Ezekiel 6
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2“Fis a lòm, mete figi ou vè mòn Israël yo, e pwofetize kont yo. 3Di yo: ‘Mòn Israël yo, koute pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a a mòn yo, kolin yo, ravin dlo yo, ak vale yo: “Gade byen, Mwen menm, Mwen va mennen yon nepe sou nou, e Mwen va detwi wo plas nou yo. 4Konsa lotèl nou yo va vin dezole, e lotèl lansan yo va vin kraze nèt. Mwen va fè mò nou yo tonbe devan zidòl nou yo. 5Anplis, Mwen va poze kadav mò fis Israël yo devan zidòl yo. E Mwen va gaye zo nou yo toutotou lotèl nou yo. 6Nan tout kote nou rete, vil nou yo va vin yon savann, e wo plas yo va vin dezole, pou lotèl nou yo kapab vin abandone nèt. Yo va fè yon kote dezole, pou zidòl nou yo ka vin kraze e fini nèt, pou lotèl lansan yo ka vin kraze nèt e zèv nou yo ka vin efase nèt. 7Sila yo touye yo va tonbe pami nou, e nou va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.
8“‘“Malgre sa, Mwen va kite yon retay, paske nou va genyen sila ki chape anba nepe pami nasyon yo nan lè nou vin gaye pami lòt peyi yo. 9Nan moman sa a, sila ki te chape yo va sonje Mwen pami nasyon yo kote yo pote kon kaptif yo. A la blese Mwen blese pa kè adiltè yo, ki te vire kite Mwen e pa zye yo, ki te fè pwostitiye dèyè zidòl yo. Yo va rayi tèt yo nan pwòp zye yo pou mechanste ke yo te komèt yo, pou tout abominasyon yo. 10Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Se pa anven ke M te di Mwen ta mennen dezas sa a fè vin rive sou yo.”’
11“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Bat men nou, frape pye nou atè e di: “Elas!”, akoz mechanste a tout mal abominab lakay Israël ki va tonbe pa nepe a, gwo grangou ak epidemi yo. 12Sila ki lwen an va mouri pa epidemi, sila ki pre a va tonbe sou nepe e sila ki rete vin anba syèj la, va mouri nan gwo grangou a. Konsa, Mwen va pase gwo kòlè Mwen sou yo. 13Nan moman sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Lè moun touye pa yo jwenn pami zidòl ki antoure lotèl yo, sou tout kolin ki wo, sou tout tèt mòn, anba tout bwa vèt— kote yo te ofri odè ki santi bon a tout zidòl yo. 14Konsa, pami tout abitasyon yo, Mwen va lonje men m kont yo, fè peyi a vin pi dezole e abandone, depi dezè a ki pase vè Dibla a, jis rive nan tout abitasyon yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”

Did you know?
Judgment on Idolatry on the Mountains of Israel
- Ezekiel directs his prophecy specifically against the mountains, hills, ravines, and valleys of Israel because these elevated and secluded natural sites were the primary locations where pagan high places, altars, and incense shrines flourished under leafy oaks and green trees.Sources: the Bible text itself
- The prophet is instructed to accompany his message with expressive physical gestures, including clapping his hands and stomping his feet, to dramatize the shock, grief, and solemnity of the impending judgment by sword, famine, and plague.Sources: the Bible text itself
- Despite announcing widespread desolation across the land, the text promises that a remnant will survive the sword and reflect upon their actions while scattered in captivity among the nations.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Riblah · Today: Rableh · 34.460, 36.573 · verse 14
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org