Nations Bible

Isaiah 44

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1“Men koulye a, koute, O Jacob, sèvitè Mwen an;

Israël ke M te chwazi a.

2Konsa pale SENYÈ ki te fè ou a,

ki te fòme ou soti nan vant lan,

ki va bay ou soutyen,

k ap di: ‘Pa pè, O Jacob, sèvitè Mwen an;

ak ou menm Israël ke M te chwazi a.

3Paske Mwen va vide dlo sou yon tè ki swaf

e vwa dlo sou tè ki sèch.

Mwen va vide Lespri M sou ras ou

e benediksyon sou desandan ou yo;

4konsa, yo va vin vòltije pami zèb

kon bwa akote sous dlo.’

5Sila a va di: ‘Mwen pou SENYÈ a;’

epi lòt la va rele sou non Jacob;

epi yon lòt va ekri sou men l:

‘Apatyen a SENYÈ a’,

epi va nonmen non Israël ak respè.

6Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la,

ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo:

Mwen se premye a e Mwen se dènye a;

nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.

7Se kilès ki tankou Mwen? Kite li pwoklame e deklare sa;

Wi, kite li pale M sa an lòd.

Depi lè ke M te etabli ansyen nasyon an.

Epi kite yo deklare a yo menm bagay

k ap vini yo ak evenman ki va rive yo.

8Pa tranble, pa pè.

Èske depi lontan, Mwen pa t anonse sa a nou menm

e te demontre nou sa?

Konsa, nou se temwen M.

Èske gen okenn Bondye sof ke Mwen menm?

Anverite, nanpwen!

Mwen pa konnen okenn lòt Wòch.”

9Sila ki fè yon imaj taye yo, tout se pou ryen.

Sa ke yo bay enpòtans yo, pa gen benefis.

Menm pwòp temwen pa yo pa wè ni konnen.

Yo pa ka menm vin wont.

10Se kilès ki te fòme yon dye,

oswa te fè yon zidòl fonn ki san benefis?

11Gade byen, tout zanmi l yo va vin wont,

paske bòs atizan yo menm se sèlman lòm.

Kite yo rasanble yo menm,

kite yo kanpe,

kite yo tranble,

kite yo tout ansanm vin wont.

12Moun nan fòme bout fè a pou fè yon zouti pou koupe.

Yon travay ki fèt sou chabon limen.

Li fòme li ak mato,

e travay li ak bra li ki fò.

Anplis, li vin grangou e pèdi fòs;

li pa bwè dlo e li vin fatige.

13Yon lòt taye bwa, li mezire li ak mèt mezi;

li trase sou li ak lakrè wouj.

Li travay li ak rif la, trase l ak konpa

e fè li sanble ak fòm a yon moun,

tankou bèlte a lòm,

pou l ka plase li anndan yon kay.

14Anverite, li koupe bwa sèd yo pou kont li,

pran yon bwa pichpen oswa yon bwadchenn

e leve li pou kont li pami bwa forè yo.

Li plante yon bwa pen e lapli fè l grandi.

15Epi li devni yon bagay pou moun ka brile.

Li pran kèk nan li pou l ka chofe

e anplis, fè dife pou kwit pen. Anplis li fè yon dye epi l adore l.

Li fè li yon imaj taye e li tonbe ba devan l.

16Mwatye li, li brile nan dife;

sou mwatye sa a, li manje vyann

pandan li kwit yon gwo mòso e li satisfè.

Anplis, li chofè kò l epi di: “Aha, koulye a mwen fin chofe ase; mwen te wè dife a.”

17Men rès la, li sèvi pou fòme yon dye, imaj taye pa li.

Li tonbe ba devan l pou adore l; anplis,

li priye a li menm e di: “Delivre m, paske se ou ki dye mwen.”

18Yo pa konnen, ni yo pa konprann,

paske Li te fèmen zye yo pou yo pa wè

e kè yo pou yo pa konprann.

19Nanpwen moun ki sonje, ni pa gen konesans

ni konprann pou l ta di:

“Mwen te brile mwatye li nan dife a

e anplis, mwen te kwit pen sou chabon li.

Mwen boukannen vyann, e mwen manje li.

Èske m ap fè rès la vin yon abominasyon?

Èske mwen va tonbe ba devan yon bout bwa!”

20L ap manje sou sann yo.

Yon kè ki twonpe te mennen l sou kote.

Li p ap kapab delivre nanm li menm.

Ni li pa mande:

“Èske pa gen manti nan men dwat mwen?”

21“Sonje bagay sa yo, O Jacob e Israël,

paske ou se sèvitè Mwen, O Israël.

Mwen p ap janm bliye ou.

22Mwen te efase transgresyon ou yo

tankou yon nwaj byen pwès,

ak peche ou yo tankou yon nwaj.

Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou.”

23Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa!

Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo!

Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo,

O forè ak tout pyebwa ki ladann yo;

paske SENYÈ a te rachte Jacob,

e an Israël,

Li va devwale glwa Li.

24Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè ou a

e sila ki te fè ou soti nan vant lan:

“Mwen, SENYÈ a, se Kreyatè a tout bagay,

Mwen te lonje ouvri syèl yo pou kont Mwen,

e Mwen te lonje ouvri latè, Mwen sèl Mwen;

25ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo;

ki te devwale divinò yo tankou moun fou,

ki te fè mesye saj yo rale fè bak,

pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli;

26ki te konfime pawòl a sèvitè Li a

e te acheve bi a mesaje Li yo.

Se Mwen menm ki di de Jérusalem:

Li va gen moun ladann!’ Epi a vil a Juda yo:

‘Yo va bati.’

Konsa, Mwen va fè leve mazi li yo ankò.

27Se Mwen menm ki pale a fon lanmè a: ‘Vin sèch,’

e Mwen va fè rivyè ou yo vin sèk.

28Se Mwen menm ki di de Cyrus:

‘Li se bèje Mwen, epi li va acheve tout volonte mwen.’

Li va deklare a Jérusalem: ‘Li va bati,’

e de tanp lan: ‘Fondasyon ou yo va poze.’”

Did you know?

The True God, False Idols, and Cyrus

  • Isaiah 44 contains a detailed critique of idolatry, illustrating the irony of crafting deities from wood. A carpenter cuts down a tree and burns half of it to bake bread, roast meat, and keep warm, while carving the remaining portion into an image and praying to it for deliverance.Sources: the Bible text itself
  • The chapter concludes with a specific prophecy naming Cyrus as God's shepherd who would command the rebuilding of Jerusalem and the laying of the temple's foundations. Cyrus, king of Persia, conquered Babylon in 538 BC and issued the historical decree permitting the Jews to return and rebuild.Sources: Cyrus · the Bible text itself
  • God addresses the people using both the ancestral names Jacob and Israel, as well as the title Jeshurun. Despite the flawed human beginnings traced back to the patriarch Jacob, the text assures them that God will blot out their sins like a cloud and pour His Spirit on their descendants.Sources: Jacob (Israel) · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 26, 28

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.