Nations Bible

Jeremiah 14

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Sa se pawòl SENYÈ a a Jérémie konsènan gwo sechrès la:

2Juda kriye ak doulè

e pòtay li yo vin abandone.

Yo chita atè pou fè dèy e kri Jérusalem vin monte.

3Prens pa yo te voye sèvitè yo chache dlo.

Yo rive nan sitèn yo,

men nanpwen dlo.

Yo te retounen ak veso yo vid.

Yo te vin wont, imilye e yo te kouvri tèt yo.

4Akoz tè sèch la vin fann,

akoz pa t gen lapli sou peyi a;

kiltivatè yo te vin wont.

Yo te kouvri tèt yo.

5Wi, menm femèl sèf nan chan an

fè pitit pou kite yo.

Nanpwen zèb.

6Bourik mawon yo kanpe sou kolin sèch yo.

Y ap rale soufle fò tankou chen mawon.

Zye yo vin febli, paske nanpwen anyen ki vèt.

7Malgre inikite nou yo temwaye kont nou,

O SENYÈ, aji pou koz a non Ou!

Rebelyon nou anpil.

Nou te peche kont Ou.

8O Espwa Israël la,

Sovè li nan tan gwo twoub la,

poukisa Ou tankou yon etranje nan peyi a?

Oswa yon vwayajè ki te monte tant li lannwit?

9Poukisa Ou tankou yon nonm twouble,

tankou yon nonm pwisan ki pa kapab bay sekou?

Malgre sa, Ou nan mitan nou, O SENYÈ e nou vin rele pa non Ou;

pa abandone nou!

10Konsa pale SENYÈ a a pèp sa a:

“Malgre yo tèlman renmen egare;

yo pa t kenbe pye yo nan bon kontwòl.

Akoz sa, SENYÈ a pa aksepte yo.

Koulye a, li sonje inikite yo.

Li fè yo rannkont pou peche yo.”

11Pou sa, SENYÈ a te di m: “Pa fè lapriyè nan favè a pèp sa a. 12Lè yo fè jèn, Mwen p ap koute kri yo; epi lè yo ofri ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo. Pito Mwen va fè yo disparèt ak nepe, ak gwo grangou, bèt ak maladi k ap ravaje chan yo.”

13Men “A, Senyè, BONDYE a!” Mwen te di: “Gade, pwofèt yo ap di yo: ‘Ou p ap wè nepe, ni gwo grangou, men se lapè k ap rete nèt nan plas sa a.’”

14Konsa, SENYÈ a te di Mwen: “Pwofèt yo ap pwofetize sa ki fo nan non Mwen. Mwen pa t voye yo, ni kòmande yo, ni pale avèk yo. Y ap pwofetize yon vizyon ki fo, prediksyon, sa ki san enpòtans, ak manti k ap sòti nan pwòp panse pa yo. 15Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’, ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo! 16Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe. P ap menm gen moun ki pou antere yo—ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo—paske Mwen va vide pwòp mechanste pa yo sou yo.

17“Ou va di yo pawòl sa a:

‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen

e pa kite dlo yo sispann;

Paske fi vyèj a pèp mwen an

te kraze ak yon gran brèch,

ak yon blesi byen grav.

18Si mwen ale andeyò peyi a,

gade byen, tout sila ki mouri ak nepe yo!

Oswa si mwen antre nan vil la,

gade byen, maladi ak gwo grangou!

Paske pwofèt la, ak prèt la tou te fè ale vini

nan yon peyi ke yo pa t menm konnen.’”

19Èske Ou te rejte Juda nèt?

Oswa èske Ou te rayi Sion?

Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou vin pa ka geri?

Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini;

pou yon tan pou nou ta ka geri,

men gade byen, se gwo laperèz!

20Nou konnen mechanste nou yo, O SENYÈ,

inikite a papa zansèt nou yo,

paske nou te peche kont Ou.

21Pa meprize nou, pou koz a pwòp non Ou:

pa kite twòn a glwa ou a dezonore.

Sonje e pa kraze akò Ou avèk nou.

22Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli?

Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo?

Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an?

Akoz sa, nou mete espwa nan Ou,

paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Great Drought and False Prophets

  • The chapter opens with a description of a severe drought across Judah, depicting servants sent by nobles to find water only to return with dry jars, while farmers cover their heads in despair over the cracked soil.Sources: the Bible text itself
  • Jeremiah laments the influence of false prophets in Jerusalem who assured the people of peace and immunity from disaster, though God states He did not send them and that sword and famine would consume them.Sources: the Bible text itself · Jeremiah · Jerusalem
  • In his plea for the stricken land, Jeremiah highlights that worthless foreign idols cannot produce rain, affirming that only the God of Israel has the power to send showers and fulfill His covenant.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 16, 21
  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 19

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.