Ezekiel 42
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Epi li te mennen mwen deyò nan lakou a, nan chemen vè nò a. Li te mennen m nan chanm ki te anfas kote apa a, ak anfas konstriksyon an vè nò. 2Avèk longè a, ki te san koude a, se te pòt nò a; lajè a te senkant koude. 3Anfas ven koude ki te pou lakou enteryè a, e anfas pave ki te apatyen a lakou eksteryè a, se te galri ki te koresponn ak galeri sou twa etaj yo. 4Devan chanm yo, se te yon machpye pa anndan de dis koude nan lajè, yon chemen de san koude nan longè, epi ouvèti pa yo te vè nò. 5Alò, chanm anlè yo te pi piti akoz galri yo te pran plis espas sou yo ke sila nan baz ak mitan etaj nan konstriksyon yo. 6Paske se nan twa etaj yo te ye e pa t gen pilye tankou pilye nan lakou yo. Akoz sa, chanm anlè yo te vin pi etwat ke mitan ak piba yo. 7Pou miray eksteryè bò chanm yo, vè lakou deyò anfas chanm yo, longè li te senkant koude. 8Paske longè a chanm ki te nan lakou eksteryè yo te senkant koude. Epi gade byen, longè a sila anfas tanp yo te san koude. 9Pi ba chanm sa yo, se te antre sou kote lès la, kote yon moun ka antre nan yo soti nan lakou eksteryè a.
10Nan epesè miray la sou kote lès, anfas kote apa a e anfas konstriksyon an, te gen chanm yo. 11Chemen devan yo a te sanble ak chanm ki te sou kote nò yo. Selon longè yo, konsa lajè yo te ye e tout kote pou antre sòti yo te menm selon aranjman ak ouvèti pa yo. 12Nan koresponn a pòt chanm ki te vè sid yo, te gen yon pòt nan tèt chemen an, chemen devan miray ki te vè lès la, kote yon moun ta antre ladan yo.
13Konsa, li te di mwen: “Chanm nò yo ak chanm sid yo, ki anfas a kote apa a, yo se chanm sen kote prèt ki rapwoche de SENYÈ a va manje bagay ki sen pase tout lòt yo. La, yo va fè poze bagay pi sen yo, ofrann sereyal la, ofrann peche ak ofrann koupabilite a; paske kote sa a sen. 14Lè prèt yo antre, alò yo p ap sòti nan lakou eksteryè a lè yo kite sanktyè a san ke yo pa mete la vètman ak sila yo fè sèvis la, paske yo sen. Yo va mete lòt vètman sou yo; nan lè sa a, yo va pwoche sa ki pou pèp la.”
15Alò, lè l te fin mezire kay enteryè a, li te mennen mwen deyò pa chemen pòtay ki te bay fas vè lès la e te mezire li toupatou. 16Li te mezire kote lès la ak baton mezi a, senk-san baton pa mezi baton an. 17Li te mezire kote nò a, senk-san baton pa mezi baton an. 18Nan sid, li te mezire senk-san baton ak mezi baton an. 19Li te vire kote lwès e li te mezire senk-san baton ak mezi baton an. 20Li te mezire li nan kat kote yo. Li te gen yon miray ki te antoure l nèt; longè ki te senk-san ak lajè ki te senk-san an, pou te divize antre sa ki sen ak sa ki pwofàn.

Did you know?
The Priestly Chambers and Temple Boundaries
- In Ezekiel's visionary temple, the three-story chambers facing the inner courtyard served as holy rooms where priests ate the most holy offerings, such as grain, sin, and guilt offerings. Priests were required to leave their sacred ministry garments in these rooms and change into ordinary clothes before entering areas designated for the people.Sources: the Bible text itself
- The outer boundary of the temple precinct was measured with a rod on all four sides, each measuring five hundred cubits. This outer wall was established specifically to separate the sacred temple grounds from the common area.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Holy Place · Today: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · verse 14
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org