Nations Bible

Ezekiel 39

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1“Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize kont Gog pou di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog! Prens a Rosch, Méschec ak Tubal la. 2Epi Mwen va detounen ou, kontinye wout la, pran ou soti nan kote nò ki pi izole a pou mennen ou kont mòn Israël yo. 3Mwen va frape banza ou jis li kite men goch ou, e fè flèch yo tonbe kite men dwat ou. 4Ou va tonbe sou mòn Israël yo, ou menm, tout sòlda ou yo ak moun ki avèk ou yo. Mwen va bay ou kon manje pou tout kalite zwazo kanivò ak bèt nan chan. 5Ou va tonbe nan chan ouvri, paske se Mwen menm ki fin pale sa,” deklare Senyè BONDYE a. 6“Epi Mwen va voye dife sou Magog ak sila ki rete ansekirite nan lil kot lanmè yo, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

7“‘“Non sen Mwen an, Mwen va fè Li vin rekonèt nan mitan pèp Mwen an, Israël. Konsa, Mwen p ap kite non Mwen vin pwofane ankò. Nasyon yo va konnen ke Mwen se Senyè a, Sila Ki Sen an Israël la. 8Gade byen, sa ap vini e sa va fèt,” deklare Senyè BONDYE a. “Sa se jou nan sila Mwen te pale a.”

9“‘“Nan lè sa a, sila ki rete nan vil Israël yo va sòti deyò pou limen dife ak zam yo pou brile yo, ni pwotèj yo, ni boukliye yo, banza ak flèch yo, baton lagè ak nepe yo e pandan sèt ane, yo va fè dife ak yo. 10Yo p ap pran bwa nan chan an, ni sanble bwa dife ki soti nan forè yo, paske yo va fè dife ak zam yo. Epi yo va pran piyaj a sila ki te piyaje moun yo, e sezi piyaj a sila ki te fè piyaj yo,” deklare Senyè BONDYE a.

11“‘“Nan jou sa a, Mwen va bay Gog yon simityè la an Israël, nan vale kote moun yo pase sou kote lès lanmè a, e li va bloke sila ki ta pase ladann. Konsa, yo va antere Gog ak tout foul li a, e yo va rele la, ‘Vale Moun Gog la’.

12“‘“Pandan sèt mwa, lakay Israël va fè antèman yo, pou netwaye peyi a. 13Menm tout pèp peyi a, va fè antèman yo. Epi sa va fè yo renome patou nan jou sa a, pou pwòp tèt Mwen ka resevwa glwa,” deklare Senyè BONDYE a.”

14“Yo va mete apa moun ki anplwaye nèt k ap pase nan peyi a. Sila yo k ap pase ap rive kote y ap antere sa yo ki rete sou sifas tè a, pou yo ka netwaye li. Nan fen sèt mwa yo, yo va fè yon rechèch pou twouve yo. 15Pandan sila k ap fè rechèch nan peyi yo ap pase, e nenpòt moun wè zo a yon moun, alò, li va mete yon makè akote l jiskaske ekip antèman an vin antere li nan Vale Moun Gog la. 16Pou sa, non vil la menm va Hamona. Konsa yo va netwaye peyi a.”

17“Pou ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Pale a tout kalite zwazo, ak tout bèt nan chan: “Rasanble nou e vini. Rasanble soti tout kote anvè sakrifis Mwen, ke M ap pral fè pou nou an, yon gwo sakrifis sou mòn Israël yo, pou nou ka manje chè ak bwè san. 18Nou va manje chè a mesye pwisan yo, e bwè san a prens latè yo, konsi se te belye, jenn mouton, kabrit, ak towo, tout bèt gra a Basan yo. 19Akoz sa, nou va manje grès jiskaske nou vin toufe nèt ak sakrifis Mwen, ke M fin fè pou nou an. 20Nou va toufe nèt sou tab Mwen an ak cheval yo, ak mesye mèt cha yo, mesye pwisan yo ak tout gwo mesye lagè yo”, deklare Senyè BONDYE a.’

21“Konsa, Mwen va mete glwa Mwen pami nasyon yo. Tout nasyon yo va wè jijman ke Mwen te egzekite ak men M, ke M te fè poze sou yo a. 22Epi lakay Israël va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, depi jou sa a, pou rive ale nèt. 23Nasyon yo va konnen ke lakay Israël te antre an egzil akoz inikite yo. Akoz yo te aji kon trèt ak Mwen, Mwen te kache figi Mwen de yo. Konsa, Mwen te livre yo nan men advèsè yo, e yo tout, te tonbe devan nepe. 24Selon salte yo e selon transgresyon yo, Mwen te aji avèk yo, e Mwen te kache figi Mwen de yo.”

25“Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Koulye a, Mwen va restore avni a Jacob, e Mwen va gen mizerikòd pou tout lakay Israël, epi Mwen va jalou pou non sen Mwen an. 26Yo va bliye wont yo ak tout trèt yo te konn fè kont Mwen yo, lè y ap viv ansekirite nan pwòp peyi pa yo, lè okenn moun p ap fè yo pè. 27Lè Mwen mennen yo retounen soti nan lòt pèp yo, e rasanble yo soti nan peyi lènmi yo; nan lè sa a, Mwen va vin sanktifye de yo devan zye a anpil nasyon. 28Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, akoz mwen te fè yo antre an egzil pami nasyon yo, e alò, Mwen te rasanble yo ankò nan pwòp peyi yo. Epi Mwen p ap kite okenn nan yo kaptif ankò. 29Mwen p ap kache figi Mwen de yo ankò, paske M ap gen tan fin vide Lespri m sou lakay Israël,’ deklare Senyè BONDYE a.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Defeat of Gog and Restoration of Israel

  • The burial of Gog's fallen horde is described as taking seven months to cleanse the land. It takes place east of the Sea in the Valley of the Travelers, which is given the symbolic name the Valley of Hamon-gog, meaning the multitude of Gog, alongside a city named Hamonah.Sources: the Bible text itself · Hamonah · Valley of Hamongog
  • Ezekiel addresses Gog as the chief prince of Meshech and Tubal from the land of Magog. Ancient traditions often linked Meshech with the Moschi between the Black and Caspian Seas, while early writers such as Jerome associated Magog with northern steppe peoples.Sources: the Bible text itself · Meshech · Magog
  • The text depicts the inhabitants of Israel gathering abandoned wooden weapons—including shields, bows, arrows, and spears—to use as fuel for seven years, removing the need to harvest timber from the forests.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Meshech · Today: about 200 km around Gordion · 39.655, 31.994 · verse 1
  • Tubal · Today: Tabal · 37.296, 36.254 · verse 1
  • Salt Sea · Today: Dead Sea · 31.500, 35.500 · verse 11
  • Hamonah · Today: in Abarim · 31.754, 35.715 · verse 16
  • Bashan · 32.781, 35.935 · verse 18

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.