Judges 3
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, sila yo se nasyon ke SENYÈ a te kite pou sèvi kòm eprèv pou Israëlit yo ki potko konn fè lagè avèk Kananeyen yo. 2Konsa li konn rive ke jenerasyon a fis Israël ki pa t konn fè lagè, ta kapab enstwi. 3Nasyon sa yo se: senk prens nan nasyon Filisten yo, tout Kananeyen yo, Sidonyen yo ak Evyen ki te rete nan Mòn Liban yo, soti nan Mòn Baal-Hermon, jis rive nan Lebo-Hamath. 4Yo te pou pase a leprèv Israël, pou dekouvri si yo ta obeyi kòmand ke SENYÈ a te kòmande zansèt yo pa Moïse. 5Fis Israël yo te rete pami Kananeyen yo, Etyen ak Jebizyen yo, Amoreyen yo, Ferezyen yo ak Evyen yo. 6Yo te pran fi pa yo pou yo menm kòm madanm, yo te bay pwòp fi yo a fis pa yo, e yo te sèvi dye pa yo. 7Fis Israël yo te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a, e yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a pou te sèvi Baal avèk Aseroth yo. 8Alò, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël jiskaske Li te vann yo nan men a Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie a. Konsa, fis Israël yo te sèvi Cuschan-Rischeathaïm pandan uit ane.
9Lè fis Israël yo te vin kriye fò a SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou delivre yo, Othniel, fis a Kenaz la, ti frè a Caleb la. 10Lespri SENYÈ a te vini sou li pou li te jije Israël lè li te sòti pou fè lagè. SENYÈ a te livre Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie an, nan men l, e li te vin genyen sou Cuschan-Rischeathaïm. 11Alò, peyi a te vin gen repo pandan karant ane, men Othniel, fis a Kenaz la, te vin mouri.
12Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a ankò. Pou sa, SENYÈ a te ranfòse Églon, wa Moab la, kont Israël, akoz yo te fè mal nan zye SENYÈ a. 13Li te ranmase a li menm fis a Ammon yo, avèk Amalek. Konsa, li te ale bat Israël pou yo te posede vil pye palmis yo. 14Fis Israël yo te sèvi Églon, wa Moab la, pandan dizuit ane.
15Men lè fis Israël yo te vin kriye fò bay SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou yo, Éhud, fis a Guéra a, Benjamit lan, yon nonm goche. Konsa, pa li menm, fis a Israël yo te voye kòb angajman yo bay Églon, wa Moab la. 16Éhud te fè pou kont li yon nepe avèk lam file de bò, yon koude nan longè e li te mare li nan kwis dwat li, anba manto li. 17Li te prezante kòb angajman an bay Églon, wa Moab la. Alò, Églon te yon mesye byen gra. 18Li te vin rive ke lè li te fin prezante kòb la, li te fè moun pa l yo ki te pote don an sòti. 19Men li menm te vire sòti kote zidòl ki te Guilgal yo, e te di: “Mwen gen yon mesaj sekrè pou ba ou, O Wa.” Epi li menm wa a te di: “Rete an silans.” Epi tout sila ki te sèvi li yo te pati. 20Éhud te vin vè li pandan li te chita sèl nan chanm twati fre li a. Epi Éhud te di li: “Mwen gen yon mesaj ki sòti nan Bondye pou ou.” Li te leve sou chèz li a. 21Konsa, Éhud te lonje men goch li, te pran nepe a soti nan kwis dwat li e te pase l nèt travèse vant li. 22Manch lan osi te antre anndan l apre lam nan e grès te vin kouvri sou lam nan; paske li pa t retire nepe a sòti nan vant li e salte vant lan te vin sòti ladann. 23Alò, Éhud te sòti sou galeri gran chanm nan, te fèmen pòt a chanm twati dèyè li yo, e li te kadnase yo.
24Lè l te fin sòti, sèvitè li yo te vin gade; epi vwala, pòt a chanm twati yo te kadnase. Konsa yo te di: “L ap sèlman okipe bezwen li nan chanm fre a.” 25Yo te tann jiskaske yo te vin twouble, men gade byen, li pa t vin ouvri pòt a chanm twati a. Pou sa, yo te pran kle a pou te louvri yo, epi gade byen, mèt yo a te tonbe atè a mouri nèt. 26Alò, Éhud te chape pandan yo te mize a. Li te pase kote zidòl yo e te chape rive Seïra. 27Li te vin rive ke lè li te parèt, li te soufle twonpèt peyi ti kolin Éphraïm yo. Konsa, fis Israël yo te vin desann avè l soti nan peyi ti kolin yo, e li menm te ale devan yo. 28Li te di yo: “Kouri dèyè yo, paske SENYÈ a gen tan livre lènmi nou yo, Moabit yo, nan men nou.” Epi yo te desann dèyè yo pou te sezi yo kote Jourdain ki anfas Moab la, e yo pa t kite pèsòn janbe. 29Yo te frape fè tonbe nan tan sa a anviwon di-mil Moabit. Yo tout te gason vanyan e fò. Nanpwen ki te chape. 30Konsa, Moab te soumèt nan jou sa a anba men Israël. Epi peyi a pa t gen boulvèsman ankò pandan katre-ven ane.
31Apre li te vin Schamgar, fis a Anath la, ki te frape fè tonbe sis-san Filisten avèk yon baton ki pou pouse bèf kabwa. Li menm tou te libere Israël.

Did you know?
The First Judges and Deliverance
- Othniel, the son of Caleb's younger brother Kenaz, is introduced as the first judge of Israel. He delivered the people from the eight-year oppression of Cushan-rishathaim, king of Aram-naharaim (Mesopotamia), leading to forty years of peace.Sources: Othniel · Chushan-rishathaim · the Bible text itself
- Ehud, a left-handed Benjamite, concealed a double-edged dagger a cubit long under his clothing on his right thigh. This allowed him to surprise Eglon, the king of Moab, who had allied with Ammon and Amalek and occupied the City of Palms (Jericho) for eighteen years.Sources: Ehud · Eglon · the Bible text itself
- Following Ehud, Shamgar son of Anath is recorded as delivering Israel by striking down six hundred Philistines using an oxgoad, a sharp pole commonly used in agriculture to drive livestock.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Canaan · 32.767, 35.333 · verse 1
- Mount Baal-hermon · Today: Mount Hermon · 33.400, 35.850 · verse 3
- Mount Lebanon · 34.300, 36.116 · verse 3
- Mesopotamia · Today: Aram-naharaim · 36.864, 39.033 · verses 8, 10
- Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verses 12, 14, 15, 17, 28, 29, 30
- Amalek · 30.648, 34.422 · verse 13
- Ammon · 31.955, 35.934 · verse 13
- City of Palms · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 13
- Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 13
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 26, 28
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org