Nations Bible

Judges 17

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, te gen yon nonm nan peyi ti kolin Ephraïm yo ki te rele Mica. 2Li te di a manman l: “Onz-mil pyès ajan ke yo te retire nan men ou yo, sou sila yo ou te bay madichon ke mwen te tande a, veye byen, ajan an avè m; se mwen ki te pran l.” Epi manman l te di: “Beni ou ye, fis mwen, pa SENYÈ a.”

3Konsa, li te retounen onz-san pyès ajan an bay manman l, e manman l te di: “Mwen dedye ajan an soti nan men mwen nèt bay SENYÈ a, pou fis mwen an, pou fè yon imaj taye ak yon imaj ki fonn; alò, pou sa, mwen va retounen yo ba ou.”

4Konsa, lè li te fin retounen ajan an bay manman l, manman l te pran de-san pyès ajan an, li te bay yo a yon bòs fonn ajan, ki te fè avèk yo, yon imaj taye. Yo te rete lakay Mica.

5Epi nonm nan, Mica, te gen yon lye sakre, li te fè yon efòd avèk zidòl lakay yo, e li te konsakre youn nan fis li yo pou ta kapab sèvi kòm prèt li. 6Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Chak moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa l. 7Alò, te gen yon jennonm ki te soti Bethléhem nan Juda, nan fanmi Juda a, ki te yon Levit. Li te rete la. 8Konsa, nonm sa a te pati nan vil la, soti nan Bethléhem nan Juda pou ale rete nenpòt kote ke li ta kab twouve. Epi pandan li t ap fè vwayaj la, li te rive nan peyi ti kolin Ephraïm yo, vè lakay Mica. 9Mica te mande li: “Se kibò ou sòti?”

Li te reponn li: “Mwen se yon Levit ki soti Bethléhem nan Juda, epi mwen pral rete nenpòt kote ke m twouve.”

10Alò, Mica te di li: “Vin rete avè m pou vin yon papa ak yon prèt anvè mwen. Mwen va ba ou dis mòso ajan pa ane, yon vètman ak pran swen ou.” Konsa, Levit la te antre. 11Levit la te vin antann avèk nonm nan e jennonm nan te vin pou li tankou youn nan fis li yo. 12Alò, Mica te konsakre Levit la; jennonm nan te vin prèt li e li te rete lakay Mica. 13Konsa, Mica te di: “Koulye a, mwen konnen ke SENYÈ a va fè m reyisi; paske mwen gen yon Levit kòm prèt.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Micah's Domestic Shrine

  • Micah, a man from the hill country of Ephraim, set up a private shrine containing carved and cast silver images, an ephod, and household idols. He initially ordained one of his own sons as his priest before hiring a traveling Levite to manage his shrine.Sources: the Bible text itself · Micah
  • The narrative notes that there was no king in Israel during those days and everyone did what was right in their own eyes. This account serves to illustrate the lawlessness and religious confusion of the period before the monarchy.Sources: the Bible text itself · Micah
  • A wandering Levite from Bethlehem in Judah agreed to serve as Micah's priest in exchange for food, clothing, and an annual wage of ten shekels of silver.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Bethlehem · 31.704, 35.208 · verses 7, 8, 9

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.