Nations Bible

Isaiah 41

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1“Peyi kot lanmè yo, koute Mwen an silans

e kite pèp yo renouvle fòs yo.

Kite yo vin parèt pa devan,

konsa, kite yo pale.

Annou reyini ansanm pou fè jijman.

2Kilès ki te fè leve youn k ap soti nan lès?

Kilès ki te rele li vin kanpe a pye nan ladwati a?

Li livre nasyon yo devan li e Li fè wa yo soumèt;

li fè yo tankou pousyè ak nepe li,

tankou pay k ap chase pa van devan banza li.

3Li kouri dèyè yo, e Li pase san danje,

menm nan yon chemen kote li pa t konn pase ak pye li.

4Se kilès ki te fè sa a e ki te acheve li;

ki te rele fè parèt tout jenerasyon yo soti nan kòmansman?

Mwen, SENYÈ a, se premye a ak dènye a. Mwen se Li.”

5Peyi kot yo te wè e yo gen lakrent;

dènye pwent latè yo tranble.

Yo rapwoche; yo rive.

6Chak moun ap ede vwazen li.

Yo di a frè yo: “Pran kouraj!”

7Konsa, bòs atizan an ankouraje bòs fonn metal la.

Sila ki fè metal vin poli ak mato a

ankouraje sila k ap bat fè a.

Li di a sila k ap soude a: “Li bon”.

Li kloure li ak klou pou l rete nan plas li.

8Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an,

Jacob ke M te chwazi a,

desandan Abraham nan, zanmi Mwen an;

9ou menm, ke M te pran soti nan tout ekstremite latè yo,

e te rele soti nan kote pi izole yo pou te di ou:

‘Ou se sèvitè Mwen. Mwen te chwazi ou

e Mwen pa t rejte ou.’

10Pa pè, paske Mwen avèk ou.

Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

Mwen va fòtifye ou.

Anverite Mwen va bay ou sekou.

Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

men dwat Mwen.

11Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo

va vin wont e dezonore.

Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi

se pa anyen e yo va peri.

12Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,

men ou p ap jwenn yo.

Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi

se pa anyen e yo p ap egziste ankò.

13Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

ki soutni men dwat Ou,

ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.

14“Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la,

nou menm mesye Israël yo.

Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a.

“Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.

15Gade byen, Mwen te fè ou vin yon zouti tounèf,

byen file tou de bò, pou kraze vannen rekòlt la.

Ou va vannen mòn yo, kraze yo fen,

e fè kolin yo vin tankou pay.

16Ou va vannen yo;

van an va pote yo ale e tanpèt va gaye yo.

Men ou va rejwi nan SENYÈ a;

ou va fè lwanj Sila Ki Sen an Israël la.

17Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen;

lang yo sèch ak swaf la.

Mwen menm, SENYÈ a, va reponn yo.

Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo.

18Mwen va ouvri rivyè yo sou wotè ki vid yo

ak sous nan mitan vale yo.

Mwen va fè dezè a vin yon letan dlo,

e tè sèch la yon fontèn dlo.

19Mwen va plase pye sèd nan dezè a,

pye akasya, ak pye jasmen ak pye doliv.

Mwen va mete pye pichpen nan dezè a ansanm ak pye bwadòm;

20pou yo ka wè, vin rekonèt,

reflechi e ranmase bon konprann ansanm,

ke men SENYÈ a te fè sa,

ke Sila Ki Sen an Israël te kreye li a.

21“Prezante ka nou yo”, pale SENYÈ a.

“Pote gwo diskou nou yo”, pale Wa a Jacob la.

22Mennen fè yo vin parèt

e deklare a nou menm sa ki va rive!

Epi pou evenman lontan yo, deklare kisa

yo te ye, pou nou ka konsidere yo,

e konnen kijan y ap sòti.

Oswa, anonse a nou menm sa k ap vini an.

23Deklare bagay ki va vin rive apre yo,

pou nou ka konnen ke se dye nou ye.

Anverite, fè byen, oswa fè mal, pou nou ka

gade toupatou ansanm ak kè twouble.

24Gade byen, nou pou ryen e zèv nou yo pa pou anyen.

Sila ki pito nou an se yon abominnasyon.

25Mwen te fè leve yon moun soti nan nò e li vin parèt;

depi nan solèy leve a, li va rele non Mwen;

li va vini sou chèf yo, kon sou mòtye,

tankou bòs kanari mache sou ajil.

26Se kilès ki te deklare sa depi nan kòmansman an,

pou nou ta ka konnen?

Oswa depi tan ansyen yo, pou nou ta kapab di: “Li se vrè”?

San dout, pa t gen moun ki te deklare sa;

san dout, pa t gen moun ki te pwoklame sa;

san dout, pa t gen moun ki te tande pawòl sila yo.

27Mwen se premye pou di a Sion:

‘Men vwala, men yo la;’

epi a Jérusalem: ‘Mwen va voye yon mesaje bòn nouvèl’.

28Men lè M gade, nanpwen pèsòn e pa gen konseye pami yo,

ki, si M te mande, ta kapab bay yon repons.

29Gade byen, yo tout fo. Zèv yo san valè.

Imaj fonn yo se van ak konfizyon.

Did you know?

The Sovereign God and the Trial of Idols

  • In Isaiah 41, the Lord summons the coastlands and nations to a courtroom assembly, challenging pagan deities to predict future events or perform deeds to prove their divinity (Isaiah 41:1, 21–24). The passage also satirizes the manufacturing of idols, describing metalworkers and craftsmen hastily encouraging one another and nailing down carved statues so they will not topple over (Isaiah 41:6–7).Sources: the Bible text itself
  • God addresses Israel as His chosen servant and the offspring of Abraham, whom He calls 'My friend' (Isaiah 41:8). Although Israel is addressed as small and fragile—likened to a worm—the text offers comfort, promising divine presence, help, and the miraculous flourishing of water and trees across parched desert heights (Isaiah 41:10, 14, 17–19).Sources: Abraham · Jacob (Israel) · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 27
  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 27

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.