Ezra 7
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, apre bagay sila yo, nan règn Artaxerxès la, wa Perse la, te monte Esdras, fis a Seraja a, fis a Azaria a, fis a Hilkija a, 2fis a Schallum nan, fis a Tsadok la, fis a Achithub la, 3fis a Amaria a, fis a Merajoth la, 4fis a Zerachja a, fis a Uzzi a, fis a Bukki a, 5fis a Abischura a, fis a Phinées a, fis a Éléazar a, fis a Aaron an, wo prèt la. 6Esdras sila a te monte soti Babylone e li te yon skrib avèk anpil konesans nan lalwa Moïse la, ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay la. Epi wa a te bay li tout sa ke li te mande akoz men SENYÈ a, Bondye li a, te sou li. 7Kèk nan fis Israël yo avèk kèk nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, ak sèvitè tanp yo, te monte Jérusalem nan setyèm ane a Wa Artaxerxès la. 8Li te vini Jérusalem nan senkyèm mwa a, ki te nan setyèm ane règn a Wa a. 9Paske nan premye jou nan premye mwa a, li te kòmanse monte soti Babylone; epi nan premye jou nan senkyèm mwa a, li te rive Jérusalem, akoz bon men a Bondye pa li a te sou li. 10Paske Esdras te dedye kè li pou etidye lalwa SENYÈ a, pou pratike li, pou enstwi règleman pa Li yo ak òdonans Li yo an Israël.
11Alò, sa se yon kopi a dekrè ke Wa Artaxerxès te bay a Esdras, prèt la, skrib la, ki te byen enstwi nan kòmandman a SENYÈ a, avèk règleman Li yo pou Israël:
12“Artaxerxès, wadèwa yo, a Esdras, prèt la, skrib lalwa Bondye Syèl la, lapè pafè.
Depi koulye a, 13mwen te bay yon dekrè ke nenpòt moun nan pèp Israël la avèk prèt pa yo ak Levit nan wayòm pa m nan ki gen volonte pou ale Jérusalem, kapab ale avèk ou. 14Akoz ke ou voye pa wa a avèk sèt konseye li yo, pou mande konsèy sou Juda ak Jérusalem, selon lalwa Bondye pa ou a, ki nan men ou a, 15epi pou pote ajan avèk lò ke wa a avèk konseye li yo te ofri libreman a Bondye Israël la, ki gen plas abitasyon Li Jérusalem, 16avèk tout ajan ak lò ke ou jwenn nan tout pwovens Babylone yo, ansanm avèk ofrann bòn volonte a pèp la ak prèt yo, ki te ofri avèk bòn volonte pou lakay Bondye pa yo a ki Jérusalem nan. 17Pou sa, avèk lajan sa a, nou va, avèk swen, achte towo, belye, jenn mouton avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, e ofri yo sou lotèl lakay Bondye nou an ki Jérusalem nan. 18Nenpòt sa ou wè ki sanble bon a ou menm avèk frè ou yo pou fè avèk sa ki rete nan ajan avèk lò yo, nou kab fè l selon volonte Bondye pa nou an. 19Anplis, zouti ki bay a nou pou sèvis lakay Bondye ou a, livre yo nèt devan Bondye Jérusalem nan. 20Tout lòt bezwen pou lakay Bondye ou a, ke ou kab petèt gen okazyon founi, founi li soti nan kès trezò wa a. 21Mwen, mwen menm, Wa Artaxerxès, pibliye yon dekrè a tout trezorye ki nan pwovens lòtbò rivyè a, ke nenpòt sa ke Esdras, prèt la, skrib lalwa a Bondye syèl la ta egzije a nou, fòk li fèt avèk swen, 22jis menm rive a san talan ajan, san barik ble, san galon diven, san galon lwil, avèk sèl si li ta nesesè. 23Nenpòt sa ki kòmande pa Bondye syèl la, kite li fèt avèk zèl pou lakay Bondye syèl la, pou pa vin genyen kòlè Li kont wayòm a wa a avèk fis li yo.
24Anplis, nou fè nou konprann ke li pa pèmèt pou enpoze taks, kontribisyon obligatwa, ni frè lese pase sou okenn nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, Netinyen yo, ni sèvitè lakay Bondye sila a.
25Ou menm, Esdras, selon sajès a Bondye ki nan men ou a, chwazi majistra yo avèk jij yo pou yo kab jije tout moun ki nan pwovens lòtbò rivyè a, menm tout sila ki konnen lalwa a Bondye pa ou a; epi ou kapab enstwi nenpòt moun ki manke konprann. 26Nenpòt moun ki refize obsève lalwa Bondye ou a, avèk lalwa a wa a, kite jijman vin tonbe sou li avèk severite, swa pou lanmò, swa mete l deyò nan peyi a, swa sezi byen li, oswa ba li prizon.”
27Beni se SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, ki te mete yon bagay konsa nan kè a wa a, pou fè bèl kay SENYÈ a ki Jérusalem nan; 28epi te lonje bay lanmou dous Li a mwen menm devan wa a avèk konseye li yo e devan tout chèf pwisan a wa yo. Se te konsa mwen te ranfòse pa men SENYÈ a, Bondye mwen an, ki te sou mwen an, e mwen te rasanble mesye dirijan prensipal yo soti an Israël pou monte avè m.

Did you know?
Ezra's Mission and the Decree of Artaxerxes
- Ezra is introduced with a priestly genealogy tracing back to Aaron through Hilkiah, the high priest who discovered the Book of the Law under King Josiah. Described as a skilled scribe, Ezra set his heart to study the Law of the Lord, practice it, and teach its decrees in Israel.Sources: Ezra · Hilkiah · the Bible text itself
- The Persian monarch Artaxerxes is traditionally identified as Artaxerxes I Longimanus, whose seventh year of reign corresponds to 458 BC. His royal decree granted Ezra broad authority to lead returning Israelites, appoint magistrates west of the Euphrates, and draw provisions and funds from the royal treasury.Sources: Artaxerxes · Persia · the Bible text itself
- Ezra and his fellow travelers set out from Babylon on the first day of the first month and arrived in Jerusalem on the first day of the fifth month. The narrative emphasizes that this four-month overland journey succeeded because the gracious hand of God was upon him.Sources: Ezra · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Babylon · 32.543, 44.422 · verse 1
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 6, 7, 8, 9, 13, 14, 15, 16, 17, 19, 27, 28
- Persia · 34.806, 48.516 · verse 1
- Babylonia · 32.543, 44.422 · verses 6, 9, 16
- Beyond the River · 31.777, 35.234 · verses 21, 25
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org