Nations Bible

Isaiah 29

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Malè a Ariel! Ariel, vil kote David yon fwa te fè kan an! Ogmante lane sou lane, obsève fèt ou yo nan lè yo. 2Mwen va mennen gwo pwoblèm sou Ariel e li va vin yon vil gwo doulè ak lamantasyon. Pou Mwen, li va tankou yon lotèl k ap brile a. 3Mwen va fè kan kont ou e antoure ou. Mwen va monte aparèy syèj kont ou e fè yo monte fò batay kont ou. 4Konsa ou va vin bese. Se jis nan tè a, pale ou va bougonnen depi nan pousyè. Vwa ou va, anplis, tankou yon vwa a yon lespri, konsi ou konnen l deja, k ap soti nan tè a. Se konsa pawòl ou yo va chichote soti nan pousyè a.

5Men fòs kantite a lènmi ou yo va devni tankou pousyè fen e fòs kantite a mechan san prensip yo va tankou pay k ap vannen ale. Sa va fèt nan yon moman; sibitman. 6Li va vizite pa SENYÈ dèzame yo. Li va pini yo ak tonnè, tranbleman detè, gwo bri, toubiyon ak tanpèt ak flanm dife a ki manje tout bagay. 7Konsa, fòs kantite a tout nasyon ki va fè lagè kont Ariel yo, menm tout moun ki fè lagè kont li ak gwo fò li yo ak sila ki bay li gwo twoub, sa va devni tankou yon rèv, yon vizyon nan nwit. 8Sa va tankou lè yon nonm grangou fè rèv—e gade byen, l ap manje. Men lè l leve nan dòmi a, gade byen, li toujou fèb e grangou; li pa satisfè. Oswa lè yon nonm swaf fè rèv—epi gade byen, l ap bwè, men lè l leve li toujou fèb, e swaf la pa t satisfè. Se konsa kantite tout nasyon ki fè lagè kont Mòn Sion yo va ye.

9Pran reta epi tann! Avegle tèt nou pou nou avèg! Yo vin sou, men pa avèk diven; yo kilbite, men pa akoz bwason fò. 10Paske SENYÈ a te vide sou nou, yon lespri pwofon somèy. Li te fèmen zye nou menm, pwofèt yo, e Li te kouvri tèt nou menm, konseye yo. 11Tout vizyon va pou nou tankou pawòl a yon liv ki fèmen ak so. Lè yo bay li a yon moun ki konn li, yo di l: “Souple, li sa a.” Men li va di: “Mwen pa kapab, paske li fèmen ak so.” 12Konsa liv la va bay a sila ki pa ka li, e y ap di l: “Souple, li sa a.” Epi li va di: “Mwen pa kapab li.”

13Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè, 14pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.”

15Malè a sila ki kache plan yo byen fon pou SENYÈ a pa wè, e ki fè zak yo nan fènwa a, e y ap di: “Se kilès ki wè nou?” Oswa “Se kilès ki rekonèt nou?” 16Ou chavire bagay la nèt! Èske sila ki fè kanari a ta dwe konsidere egal ak ajil la, pou sa ki te fèt la, ta ka di a sila ki fè li a: “Li pa t fè mwen”; oswa sa ki te fòme a ta ka di a sila ki te fòme li a: “Li pa konprann anyen?”

17Èske se pa yon ti kras tan ki rete ankò avan Liban vin transfòme an yon chan fètil, e chan fètil la va konsidere kon yon forè? 18Nan jou sa a, moun soud yo va tande pawòl a liv la e zye avèg yo va wè sa ki te kon fènwa ak tenèb. 19Anplis, moun enb yo va fè kè yo pi kontan ak SENYÈ a, e malere yo pami moun yo va rejwi nan Sila Ki Sen an Israël la. 20Paske moun san pitye yo va rive nan fen yo, e mokè yo va disparèt. Anverite, tout moun ak lentansyon fè mal, va vin koupe retire nèt— 21sila ki pou valè a yon sèl pawòl, rele moun nan tribinal la, epi fè pyèj pou sila ki korije moun nan pòtay la, e ak fwod, rache dwa inosan an ak fo temwayaj.

22Akoz sa a, SENYÈ a ki te rachte Abraham nan, di konsènan lakay Jacob: “Jacob p ap ankò vin wont, ni figi li vin pal. 23Men lè li wè pitit li yo, zèv men Mwen yo nan mitan li, yo va sanktifye non Mwen. Anverite, yo va sanktifye non a Sila Ki Sen a Jacob la, e va kanpe byen etone devan Bondye Israël la. 24Anplis, sila ki fè tò nan panse yo, va konnen verite a, e sila ki kritike yo va resevwa enstriksyon.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Siege and Restoration of Ariel

  • The name Ariel is used symbolically in this passage for Jerusalem, the city where King David once encamped. The term is also associated with an altar hearth for burnt offerings, picturing the city undergoing intense siege and distress before its sudden deliverance.Sources: Ariel · David · the Bible text itself
  • Isaiah compares the spiritual insensibility of the people to a sealed scroll that the literate cannot open and the illiterate cannot read. He condemns those who reverse the natural order by acting as though the clay could question the potter who formed it.Sources: the Bible text itself
  • The chapter promises a dramatic reversal in which the great mountain region of Lebanon becomes a fertile orchard. In that day, the descendants of Jacob and Abraham are promised understanding, joy, and justice as the blind see and the deaf hear.Sources: Lebanon · Abraham · Jacob (Israel) · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Ariel · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 2, 7
  • City of David · 31.774, 35.236 · verse 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 3
  • Mount Zion · 31.772, 35.229 · verse 8
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 17

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.