Judges 10
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, apre Abimélec te fin mouri, Thola, fis a Puah a, fis a Dodo a, yon nonm Issacar, te leve pou delivre Israël. Li te rete Schamir, nan peyi ti kolin Éphraïm yo. 2Li te jije Israël pandan venn-twazan. Li te mouri e te antere Schamir.
3Apre li, Jaïr Galaadit la te leve pou te jije Israël pandan venn-dezan. 4Li te gen trant fis ki te monte sou trant bourik. Konsa, yo te gen trant vil nan peyi Galaad, ke yo rele Havvoth-Jaïr jis rive jodi a. 5Epi Jaïr te mouri e te antere Kamon.
6Alò, fis Israël yo te fè mal devan zye SENYÈ a, yo te sèvi Baal yo avèk Astarté yo, dye a Syrie yo, dye a Sidon yo, dye a Moab yo, dye a fis Ammon yo, ak dye a Filisten yo. Konsa, yo te abandone SENYÈ a e yo pa t sèvi li. 7Kòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te vann yo nan men a Filisten yo ak nan men a fis Ammon yo. 8Yo te aflije e te kraze fis Israël yo nan ane sa a. Pandan di-zuit ane, yo te aflije tout fis Israël ki te lòtbò Jourdain an nan Galaad nan peyi Amoreyen yo. 9Fis a Ammon yo te travèse Jourdain an pou yo te kab, osi, batay avèk Juda, Benjamin, avèk lakay Éphraïm. Sa te fè gwo pwoblèm pou Israël. 10Konsa, fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.”
11SENYÈ a te di a fis Israël yo: “Èske Mwen pa t delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, Amoreyen yo, fis a Ammon yo, ak Filisten yo? 12Osi, lè Sidonyen yo, Amalekit yo avèk Maonit yo te oprime nou, nou te kriye fò ban Mwen, e Mwen te delivre nou soti nan men yo. 13Malgre sa, nou te abandone Mwen pou sèvi lòt dye yo. Pou sa, Mwen p ap delivre nou ankò. 14Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.”
15Fis Israël yo te di a SENYÈ a: “Nou te peche. Fè ak nou sa ki sanble bon a Ou menm; sèlman souple delivre nou jodi a.” 16Konsa, yo te retire dye etranje sila ki te pami yo pou te sèvi SENYÈ a; epi Li pa t kab sipòte mizè Israël ankò.
17Alò fis Ammon yo te rasanble; yo te fè kan Galaad. Epi fis a Israël yo te vin rasanble pou te fè kan an Mitspa. 18Pèp la, chèf a Galaad yo te di: “Ki moun ki va ouvri batay la kont fis Ammon yo? Li menm, li va chèf sou tout pèp Galaad la.”

Did you know?
Judges in Israel and the Threat of Ammon
- After the turbulent rule of Abimelech, two lesser-known judges led Israel in succession: Tola of the tribe of Issachar, who judged for twenty-three years from Shamir in the hill country of Ephraim, and Jair the Gileadite, who judged for twenty-two years.Sources: the Bible text itself · Tola · Shamir
- Jair's family held significant prestige and regional authority east of the Jordan; his thirty sons rode on thirty donkeys and governed thirty settlements in the land of Gilead, known as Havvoth-jair.Sources: the Bible text itself · Gilead
- Following Jair's death, Israel engaged in extensive idolatry by adopting deities from surrounding peoples, including Aram, Sidon, Moab, Ammon, and Philistia, which led to eighteen years of severe oppression by the Ammonites and Philistines.Sources: the Bible text itself · Sidon · Gilead
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verses 3, 4, 8, 17, 18
- Havvoth-jair · 32.588, 35.726 · verse 4
- Ammon · 31.955, 35.934 · verses 6, 7, 9, 11, 17, 18
- Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verse 6
- Philistia · 31.664, 34.546 · verse 6
- Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verse 6
- Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verse 6
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 8, 9
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 11
- Amalek · 30.648, 34.422 · verse 12
- Maon · Today: Tel Main · 31.409, 35.134 · verse 12
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org