Jeremiah 25
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pawòl ki te rive kote Jérémie konsènan tout pèp a Juda a, nan katriyèm ane a Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, (ki te nan premye ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan), 2ke Jérémie, pwofèt la, te pale a tout pèp Juda a e a tout moun ki te rete Jérusalem yo. Li te di: 3Depi nan trèzyèm ane Josias, fis a Amon an, wa Juda a, menm rive nan jou sa a, pandan venn-twazan sila yo, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Konsa, mwen te pale avèk nou; mwen te leve bonè pou pale ak nou, men nou pa t koute, ni nou pa t panche zòrèy nou pou tande.
4SENYÈ a te voye bannou tout sèvitè Li yo ak pwofèt yo. Li te leve bonè pou voye yo, men nou pa t koute, ni panche zòrèy nou pou koute, 5Li te di: “Vire koulye a nou tout e kite wout mechan nou, mechanste a zak nou yo pou vin rete nan peyi ke SENYÈ a te bannou ak papa zansèt nou yo pou tout tan, jis rive pou tout tan. 6Pa mache dèyè lòt dye pou sèvi e adore yo, ni pa pwovoke M a lakòlè ak zèv men nou yo. Konsa, Mwen p ap fè nou okenn mal.”
7“Sepandan, nou pa t janm koute Mwen,” deklare SENYÈ a: “pou nou ka pwovoke m a lakòlè ak zèv men nou yo, jis rive nan pwòp donmaj nou.”
8Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Akoz nou pa t obeyi pawòl Mwen yo, 9gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan. 10Anplis, Mwen va retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan. 11Tout peyi sa a va vin yon dezolasyon ak yon gwo laperèz, e nasyon sa yo va sèvi wa Babylone nan pandan swasann-dis ane.”
12“Konsa, li va vin rive ke lè swasann-dis ane vin fini, Mwen va pini wa Babylone nan ak nasyon sa a,” deklare SENYÈ a: “pou inikite pa yo. Pou peyi Kaldeyen yo, Mwen va fè li vin yon dezolasyon nèt jis pou tout tan. 13Mwen va fè rive sou peyi sa a tout pawòl Mwen ke Mwen te pwononse kont li, tout sa ki ekri nan liv sa a, ke Jérémie te fè kon pwofesi kont tout nasyon sa yo. 14(Paske, anpil nasyon ak gwo wa va fè yo vin esklav, menm yo menm. Konsa, Mwen va rekonpanse yo selon zèv yo.)”
15Paske SENYÈ a, Bondye Israël la di mwen: “Pran tas diven kòlè sa a soti nan men Mwen, e fè tout nasyon kote Mwen voye ou yo bwè l. 16Yo va bwè, kilbite e vin fou akoz nepe ke Mwen va voye pami yo.”
17Konsa, mwen te pran tas la nan men SENYÈ a, e mwen te fè tout nasyon sou sila SENYÈ a te voye mwen yo, bwè l: 18Jérusalem ak vil Juda yo, wa pa li yo ak prens li yo, pou fè yo vin detwi nèt, yon gwo laperèz, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon madichon, jis jan sa ye jodi a; 19Farawon, wa Égypte la, sèvitè li yo, prens li yo ak tout pèp li a; 20epi tout etranje yo, tout wa peyi Uts yo, tout wa peyi Filisten yo, menm Askalon, Gaza, Ékron, ak sila ki rete Asdod yo; 21Édom, Moab ak fis Ammon yo; 22epi tout wa Tyr yo, tout wa Sidon yo ak wa peyi kot ki lòtbò lanmè yo; 23Dedan ak Théma, ak Buz e tout sila ki koupe kwen cheve yo; 24epi tout wa Arabie yo ak tout wa a pèp etranje ki rete nan dezè yo; 25epi tout wa Zimri yo, tout wa a Élam yo ak tout wa a Médie yo; 26epi tout wa nò yo, ni pre, ni lwen, youn avèk lòt; epi tout wayòm latè ki sou sifas tè a. Wa Schéschac la va bwè apre yo.
27“Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Bwè, vin sou, vomi, tonbe e pa leve ankò akoz nepe ke Mwen va voye pami nou an.”’
28Epi li va vin rive ke si yo refize pran tas la nan men ou pou bwè, alò ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Anverite, nou va bwè! 29Paske gade byen, Mwen ap kòmanse fè yon zèv k ap yon kalamite nan vil sa a, ki rele pa non Mwen an. Èske nou dwe konplètman chape anba pinisyon? Nou p ap chape anba pinisyon, paske Mwen ap fè apèl nepe a kont tout sila ki rete sou latè yo”, deklare SENYÈ dèzame yo.”’
30“Akoz sa, ou va pwofetize kont yo ak tout pawòl sa yo. Ou va di yo:
‘SENYÈ a va gwonde fò depi anwo;
vwa l va eksprime depi nan abitasyon sen li an.
Li va gwonde ak pwisans kont bann mouton pa li an.
Li va rele fò tankou sila k ap foule rezen yo,
kont tout sila ki rete sou latè yo.
31Yon zen va rive soti nan dènye ekstremite latè,
akoz SENYÈ a gen yon kont pou regle ak tout nasyon yo.
Li va antre nan jijman ak tout chè yo.
Pou mechan yo, li va livre yo a nepe,’” deklare SENYÈ a.
32Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Gade byen, mal la va sòti vin parèt de nasyon a nasyon,
e yon gwo tanpèt va tòde jis rive nan pwent pi lwen de mond lan.
33Sila ki touye pa SENYÈ yo nan jou sa a va soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt la. Yo p ap kriye pou yo, vin ranmase yo, ni antere. Yo va tankou fimye bèt sou sifas latè.
34Kriye fò, nou menm k ap fè bèje yo;
rele anmwey!
Woule kò nou nan sann,
nou menm ki mèt a bann mouton yo;
paske jou a masak nou yo ak egzil la fin rive,
e nou va tonbe kon veso pi chwazi a.
35Sove ale p ap posib pou bèje yo.
Mèt bann mouton yo p ap chape.
36Tande kri a bèje yo,
ak plent a mèt bann mouton yo.
Konsa, SENYÈ a ap detwi patiraj yo,
37Epi pak mouton lapè yo tonbe an silans,
akoz gwo kòlè SENYÈ a.”
38Li soti nan kote kachèt Li yo kon lyon an,
paske peyi yo te devni yon gwo laperèz
akoz gwo vyolans nepe k ap oprime,
e akoz gwo raj a kòlè Li.

Did you know?
Seventy Years of Exile and the Cup of Wrath
- The prophecy is specifically dated to the fourth year of King Jehoiakim of Judah, coinciding with the first year of Nebuchadnezzar king of Babylon. Jeremiah remarks that he had been persistently delivering God's warnings for twenty-three years, beginning in the thirteenth year of King Josiah.Sources: the Bible text itself · Jeremiah · Jehoiakim · Nebuchadnezzar
- This chapter introduces the prominent prophecy that Judah and neighboring nations would serve the king of Babylon for seventy years. The text also foretells that once those seventy years were completed, Babylon itself and the land of the Chaldeans would be punished and reduced to desolation.Sources: the Bible text itself · Babylon
- The judgment vision extends far beyond Judah through the symbol of a cup of wrath given to many surrounding peoples. These included Egypt, the Philistine cities of Ashkelon, Gaza, and Ashdod, as well as regional neighbors such as Edom and Moab.Sources: the Bible text itself · Ashdod · Ashkelon · Gaza
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Babylon · 32.543, 44.422 · verses 1, 9, 11, 12, 14
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 18, 29
- Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 12
- Egypt · 30.129, 31.308 · verses 19, 20
- Ashdod · Today: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · verse 20
- Ashkelon · Today: Tel Ashkelon · 31.664, 34.546 · verse 20
- Ekron · Today: Tel Miqne · 31.777, 34.852 · verse 20
- Gaza · Today: Tell Harube · 31.504, 34.464 · verse 20
- Ammon · 31.955, 35.934 · verse 21
- Edom · 30.746, 35.604 · verse 21
- Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verse 21
- Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verse 22
- Tyre · 33.271, 35.196 · verse 22
- Tema · Today: Tayma · 27.630, 38.552 · verse 23
- Arabia · Today: Arabian Peninsula · 23.000, 46.000 · verse 24
- Elam · 32.189, 48.258 · verse 25
- Media · 34.806, 48.516 · verse 25
- Sheshach · Today: Babylon · 32.543, 44.422 · verse 26
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org