Isaiah 57
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Moun dwat la peri,
men pèsòn pa pran sa a kè.
Sila ak mizerikòd vin retire,
men pèsòn pa konsidere
ke moun dwat la retire pou anpeche mal la rive l.
2Li antre nan lapè.
Chak antre nan pwòp kabann pa l;
tout sila ki te mache dwat nan chemen li yo.
3“Men vini isit la, nou menm fis a yon manbo,
desandan a yon fanm adiltè ak yon pwostitiye.
4Se kont kilès nou fè plezi a?
Kont kilès nou ouvri bouch nou laj
e lonje lang nou an?
Se pa desandan a rebèl nou ye,
ak pòtè a desepsyon?
5Kap limen tèt nou pami bwadchenn yo,
anba tout gwo bwa vèt,
ki fè masak timoun yo nan ravin yo,
anba fenèt wòch gwo falèz yo?
6Pami wòch swa nan ravin nan se pòsyon pa w;
pou yo menm ou te voye osò a.
Menm pou yo menm, ou te vide yon ofrann bwason.
Ou te fè yon ofrann sereyal.
Èske M ta dwe ralanti konsènan bagay sa yo?
7Sou yon gwo mòn byen wo, ou te fè kabann ou.
Anplis, se la, ou te monte pou ofri sakrifis.
8Dèyè pòt la ak chanbrann pòt la, ou te fè monte souvni ou;
ou te ouvri ou menm a yon lòt sof ke mwen.
Konsa, ou te monte.
Ou te ale fè kabann ou byen laj.
Konsa ou te antann ou avèk yo.
Ou te byen renmen sa ou te wè sou kabann yo.
9Ou te ale kote wa a ak lwil,
e ou te ogmante pafen ou yo;
ou te voye mesaje ou yo rete lwen,
e te degrade ou menm jis rive nan Sejou mò yo.
10Ou te fatige akoz wout ou te long,
men ou pa t di: ‘Nanpwen espwa.’
Ou te jwenn fòs renouvle.
Ou pa t febli menm.
11De kilès ou te pè e twouble a,
ki fè w manti pou w pa sonje Mwen an,
ni menm panse a Mwen an?
Èske Mwen pa t rete an silans pou anpil tan
ki fè ou pa gen lakrent Mwen an?
12Mwen va deklare ladwati ou ak zèv ou yo,
men yo p ap nan avantaj ou.
13Lè ou vin kriye fò, kite zidòl ou yo delivre ou.
Men van an va pote yo ale.
Yon souf va rale yo monte.
Men sila ki kache nan Mwen an va eritye peyi a.
Li va posede mòn sen Mwen an.”
14Li va di: “Fè l monte, fè l monte, prepare chemen an!
Retire obstak la ki nan wout pèp Mwen an.”
15Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,
Sila ki viv jis pou tout tan an,
non a Li se Sila ki Sen an, pale:
“Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,
anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb,
pou fè leve lespri a enb yo,
e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.
16Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan,
ni se pa pou tout tan ke M ap fache a;
paske lespri a ta vin fèb devan M,
ak nanm a sila ke M te fè yo.
17Akoz inikite gwo lanvi li,
Mwen te fè kòlè, e Mwen te frape li.
Mwen te kache figi Mwen; Mwen te fache.
Konsa li te kontinye regrese nan wout kè l te pran an.
18Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, M ap geri li;
Mwen va mennen li e restore konsolasyon
a li menm ak sila k ap lamante pou li.
19Mwen kreye fwi a lèv yo:
“Lapè, lapè, pou sila ki lwen yo,
ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di:
“Epi Mwen va geri yo.”
20Men mechan yo tankou lanmè k ap boulvèse.
Li p ap ka kalme, e dlo yo
rale fè monte fatra ak labou.
21“Nanpwen lapè” Bondye Mwen an di:
“pou mechan yo”.

Did you know?
Idolatry Denounced and Comfort for the Contrite
- The chapter sharply rebukes specific idolatrous practices, including pagan rites beneath sacred oaks, ritual drink offerings poured out to smooth stones in valleys, and child sacrifices offered in the clefts of the rocks.Sources: the Bible text itself
- In contrast to distant deities, the text presents the eternal and holy God as choosing to dwell not only in a high and holy place, but also among the lowly, oppressed, and contrite in spirit to restore and heal them.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org