète Jérusalem yo pou ale kote wa Babylone nan ak tout rès moun metye yo. 16Men Nebuzaradan, chèf kò gad la, te kite kèk moun nan pi malere yo pou okipe chan rezen yo, e pou laboure tè a.
17Alò, pilye an bwonz, ki te apatyen a lakay SENYÈ a, baz yo, ak gwo lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kraze yo an mòso e te pote tout bwonz yo Babylone. 18Anplis, yo te pran veso yo, pèl yo, etoufè yo, basen yo, po yo ak tout veso an bwonz ki te sèvi nan tanp lan. 19Anplis, chèf kò gad la te retire bòl yo, plato sann yo, basen yo, po yo, chandelye yo, sa ki te fèt an lò fen ak sa ki te fèt an ajan fen.
20De pilye yo, sèl lanmè a, douz towo an bwonz ki te anba lanmè a, ak baz yo, ke Wa Salomon te fè pou lakay SENYÈ a——bwonz nan tout veso sa yo te depase kontwòl nan pwa. 21Epi pou pilye yo, wotè a chak pilye te diz-uit koude, li te mezire douz koude sikonferans lan, kat dwat nan epesè e vid nan mitan. 22Alò, yon tèt kouvèti an bwonz te sou li; epi wotè a chak tèt kouvèti te senk koude, ak yon sistèm mèch fèt avèk chèn an fil tòde pou tèt kouvèti ak grenad sou tèt kouvèti ki antoure l yo, tout nan bwonz nèt. Epi dezyèm pilye a te tankou sila a, menm ak grenad yo. 23Te gen katre-ven-sèz grenad byen parèt; tout nan grenad yo te kontwole an santèn, sou sistèm mèch la toupatou.
24Epi chèf kò gad la te pran Seraja, chèf prèt la, Sophonie, dezyèm wo prèt la, ak twa ofisye a tanp yo. 25Anplis, li te pran soti nan vil la, yon ofisye ki te yon sipèvizè pou mesye lagè yo, sèt nan konseye wa ki te twouve nan vil yo, grefye a wo kòmandan ki te òganize pèp peyi a ak swasant mesye a pèp ki te twouve nan mitan vil yo. 26Nebuzaradan, chèf kò gad la te pran yo e te mennen yo kote wa Babylone nan Ribla. 27Epi wa Babylone nan te frape yo mete a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath la.
Konsa, Juda te mennen ale an egzil kite peyi li. 28Sila yo se moun ke Nebucadnetsar te pote ale an egzil nan setyèm ane a: twa-mil-venn-twa Jwif;
29nan diz-uityèm ane Nebucadnetsar a, ui-san-trant-de moun ki sòti Jérusalem;
30nan venn-twazyèm ane a Nebucadnetsar a, Nebuzaradan, chèf kò gad yo te pote an egzil sèt-san-karann-senk Jwif. Nonb de moun antou te kat-mil moun.
31Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane egzil Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, sou venn-senkyèm jou a mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan premye ane règn li a, te montre favè li a Jojakin, wa Juda a, e te lage li nan prizon. 32Konsa, li te pale dousman avèk li e te mete twòn li pi wo pase twòn a wa ki te avèk li Babylone yo. 33Konsa, Jojakin te chanje rad prizonye li a, e te pran repa li nan prezans a wa a pandan tout rès jou lavi li yo. 34Pou okipe li, li te resevwa yon pòsyon nòmal chak jou pandan tout rès jou lavi li, jis rive jou li te mouri an.

Did you know?
The Fall of Jerusalem and the Fate of the Kings
- Riblah in the land of Hamath served as the military headquarters of King Nebuchadnezzar during his campaign against Judah. There, King Zedekiah was judged and blinded after witnessing the execution of his sons, and key Judean leaders, including the priests Seraiah and Zephaniah, were put to death.Sources: the Bible text itself · Riblah · Zedekiah · Zephaniah
- The chapter details the dismantling of the sacred bronze furnishings of the temple, including the two massive pillars and the bronze Sea made in the time of King Solomon. Nebuzaradan, captain of the guard, carried this bronze along with gold and silver articles to Babylon.Sources: the Bible text itself · Solomon · Nebuzar-adan
- The book concludes with the release of King Jehoiachin after thirty-seven years of Babylonian imprisonment. King Evil-merodach treated him kindly, provided him with royal garments, and granted him a regular place at the king's table for the rest of his life.Sources: the Bible text itself · Jehoiachin
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 3, 4, 5, 12, 13, 14, 29
- Babylon · 32.543, 44.422 · verses 3, 4, 9, 10, 11, 12, 15, 17, 26, 27, 28, 31, 32, 33, 34
- Arabah · 30.417, 35.151 · verse 7
- Chaldea · 30.962, 46.104 · verses 7, 8, 14, 17
- Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 8
- Hamath · Today: Hama · 35.136, 36.750 · verses 9, 27
- Riblah · Today: Rableh · 34.460, 36.573 · verses 9, 10, 26, 27
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org