Nations Bible

Isaiah 32

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Gade byen, yon wa va renye ak ladwati

e prens yo va renye ak jistis.

2Yon nonm va tankou yon abri kont van

ak yon pwotèj kont tanpèt,

tankou sous dlo nan yon peyi sèch,

tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.

3Alò, zye a sila ki wè yo, p ap vin avegle;

zòrèy a sila ki tande yo, va koute.

4Kè a sila ki aji san reflechi a va konprann verite,

e lang lan a sila ki bege a va pale klè.

5Li p ap rive ankò ke yo rele moun fou, prens;

ni rele vakabon, moun bon kè.

6Paske moun fou a pale foli,

e kè li apiye vè mechanste:

pou fè sa ki kont Bondye

e pale mal kont SENYÈ a,

pou kenbe moun grangou a san satisfè,

e pou anpeche moun swaf la bwè.

7Pou vakabon an, zam li se mechanste.

Li fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang,

malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon.

8Men sila ki prens toujou fòme plan ki bèl;

epi pa bèl plan an, ap kanpe.

9Leve ou menm, O fanm ki alèz e tande vwa mwen!

Prete zòrèy a pawòl mwen, fi ki alèz, san pwoblèm yo.

10Nan yon ane ak kèk jou, nou va twouble,

O fi ki san pridans yo;

paske, afè fwi diven an va fini,

ni rekòlt la p ap rive.

11Tranble, fanm alèz yo;

twouble, nou menm ki san pridans!

Retire rad nou, dezabiye nou

e mete twal sak nan senti nou.

12Bat lestomak nou pou bèl chan jaden yo,

pou chan ki plen ak fwi rezen yo.

13Anplispou peyi a pèp mwen an,

kote pikan ak raje va pouse monte;

wi pou tout kay plen ak jwa yo

ak gran vil kè kontan yo.

14Paske palè a vin vid,

e gran vil plen moun yo vin abandone.

Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan,

yon plezi pou bourik mawon,

yon patiraj pou bann mouton yo;

15jiskaske Lespri a vide sou nou soti anwo,

epi savann nan vin fè yon chan fètil,

e chan fètil la va vin konsidere kon yon forè.

16Nan lè sa a lajistis va demere nan dezè a

e ladwati nan chan fètil la.

17Epi zèv ladwati a va lapè,

e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans

k ap dire jis pou tout tan.

18Nan lè sa a, pèp mwen an va viv nan yon abitasyon lapè,

ak sekirite ki san twoub nan plas repo san pwoblèm.

19Malgre lagrèl tonbe kraze forè a, e gran vil la va vin devaste nèt.

20A la beni nou va beni,

nou menm ki simen akote tout dlo yo,

ki lage pye bèf ak bourik la.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Righteous King and the Outpouring of the Spirit

  • The chapter opens with the promise of a king and princes who rule with righteousness and justice, acting as shelters from the storm and shade in a parched land. In contrast to oppressive scoundrels and fools who exploit the hungry and poor, noble leaders devise honorable plans.Sources: the Bible text itself
  • Isaiah issues a sharp warning to complacent women in Jerusalem, predicting agricultural failure and the desolation of pleasant fields, palaces, and watchtowers within a year.Sources: the Bible text itself
  • The period of abandonment is described as lasting until the Spirit is poured out from on high, which transforms the barren wilderness into a fertile orchard and produces enduring peace, security, and quiet confidence.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.