Hebrews 6
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Konsa, nan kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye, 2lenstriksyon sou lave ak poze men yo, rezirèksyon a mò yo ak jijman etènèl la. 3Tout sa nou va fè si Bondye kite l fèt.
4Paske nan ka a sila ki, yon fwa, te eklere yo, ki te goute kado selès la, ki te vin patisipan nan Lespri Sen yo, 5te goute bon pawòl Bondye a ak pouvwa a tan k ap vini an, 6e ki answit, te vin tonbe, se enposib pou renouvle yo ankò a repantans, paske yo ankò krisifye pou kont yo Fis Bondye a e ekspoze Li a lawont piblik.
7Paske tè ki bwè lapli ki tonbe souvan sou li a, e ki pote plant ki itil a sila k ap kiltive tè a, resevwa benediksyon a Bondye. 8Men si li pote pikan ak zepeng, li san valè e prèt pou vin madichonnen, e fini pa brile. 9Men byeneme yo, nou konvenk de pi bon bagay konsènan nou menm yo, bagay ki akonpanye Sali yo, malgre se konsa n ap pale.
10Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo. 11Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon espwa ranpli nan asirans konplè jiska lafen, 12pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.
13Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te sèmante pa pwòp tèt Li. 14Li te di: “Byensi Mwen va beni ou, e byensi, Mwen va miltipliye nou.” 15Konsa, nan tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.
16Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.
17Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman. 18Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an. 19Lesperans sa a ke nou gen kòm lank pou nanm nou an, yon esperans ki asire e solid, youn ki menm antre anndan vwal tanp lan, 20kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la.

Did you know?
Maturity, God's oath, and a priest forever
- A dictionary entry explains the name Abraham as "father of a multitude" and calls him the heir of the promises. Hebrews 6 quotes God's words to him, "I will surely bless you and multiply your descendants," and says that after waiting patiently he obtained the promise.Sources: Abraham · the Bible text itself
- The chapter describes an ordinary custom: people swear by someone greater than themselves, and the oath confirms what was said and ends all argument. Since there was no one greater, God swore by himself, so the heirs of the promise would see that his purpose does not change. The letter speaks of two unchangeable things in which it is impossible for God to lie, and of this hope as an anchor for the soul.Sources: the Bible text itself
- A dictionary entry gives Melchizedek's name as "king of righteousness" and calls him king of Salem. It says that all that is known of him is recorded in Genesis 14:18-20, and that the Old Testament mentions him again only in Psalm 110:4. Hebrews 6 ends with Jesus, as forerunner, entering the inner sanctuary behind the curtain and becoming a high priest forever in Melchizedek's order, a comparison the letter sets out in the next chapter, where Melchizedek is the type of a priest who lives forever.Sources: Melchisedec · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org