Isaiah 54
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1“Chante, O esteril la!
Ou menm ki pa t kapab fè pitit!
Eklate nan yon gwo kri lajwa, e kriye fò,
ou menm ki pa t gen doulè ansent lan!
Paske fis fanm abandone an va depase fis a
fanm ki marye yo”, SENYÈ a di.
2“Agrandi anplasman tant ou;
lonje rido lakay ou, pa ralanti!
Fè kòd yo pi long e fòtifye pikèt yo.
3Paske ou va gaye toupatou, ni adwat, ni agoch.
Konsa, desandan ou yo va posede nasyon yo.
Yo va rete ankò nan vil abandone yo.”
4“Pa pè, paske ou p ap vin wont.
Pa santi ou imilye, paske ou p ap desi.
Ou p ap sonje wont jenès ou
ak repwòch tankou vèv.
Sa va bliye nèt.
5Paske mari ou se Kreyatè ou a;
yo rele L SENYÈ dèzame yo.
Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la.
Yo rele Li Bondye a tout latè a.
6Paske SENYÈ a te rele ou
kon yon madanm abandone e atriste nan lespri,
menm kon yon madanm nan jenès li
lè l abandone,” di Bondye ou.
7“Pou yon ti tan kout, Mwen te kite ou;
men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou.
8Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman,
men ak lanmou dous ki p ap janm fini an,
Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.
9“Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo.
Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo pa ta janm inonde latè ankò,
konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou,
ni ke Mwen p ap repwoche nou.
10Paske mòn yo kapab deplase,
e kolin yo ka disparèt,
men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.
Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,”
di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.
11O sila ki aflije a, balote pa tanpèt la e san konsolasyon an;
gade byen, Mwen va monte bijou ou ak bon kòl
ki fèt pou bijou bèl koulè yo,
epi fondasyon ou yo va poze ak pyè safì.
12Anplis, Mwen va fè ranpa ou ak bijou ribi,
pòtay nou yo ak pyè kristal,
e tout miray ou yo ak pyè presye.
13Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a;
pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.
14Nan ladwati, ou va etabli;
ou va rete lwen opresyon,
paske ou p ap gen lakrent.
Ou p ap gen gwo laperèz, paske li p ap pwoche ou.
15Si nenpòt moun atake ou, se pa kote M sa va sòti.
Nenpòt moun ki atake ou va tonbe akoz ou menm.
16“Gade byen, se Mwen menm ki te kreye bòs fòjewon
ki pou soufle dife chabon an,
e fè sòti yon zam pou travay li.
Mwen te kreye destriktè a pou l ka detwi.
17Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi;
epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo.
Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo.
Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.

Did you know?
The Covenant of Peace and Restoration
- Isaiah uses the imagery of enlarging a tent—lengthening ropes and driving stakes deep—to portray a barren and desolate woman making room for an unexpected multitude of descendants.Sources: the Bible text itself
- The text links God's enduring kindness to the days of Noah, recalling the oath that floodwaters would never again submerge the earth to assure that this covenant of peace will never be removed.Sources: the Bible text itself · Noah
- The chapter describes an afflicted, storm-tossed city being rebuilt with rare beauty, picturing its stones set in antimony, its foundations laid with sapphires, and its pinnacles made of rubies.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org