Jeremiah 37
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, Sédécias, fis a Josias ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè wa nan peyi Juda a, te renye kon wa nan plas a Jeconia, fis a Jojakim nan. 2Men ni li menm, ni sèvitè li yo, ni pèp peyi a te koute pawòl SENYÈ a, ke li te pale pa Jérémie, pwofèt la.
3Men wa Sédécias te voye Jucal, fis a Schélémia a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, kote Jérémie, pwofèt la. Li te di: “Souple, priye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou menm.”
4Alò, Jérémie te toujou ap sikile pami pèp la, paske yo potko mete l nan prizon. 5Antretan, lame Farawon an te gen tan sòti an Égypte; epi lè Kaldeyen ki t ap fè syèj Jérusalem yo te tande rapò de yo a, yo te leve syèj la sou Jérusalem.
6Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie, pwofèt la e te di: 7“Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Konsa nou va di a wa Juda a, ki te voye nou kote m pou mande konsèy la: “Gade byen, lame Farawon ki te vin parèt pou bannou asistans lan va retounen nan pwòp peyi li an Égypte. 8Kaldeyen yo va retounen pou goumen kont vil sa a, e yo va pran l pou brile l ak dife.”’”
9“Konsa pale SENYÈ a: ‘Pa twonpe tèt nou pou nou di: “Kaldeyen yo vrèman va kite nou”, paske vrèman, yo pa prale. 10Paske menm si nou te bat tout lame Kaldeyen ki t ap goumen kont nou yo e te gen sèlman moun blese ki rete pami yo, yo chak nan tant pa yo, yo ta soulve e brile vil sa a ak dife.’”
11Alò, li te vin rive ke lè lame Kaldeyen an te leve syèj Jérusalem nan akoz lame Farawon an, 12ke Jérémie te sòti deyò Jérusalem pou ale nan peyi Benjamin pou l ta ka pran posesyon a yon tèren pami pèp la. 13Pandan li te kote Pòtay Benjamin an, yon kapitèn nan gad la ki te rele Jireija, fis a Schélémia, fis a Hanania a, te la. Li te arete Jérémie, pwofèt la e te di: “W ap vin apiye Kaldeyen yo!”
14Men Jérémie te di: “Manti! Mwen p ap apiye Kaldeyen yo”. Men li te refize koute li. Konsa, Jireija te arete Jérémie e te mennen li kote ofisye yo. 15Ofisye yo te fache ak Jérémie. Yo te bat li e yo te anprizone li lakay Jonathan, grefye a, ke yo te sèvi pou prizon.
16Lè Jérémie te fin rive nan donjon an, sa vle di, yon chanm prizon, li te rete la pandan anpil jou. 17Konsa, Wa Sédécias te voye retire li. Nan palè li, wa a an sekrè te kesyone l. Li te mande: “Èske gen yon pawòl ki sòti nan SENYÈ a?”
Jérémie te reponn: “Wi, genyen!” Epi li te di: “Ou va livre nan men wa a Babylone nan.”
18Anplis, Jérémie te di a Wa Sédécias: “Nan ki fason mwen te peche kont ou an, oswa kont sèvitè ou yo, oswa kont pèp sa a, pou ou te mete m nan prizon an? 19Alò, ki kote pwofèt ki te pwofetize devan ou ye, ki t ap di: ‘Wa Babylone nan p ap parèt kont nou, ni kont peyi sa a’? 20Men koulye a, souple, koute mwen, O mèt mwen, e wa mwen: souple, kite demann mwen an rive devan ou, e pa fè m retounen lakay Jonathan, grefye a, pou mwen pa mouri la.”
21Epi Wa Sédécias te pase lòd e yo te pase lòd selon Jérémie pou l rete nan lakou kay gad la. Yo te bay li yon pen ki sòti nan lari boulanje a, jiskaske tout pen nan vil la te fini nèt. Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad la.
Did you know?
Jeremiah's Warning and Arrest During the Siege
- During the Babylonian siege of Jerusalem, the approach of Pharaoh's Egyptian army prompted the Chaldeans to withdraw temporarily. While this retreat raised false hopes in Judah, Jeremiah warned King Zedekiah that the Egyptian forces would return home and the Babylonians would return to capture and burn the city.Sources: the Bible text itself · Zedekiah
- Jeremiah was arrested at the Gate of Benjamin by the guard commander Irijah, who accused him of deserting to the Babylonians when the prophet was merely traveling to the territory of Benjamin to attend to personal property. Despite his denial, officials beat him and confined him in a dungeon inside the house of Jonathan the scribe.Sources: the Bible text itself · Gate of Benjamin · Jeremiah
- King Zedekiah questioned Jeremiah secretly in the palace and, after hearing the prophet's plea not to be returned to the scribe's dungeon, ordered him transferred to the courtyard of the guard and supplied with a daily loaf of bread from the bakers' street.Sources: the Bible text itself · Zedekiah
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Babylon · 32.543, 44.422 · verses 1, 17, 19
- Chaldea · 30.962, 46.104 · verses 5, 8, 9, 10, 13, 14
- Egypt · 30.129, 31.308 · verses 5, 7
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 5, 11, 12
- Benjamin Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 13
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org