Ezekiel 14
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Epi kèk nan ansyen Israël yo te parèt kote mwen e te chita devan m. 2Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 3“Fis a lòm, mesye sila yo te fin etabli zidòl pa yo nan kè yo. Yo te mete yo toudwat devan figi yo kon wòch k ap fè moun chite, a pou fè yo tonbe nan inikite yo. Èske Mwen ta menm dwe koute kesyon yo? 4Pou sa, pale ak yo e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nenpòt moun lakay Israël ki pozisyone zidòl nan kè li, ki mete dwat devan figi l, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò, ta vin jwenn pwofèt la, Mwen menm, SENYÈ a, va vin bay li repons sou sijè a, an akòd ak fòs kantite zidòl li genyen yo, 5pou M ka kenbe kè lakay Israël la, tout ki byen lwen M akoz zidòl yo.”’”
6“Pou sa, di a tout lakay Israël la, ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Repanti, vire kite zidòl nou yo, e vire figi nou lwen de tout abominasyon nou yo.”’”
7“Paske nenpòt moun lakay Israël, o menm etranje ki vin viv la, ki separe li de Mwen menm, pou l mete zidòl li yo nan kè l, ki vin mete dwat devan figi li, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò apre ta rive kote pwofèt la pou mande koze pou pwòp tèt li, Mwen menm, SENYÈ a, Mwen va vin parèt pou bay li repons nan pwòp pèsonaj pa M. 8Mwen va pozisyone figi M kont mesye sa a, fè li yon sign ak yon pwovèb, e Mwen va koupe retire li nèt de pèp Mwen an. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
9“Men si pwofèt sila vin twonpe, epi pale yon pawòl, se Mwen menm, SENYÈ a, ki te fè pwofèt sa a vin twonpe. Konsa, Mwen va lonje men M kont li pou detwi li soti pami pèp Mwen an, Israël. 10Yo va pote frè inikite yo. Jan inikite a sila k ap mande l pale a, se konsa inikite a pwofèt la va ye, 11pou lakay Israël pa egare lwen Mwen ankò, e pou yo pa souye tèt yo ankò ak tout transgresyon yo. Konsa, yo va vin pèp mwen, e Mwen va Bondye yo,” deklare Senyè BONDYE a.”
12Ankò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen, e te di: 13“Fis a lòm, si yon peyi peche kont Mwen nan komèt enfidelite, Mwen va lonje men M kont li, detwi sous pen li, voye gwo grangou kont li, e koupe retire nèt de li, ni lòm, ni bèt. 14Menmsi twa mesye sila yo, Noé, Daniel, ak Job te nan mitan yo, ladwati yo pa ta delivre plis ke pwòp nanm pa yo”, deklare Senyè BONDYE a.
15“Si Mwen te fè bèt sovaj pase nan peyi a, e li vin dezole jis pou pèsòn pa ta pase ladann akoz bèt yo, 16menmsi twa mesye sila yo te la nan mitan l, kon Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. Se yo sèl ki t ap delivre, men peyi a t ap vin dezole nèt.
17“Ni, si Mwen ta mennen yon nepe sou peyi sa a e di: ‘Kite nepe a pase nan tout peyi a pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann,’— 18menmsi, twa mesye sila yo te nan mitan l, kon Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo, men se sèl yo menm ki ta delivre.
19“Oswa, si M ta voye yon gwo grangou kont peyi sa, e vide kòlè Mwen an san sou li, pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann— 20menmsi Noé, Daniel ak Job te nan mitan l, kon Mwen viv la, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. Yo ta delivre sèlman pwòp tèt yo, pa ladwati pa yo.”
21Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Konbyen ankò lè Mwen voye kat gwo jijman Mwen yo kont Jérusalem: nepe, gwo grangou, bèt sovaj ak epidemi pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li! 22Malgre sa, gade byen, gen yon retay ki va pote soti ladann, ni fis, ni fi. Gade byen, yo va vin parèt vè ou menm e ou va wè kondwit ak zèv yo. Konsa ou va vin rekonfòte pou gwo malè ke M te mennen sou Jérusalem nan, pou tout bagay ke M te mennen sou li yo. 23Nan lè sa a, yo va rekonfòte ou lè ou wè kondwit ak aksyon yo, paske ou va konnen ke M pa t fè anyen san koz,” deklare Senyè BONDYE a.

Did you know?
Idolatry in the Heart and Personal Responsibility
- When elders of Israel approached Ezekiel to inquire of the Lord, the prophet was told they had set up idols in their hearts. The text establishes that both the hypocritical inquirer and any enticed prophet share equal guilt, calling the house of Israel to genuine internal repentance rather than superficial inquiry.Sources: the Bible text itself
- Ezekiel singles out Noah, Daniel, and Job as renowned figures of righteousness and integrity. In the face of divine judgment upon an unfaithful land, the passage emphasizes individual accountability: even the righteousness of these three renowned men could only save themselves, not even their sons or daughters.Sources: the Bible text itself · Job · Noah · Daniel
- The chapter outlines four distinct judgments threatened against unfaithful lands: famine, wild beasts, sword, and plague. When these calamities fall upon Jerusalem, the surviving exiles would provide visible evidence of their corrupt conduct, demonstrating that the city's destruction was fully warranted.Sources: the Bible text itself · Jerusalem
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org