Habakkuk 2
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Mwen va kanpe sou pòs gad mwen, e mwen va pran pozisyon sou ranpa a. Mwen va veye san rete pou wè ki sa Li va pale avèk mwen, ak jan pou m ta reponn, selon plent mwen pote bay L.
2Konsa SENYÈ a te reponn mwen. Li te di: “Ekri vizyon an e montre li klè sou tablo, pou sila k ap kouri a, ka li l. 3Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. L ap pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, tann li; paske anverite, li va vini. Li p ap fè mize. 4Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men moun dwat la va viv pa lafwa li. 5Anplis, diven devwale yon moun ògeye, ki pa rete lakay li. L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm.
6“Èske tout moun sa yo p ap Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a sila ki ogmante sa ki pa pou li— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak chantay li yo?” 7Èske moun ki dwe w yo p ap leve sibitman? Èske yo p ap vin souleve? Anverite, ou va vin piyaj pou yo. 8Akoz ou te piyaje anpil nasyon, tout retay pèp yo va piyaje ou. L ap konsa, akoz tout san moun ki vèse ak vyolans ki fèt nan peyi a, nan vil la, ak tout moun ki rete ladann yo.
9“Malè a sila ki jwenn avantaj malonèt pou lakay li a, pou mete nich li byen wo, pou l ta ka delivre soti nan men a gwo malè! 10Ou te machinen yon gwo wont pou lakay ou nan detwi anpil pèp. Konsa, ou te peche kont pwòp nanm ou. 11Anverite, wòch la va kriye soti nan mi an, e poto travès la va reponn li.
12“Malè a sila ki bati yon vil ak san vèse, e ki fonde yon vil ak inikite! 13Anverite, èske sa pa soti nan SENYÈ dèzame yo pou moun travay di pou dife a, e nasyon yo fatige kò yo pou granmesi? 14Paske latè va ranpli ak konesans ak laglwa SENYÈ a, tankou dlo kouvri lanmè.
15“Malè a ou menm k ap fòse vwazen ou bwè, k ap mele gwòg pa w ladann, menm pou fè yo sou, pou gade toutouni yo! 16Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e wont total va ranplase laglwa ou. 17Paske vyolans ki fèt Liban an va fè ou plonje desann, ansanm ak destriksyon a bèt va bay ou gwo laperèz; akoz de san vèse a moun ak vyolans tè a, nan chak vil la ak tout sila ki rete ladann yo.
18“Ki pwofi ki gen nan zidòl la, lè mèt li fin taye l? Swa yon imaj, fòme pa yonpwofesè k ap bay manti? Paske sila menm ki te fè l la mete konfyans li nan pwòp zèv li a, lè l fòme zidòl ki bèbè. 19Malè a sila ki di a yon mòso bwa: ‘Leve!”, a yon wòch ki pa ka pale: “Kanpe!” Èske se sila a ki ka enstwi? Men gade byen, li kouvri nèt ak lò ak ajan, e pa gen okenn souf ladann. 20Men SENYÈ a la nan sen tanp Li. Ke tout tè a fè silans devan Li.”

Did you know?
The Vision on the Ramparts and the Five Woes
- Habakkuk depicts himself stationed at a guard post on the city ramparts to await God's answer. The LORD instructs him to write the vision clearly on tablets so that a herald may easily run and proclaim the message.Sources: the Bible text itself
- The chapter pronounces a series of woes against arrogant conquerors who plunder nations, build cities through bloodshed, worship lifeless idols overlaid with gold and silver, and ravage Lebanon, a prominent Syrian mountain range.Sources: Lebanon · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 17
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org