Isaiah 13
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pwofesi konsènan Babylon ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè a.
2Leve yon drapo sou mòn toutouni an! Leve vwa nou vè yo! Fè sign ak men pou yo ka antre nan pòt a prens yo! 3Mwen te pase lòd anvè konsakre Mwen yo; menm gran gèrye Mwen yo. Mwen te rele sila ki rejwi nan pwisans Mwen yo, pou egzekite kòlè Mwen. 4Yon bri a gwo zen sou mòn yo, tankou bri anpil moun! Yon son a gwo bri nan wayòm yo; son a nasyon yo ki vin rasanble ansanm! SENYÈ dèzame yo ap rasanble lame a pou batay. 5Yo sòti nan yon peyi byen lwen, soti nan ekstremite pi lwen yo, SENYÈ a avèk zouti a gwo kòlè Li yo, pou detwi tout peyi a.
6Rele anmwey, paske jou SENYÈ a toupre! Li va rive tankou yon destriksyon k ap sòti nan Toupwisan an. 7Akoz sa, tout men yo va tonbe san fòs e kè a tout moun va fann. 8Y ap vin pè anpil; doulè ak gwo lapèn va sezi yo nèt. Yo va vire tòde tankou fanm k ap akouche; youn va gade lòt ak sezisman. Figi yo k ap fè flanm dife. 9Gade byen, jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo. 10Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li. 11Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a. 12Mwen va fè lòm mòtèl la vin pi ra pase lò san tach, e limanite ke lò Ophir. 13Pou sa, Mwen va fè syèl yo tranble e latè va fin souke jiskaske li kite plas li nan kòlè a SENYÈ dèzame yo nan jou kòlè Li k ap anflame a. 14Konsa li va rive ke menm tankou yon antilop k ap chase, oswa mouton san moun pou rasanble yo, yo chak va vire vè pwòp pèp yo, e yo chak va sove ale rive nan pwòp peyi yo. 15Nenpòt moun yo rankontre, yo va frennen touye nèt, e nenpòt moun ke yo kaptire, va mouri pa nepe. 16Timoun piti pa yo, anplis, va kraze an mòso devan zye yo. Lakay yo va piyaje e madanm yo va vyole.
17Gade byen, Mwen va fè Mèdes leve kont yo; kont sila ki p ap bay ajan valè yo, ni pran plezi nan lò yo. 18Banza yo va koupe jennonm yo tankou zèb; yo p ap menm gen konpasyon pou fwi zantray la, ni zye yo p ap fè pitye pou timoun. 19Konsa, Babylone bèlte a wayòm yo, glwa ak ògèy a Kaldeyen yo, va tankou lè ke Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe a. 20Li p ap janm abite ankò, ni pèsòn p ap viv ladann soti nan yon jenerasyon a yon lòt. Arab la p ap monte tant li la, ni bèje yo p ap fè twoupo yo kouche la. 21Men se bèt sovaj dezè ki va kouche la, e lakay yo va plen jakal. Anplis, otrich va viv la e kabrit mawon k ap vòltije la. 22Chat mawon va plenyen nan fò ki wo yo, e jakal yo nan bèl palè yo. Move lè pa li a va rive ase vit e jou li yo p ap pwolonje.

Did you know?
The Judgment on Babylon
- Isaiah son of Amoz announces an oracle of impending judgment against Babylon, proclaiming that the Medes would be stirred up against it. The complete desolation of the imperial city is likened to the ancient, proverbial overthrow of Sodom and Gomorrah.Sources: the Bible text itself · Isaiah · Sodom · Gomorrah
- The prophecy describes survivors becoming scarcer than the pure gold of Ophir. Ophir was renowned across the ancient Near East for its wealth of gold, with various traditions and commentators locating it in Arabia, India, or other distant trading regions.Sources: the Bible text itself · Ophir
- Situated on the Euphrates River, Babylon was celebrated as a jewel of kingdoms and the pride of the Chaldeans. Isaiah depicts its future desolation as total, foretelling that its luxurious palaces and fortresses would be inhabited only by jackals, hyenas, and wild desert creatures.Sources: the Bible text itself · Babylon
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org