Nations Bible

Judges 15

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Men pita, pandan rekòlt ble a, Samson te vizite madanm li avèk yon jenn kabrit. Li te di: “Mwen va antre vè madanm mwen nan chanm li.”

Men papa li pa t kite li antre. 2Papa li te di li: “Mwen te konnen ke ou te tèlman rayi li; epi pou sa, mwen te bay li a zanmi ou an. Èske pi jenn sè li a pa pi bèl pase li? Souple, kite li vin pou ou nan plas li.”

3Samson te di a yo: “Fwa sa a, mwen p ap gen tò anvè Filisten yo lè m fè yo mal.” 4Samson te ale kenbe twa-san rena. Li te pran tòch yo, e te vire yo mare ke a ke, e li te mete yon tòch nan mitan chak de ke yo. 5Lè l te fin limen tòch yo, li te lage rena yo nan chan sereyal Filisten yo, e te brile pakèt sereyal yo ak ble, ansanm avèk chan rezen avèk lòt chan bwa fwi.

6Konsa, Filisten yo te di: “Kilès ki te fè sa?”

Yo te reponn: “Samson, bofi a Timnyen an, akoz li te pran madanm li pou te bay li a konpanyen li.” Pou sa, Filisten yo te monte e te brile ni madanm nan, ni papa li avèk dife.

7Samson te di yo: “Akoz n ap aji konsa, mwen va vrèman pran vanjans sou nou, men apre sa, m ap sispann.” 8Li te frape yo byen di avèk yon gwo masak; epi li te desann pou te viv nan krevas wòch la nan Étam. 9Alò, Filisten yo te monte fè kan nan Juda e te vin gaye nan Léchi.

10Mesye Juda yo te di: “Poukisa nou vin monte kont nou?”

Yo te di: “Nou te monte pou mare Samson dekwa ke nou kab fè l menm bagay ke li te fè nou an.”

11Epi twa-mil lòm Juda te desann vè krevas wòch la nan Étam, e yo te di Samson: “Èske ou pa konnen ke Filisten yo gen tout fòs sou nou? Poukisa, konsa, ou vin fè nou sa?”

Epi li te di yo: “Menm jan yo te fè m nan, se konsa mwen te fè yo.”

12Yo te di li: “Nou te vin isit la pou mare ou pou nou kapab livre ou nan men Filisten yo.” Epi Samson te di yo:

“Sèmante a mwen ke nou p ap touye mwen.”

13Yo te di li: “Non, men nou va mare ou nèt e livre ou nan men yo; men anverite, nou p ap touye ou.” Yo te mare li avèk de kòd nèf e te mennen li monte soti nan wòch la.

14Lè li te rive nan Léchi, Filisten yo te rele fò pandan yo t ap rankontre li. Epi Lespri SENYÈ a te vini sou li avèk pouvwa, jiskaske kòd sou bwa li yo te vin tankou pay len ki brile ak dife e kòd yo te tonbe sòti nan men li. 15Li te twouve yon zo a machwè bourik fre. Konsa, li te lonje pran l e li te touye mil lòm avèk li. 16Alò, Samson te di: “Avèk machwè a yon bourik, pil sou pil; avèk machwè a yon bourik, mwen te touye yon milye moun.” 17Lè l te fin pale, li te jete machwè a sòti nan men l; epi plas sa a te rele Ramath-Léchi.

18Alò, li te vin swaf. Li te rele a SENYÈ a e li te di: “Ou te bay delivrans pa men sèvitè Ou e, koulye a, mwen va mouri ak swaf e tonbe nan men a ensikonsi yo?”

19Men Bondye te fann kote vid ki nan Léchi a, e dlo te sòti ladann. Lè li te bwè, fòs li te retounen e li te reprann fòs. Pou sa, li te rele kote sa a En-Hakkoré, ki nan Léchi jis rive jodi a. 20Epi li te jije Israël pandan ventan nan jou a Filisten yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Samson's Vengeance and the Spring at Lehi

  • The place name Lehi means jawbone in Hebrew. After defeating a thousand Philistines with a fresh donkey jawbone, Samson named the site Ramath-lehi, which means jawbone height or elevation of Lehi.Sources: Lehi · Ramath-lehi · the Bible text itself
  • When Samson cried out in extreme thirst and exhaustion after his victory, God opened a hollow place in Lehi to provide water. The resulting spring was named En-hakkore, meaning fountain of the crier.Sources: En-hakkore · the Bible text itself
  • During this era of forty years of Philistine dominion, three thousand men of Judah chose to bind Samson rather than defy their Philistine rulers. Samson served as a judge in Israel for twenty years during this period of Philistine rule.Sources: Philistine Dominion · Judgeship of Samson · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Ramath-lehi · Today: Khirbet es Siyyagh · 31.749, 35.001 · verse 17

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.