Jeremiah 43
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Men la menm Jérémie, ke SENYÈ a, Bondye pa yo a, te voye a, te fin pale tout pèp la tout pawòl a SENYÈ a, Bondye pa yo a—— sa vle di, tout pawòl sila yo—— 2Azaria, fis a Hosée, Jochanan, fis a Karéach e tout mesye ògeye yo te di a Jérémie: “W ap bay manti! SENYÈ a, Bondye nou an, pa t voye ou di: ‘Nou p ap antre Égypte pou rete la’. 3Men se Baruc, fis a Nérija a, k ap chofe ou kont nou pou livre nou nan men a Kaldeyen yo, pou yo menm mete nou a lanmò, oswa ekzile nou Babylone.”
4Pou sa, Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf lame yo, ak tout pèp la, pa t obeyi vwa SENYÈ a pou rete nan peyi Juda a. 5Men Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame yo te pran tout retay a Juda yo, ki te retounen soti nan tout nasyon kote yo te konn chase yo rive, pou yo ta ka rete nan peyi Juda a— 6mesye yo, fanm yo, timoun yo, fi a wa yo, e chak moun ke Nebuzaradan, chèf a kò gad la te kite avèk Guedalia, fis a Achikam nan ak granpapa a Schaphan, ansanm ak Jérémie, pwofèt la e Baruc, fis a Nérija a. 7Epi yo te antre nan peyi Égypte la paske yo pa t obeyi a vwa SENYÈ e yo te rive jis Tachpanès.
8Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie nan Tachpanès. Li te di: 9“Pran kèk nan gwo wòch nan men ou, e sere yo nan mòtye nan pave brik ki nan antre palè Farawon ki nan Tachpanès la, devan zye a kèk nan Jwif yo. 10Epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va voye chache Nebucadnetsar, wa Babylone nan sèvitè Mwen an, e Mwen va plase twòn li byen dirèk anwo wòch sila ke m te kache yo; epi li va ouvri gwo abri wayal pa l anwo yo. 11Anplis, li va vin frape peyi Égypte la. Sila ki te fèt pou mouri va mouri; sila pou prizon yo, va vin anprizone, e sila ki pou nepe yo, va jwenn nepe. 12Epi Mwen va mete dife sou tanp dye Égypte yo, li va brile yo e soti avèk yo kon prizonye. Li va vlope li menm ak peyi Égypte kon yon bèje vlope kò l ak vètman li, e li va sòti la, ansekirite. 13Anplis, li va kraze nèt imaj an wòch Beth-Schémech yo, ki nan peyi Égypte la, epi tanp dye a Égypte yo, li va brile yo ak dife.”’”

Did you know?
Flight to Egypt and Prophecy at Tahpanhes
- When Jeremiah warned the survivors to stay in Judah, leaders such as Johanan son of Kareah and Azariah son of Hoshaiah rejected the message, accusing the prophet of lying and claiming that his secretary Baruch was turning him against them. Disobeying the divine instruction, they forced the entire remnant, including Jeremiah and Baruch, to flee to Egypt as far as Tahpanhes.Sources: the Bible text itself · Baruch · Johanan
- At Tahpanhes, God instructed Jeremiah to bury large stones in the clay of the brick pavement at the entrance of Pharaoh's palace. This prophetic act announced that King Nebuchadnezzar of Babylon would invade Egypt and place his royal throne and pavilion directly over those embedded stones.Sources: the Bible text itself · Tahpanhes
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Egypt · 30.129, 31.308 · verses 2, 7, 10, 11, 12, 13
- Babylon · 32.543, 44.422 · verses 3, 10
- Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 3
- Tahpanhes · Today: Tell Defenneh · 30.861, 32.171 · verses 7, 8, 9
- Heliopolis · Today: Ain Shams · 30.129, 31.308 · verse 13
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org