Nations Bible

Isaiah 10

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Malè a sila ki fè règleman lajistis ki pa dwat yo ak sila k ap anrejistre desizyon ki pa jis yo, 2pou rache lajistis nan men a endijan yo, vòlè dwa a moun malere yo, pou vèv ka sèvi kon piyaj pou yo, e pou yo ka piyaje òfelen yo. 3Alò, se kisa nou va fè nan jou chatiman an ak nan jou destriksyon ki va sòti byen lwen an? A kilès nou va kouri rive pou jwenn sekou? Epi se ki kote nou va lèse richès ak byen nou?

4Anyen pa p rete men y ap akwoupi pami kaptif yo oswa tonbe pami sila ki touye yo. Malgre sa, kòlè Li pa detounen e men L toujou lonje.

5Malè a Assyrie, baton kòlè Mwen an, e zouti pou kòlè Mwen an. 6Mwen voye li kont yon nasyon ki san Bondye e Mwen bay li komisyon kont pèp k ap resevwa kòlè Mwen an, pou kaptire piyaj yo, sezi byen yo, e pou foule yo anba tankou labou nan lari. 7Men se pa sa ki entansyon li; ni plan an pa konsa nan kè l. Men pito bi li se pou detwi e koupe retire nèt pami anpil nasyon. 8Paske li di: “Èske tout prens mwen yo pa wa yo? 9Èske Calno pa tankou Carkemisch, oswa Hamath pa tankou Arpad? Ni Samarie pa tankou Damas? 10Menm jan men m te rive kote wayòm a zidòl yo, ki te gen imaj taye pi gran pase sila Jérusalem ak Samarie yo, 11eske mwen p ap fè a Jérusalem ak imaj pa li yo menm jan ke m te fè a Samarie ak zidòl pa li yo?” 12Se konsa li va rive ke lè Senyè a fin akonpli tout travay Li yo sou Mòn Sion ak sou Jérusalem, Mwen va pini fwi a kè ògèy wa Assyrie a ak gwosè awogans li. 13Paske li te di: “Ak pouvwa men m ak sajès mwen, mwen te fè sa a, paske mwen gen konprann. Mwen te retire bòn a tout pèp la, mwen te piyaje tout byen yo, e tankou yon nonm pwisan, mwen te ranvèse chèf yo. 14Epi men m te lonje desann jis li rive nan richès a pèp la kon yon nich, e tankou yon moun ta ranmase ze ki abandone, se konsa mwen te ranmase tout latè. Konsa, pa t gen youn nan yo ki te bat zèl li, oswa te ouvri bèk li, ni ki te kriye.” 15Èske rach la fèt pou vin ògeye sou sila ki koupe avè l la? Èske si a konn egzalte tèt li sou sila ki manevre l la? Sa ta sanble ak yon baton ki voye sila ki leve l la, oswa tankou yon baton ki leve sa ki pa fèt ak bwa a. 16Pou sa, Senyè a, BONDYE dèzame yo, va voye yon maladi deperi moun nèt pami gèrye vanyan li yo; epi anba ògèy li, va rasanble yon dife tankou yon flanm k ap brile. 17Limyè Israël la va devni yon dife; Sila ki Sen an, yon flanm. Li va brile yo e devore pikan li yo ak raje li yo nan yon sèl jou. 18Epi Li va detwi glwa a forè ak jaden plen ak fwi li yo, ni nanm, ni kò; epi sa va tankou lè yon nonm malad vin deperi nèt e deseche nèt. 19Epi rès bwa ki rete nan forè li yo, va vin tèlman piti an kantite, ke yon timoun ta ka konte yo. 20Alò nan jou sa a, retay Israël la ak sila lakay Jacob ki te chape yo p ap janm depann de sila ki te frape yo, men va anverite depann de SENYÈ a, Sila ki sen an Israël la. 21Yon retay va retounen, retay a Jacob la, retounen kote Bondye pwisan an. 22Paske malgre pèp ou a, O Israël, kapab tankou sab lanmè, sèlman yon retay ladann va retounen. Yon destriksyon, debòde ak ladwati, fèt pou rive. 23Paske yon destriksyon konplè nan tout latè a dekrete deja, e SENYÈ dèzame yo va egzekite li. 24Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE dèzame yo: “O pèp Mwen an, ki rete Sion an, pa pè Assyrie ki frape nou ak baton an e ki leve baton l kont nou kon Ejipsyen yo te konn fè a. 25Paske nan yon tan byen kout, kòlè Mwen kont nou va fin pase, e kòlè Mwen va dirije vè destriksyon pa yo.” 26SENYÈ dèzame yo va leve yon gwo fwèt kont li tankou masak a Madian nan wòch Oreb la. Baton Li va lonje sou lanmè a e Li va leve li wo jan Li te konn fè an Égypte la. 27Konsa li va rive nan jou sa a, ke chaj Li va leve soti sou do nou, jouk Li sou kou nou, e jouk la va kraze akoz lwil onksyone a. 28Li te vini kont Ajjath, li te pase nan Migron; nan Micmasch, li te depoze bagaj li. 29Yo te pase nan lakoup lan epi te di: “Nan Guéba, nou va fè plas pou nou rete.” Rama nan laperèz nèt e Guibea a Saul la sove ale nèt. 30Kriye fò ak vwa ou, fi a Gallim nan! Fè atansyon, Laïs ak malere Anathoth! 31Madména fin sove ale. Abitan Guébim yo fin chache sekou. 32Men jodi a, li va rete Nob. Li souke ponyèt li vè mòn fi a Sion an, kolin a Jérusalem nan. 33Gade byen, SENYÈ a, BONDYE dèzame yo va koupe tout branch yo ak yon gran bri. Sa osi ki gen gran tay va koupe nèt e sila a gran wotè yo va vin bese nèt. 34Li va koupe nèt gwo rakbwa forè a ak yon rach ki fèt an fè, e Liban va tonbe akoz Toupwisan an.

Did you know?

Judgment on Assyria and the Faithful Remnant

  • The Assyrian king boasts of conquering cities such as Calno, Hamath, and Arpad before turning his sights on Samaria and Jerusalem. Arpad was a prominent Syrian city near Hamath that fell to the Assyrian Empire under Tiglath-pileser II after enduring a three-year siege.Sources: Arpad · Assyria · the Bible text itself
  • To reassure the people of Zion against Assyrian oppression, the prophecy recalls the historic defeat of Midian at the rock of Oreb. Oreb was a Midianite prince slain after Gideon routed the Midianite forces, an event remembered in Israel as a moment of sudden deliverance.Sources: Oreb · Midian · the Bible text itself
  • The chapter outlines the rapid advance of the invading army through nearby Judean settlements—such as Michmash, Geba, Ramah, and Anathoth—until stopping at Nob to shake a fist at Mount Zion. Zion was the south-eastern hill of Jerusalem that David captured to build his citadel.Sources: Zion · Jerusalem · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Assyria · 36.359, 43.153 · verses 5, 6, 7, 12, 16, 17, 18, 24, 28, 33
  • Damascus · 33.511, 36.306 · verse 9
  • Hamath · Today: Hama · 35.136, 36.750 · verse 9
  • Samaria · 32.276, 35.195 · verses 9, 10, 11
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 10, 11, 12, 32
  • Mount Zion · 31.772, 35.229 · verse 12
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verses 24, 26
  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 24, 32
  • Midian · 28.495, 35.012 · verse 26
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 34

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.