James 3
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pa kite anpil nan nou ansenye, frè m yo, paske nou konnen ke konsa, nou va resevwa yon jijman ki pi sevè.
2Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.
3Koulye a si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou.
4Gade menm bato yo; malgre yo trè gran e pouse pa gwo van, yo toujou dirije pa yon gouvènè tou piti nenpòt kote volonte a pilòt la pito. 5Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li vante gwo bagay.
Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti! 6Konsa lang lan se yon dife, yon vre mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
7Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan. 8Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.
9Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun ki fèt ak limaj Bondye. 10Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.
11Èske yon sous kapab koule dlo fre avèk dlo anmè nan menm bouch la? 12Èske yon pye fig frans, frè m yo, pwodwi oliv, oubyen yon pye rezen pwodwi fig? Ni dlo sale pa kapab pwodwi dlo fre.
13Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
14Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
17Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.

Did you know?
The Tongue and Wisdom from Above
- The chapter opens by urging that not many should become teachers, since those who teach will be judged more strictly. It adds that everyone stumbles in many ways, and that anyone never at fault in what he says would be a perfect person, able to control the whole body.Sources: the Bible text itself
- The chapter compares the tongue to small things with large effects: bits in horses’ mouths guide the whole animal, and a very small rudder steers a large ship driven by strong winds. A small spark, it adds, sets a great forest ablaze. The tongue is called a small part of the body that boasts of great things, a fire no one can tame, even though people tame animals, birds, reptiles, and sea creatures.Sources: the Bible text itself
- The same mouth, the chapter says, both blesses the Lord and Father and curses people made in God’s likeness, and it says this should not be. It asks whether fresh and salt water can flow from the same spring, whether a fig tree can grow olives, or a grapevine bear figs. Wisdom from above is described as pure, peace-loving, gentle, and full of mercy, while jealousy and selfish ambition are linked with disorder and with wisdom called earthly, unspiritual, and demonic.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org