Jeremiah 41
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Nan setyèm mwa Ismaël, fis a Nethania a, fis a Élischama, manm fanmi wayal la, e youn nan chèf prensipal a wa yo, ansanm ak dis mesye te rive Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam nan. Pandan yo t ap manje pen ansanm nan Mitspa, 2Ismaël, fis a Nethania a ak dis mesye ki t ap manje avèk li yo te leve e te touye Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ak nepe, e te mete a lanmò sila ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a. 3Ismaël, anplis, te frape touye tout Jwif ki te avè l yo, sa vle di ak Guedalia nan Mitspa, menm ak Kaldeyen ki te la yo, mesye lagè yo.
4Alò, li te rive nan pwochen jou apre lanmò a Guedalia a, lè pèsòn pa t konnen anyen sou sa, 5ke katre-ven gason te sòti Sichem, Silo ak Samarie avèk bab yo retire nèt ak razwa, ak rad yo chire e kò yo blese, ofrann ak lansan nan men yo pou pote lakay SENYÈ a. 6Epi Ismaël, fis a Nethania a, te sòti Mitspa pou rankontre yo e li t ap kriye nan wout la; epi pandan li te rankontre yo, li te di yo: “Vin kote Guedalia, fis a Akchikam nan!” 7Malgre sa, li te rive ke lè yo te antre anndan vil la, Ismaël, fis a Nethania a ak mesye ki te avè l yo te touye yo e jete yo nan sitèn nan. 8Men dis nan mesye ki te pami yo te di a Ismaël: “pa mete nou a lanmò, paske nou gen depo ble, lòj, lwil ansanm ak siwo myèl ki kache nan chan an.”
Akoz sa, li te ralanti e pa t mete yo ansanm ak zanmi parèy yo a lanmò. 9Alò, konsènan sitèn kote Ismaël te jete tout kadav a mesye ke li te touye akoz Guedalia yo, se te sila ki te bati pa wa Asa a pou Baescha, wa Israël la; Ismaël, fis a Nethania a, te plen li ak moun mouri yo.
10Epi Ismaël te pran an kaptif tout retay ki te Mitspa yo, fi a wa yo ak tout moun ki te rete Mitspa yo, ke Nebuzaradan, chèf gad la, te mete sou chaj Guedalia, fis a Achikam nan. Konsa Ismaël, fis a Nethania a, te pran yo an kaptif e te pati pou janbe kote fis a Ammon yo.
11Men Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf a fòs lame ki te avèk li yo te tande afè mechanste ke Ismaël, fis a Nethania a, te fè a. 12Pou sa, yo te pran tout mesye yo pou te ale goumen ak Ismaël, fis a Nethania. Yo te rankontre li akote gwo basen ki Gabaon an. 13Alò, la menm tout moun ki te avèk Ismaël yo te wè Jochanan, fis a Karéach la ak chèf lame ki te avèk li yo. Konsa, yo te kontan. 14Tout moun ke Ismaël te pran kaptif soti Mitspa yo te vire retounen pou te ale kote Jochanan, fis a Karéach la. 15Men Ismaël, fis a Nethania a, te chape nan men Jochanan ak uit mesye pou te rive kote fis a Ammon yo.
16Epi Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf fòs lame ki te avèk li yo te pran soti Mitspa tout sila nan retay moun ke li te reprann soti nan men Ismaël, fis a Nethania a, lè l te fin touye Guedalia, fis a Achikam nan— ki vle di mesye ki te sòlda yo, fanm yo, timoun yo, ak enik ke li te mennen retounen soti Gabaon an. 17Yo te ale rete Gerut-Kimham, toupre Bethléem, pou yo te ka ale an Égypte, 18akoz Kaldeyen yo. Yo te krent yo, akoz Ismaël, fis a Nethania a, te touye Guedalia, fis a Achikam nan, ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a.

Did you know?
The Assassination of Gedaliah and Flight from Mizpah
- Ishmael son of Nethaniah was a member of the royal family who opposed Babylonian rule. He came with ten men to Mizpah under the guise of sharing a meal, where he assassinated Gedaliah, the governor appointed by the king of Babylon, along with his Judean and Chaldean associates.Sources: Ishmael · Gedaliah · the Bible text itself
- The cistern where Ishmael dumped the bodies of the murdered pilgrims from Shechem, Shiloh, and Samaria had historical military origins. It had been constructed centuries earlier by King Asa of Judah for defense against King Baasha of Israel.Sources: Asa · Baasha · the Bible text itself
- After Ishmael seized the survivors at Mizpah to take them to Ammon, Johanan son of Kareah intercepted him at the great pool in Gibeon and freed the captives. Fearing Babylonian retaliation for the murder of the governor, Johanan and the remaining Judeans prepared to flee to Egypt.Sources: Johanan · Gibeon · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Babylon · 32.543, 44.422 · verses 2, 18
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 5
- Samaria · 32.276, 35.195 · verse 5
- Shechem · Today: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · verse 5
- Shiloh · Today: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · verse 5
- Ammon · 31.955, 35.934 · verses 10, 15
- Gibeon · Today: El Jib · 31.847, 35.183 · verses 12, 16
- Bethlehem · 31.704, 35.208 · verse 17
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 17
- Geruth Chimham · Today: within 5 km of Bethlehem · 31.704, 35.208 · verse 17
- Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 18
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org