Nations Bible

Ezekiel 11

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Anplis, Lespri a te leve m monte e te mennen mwen nan pòtay lès lakay SENYÈ a ki te anfas vè lès. Epi gade byen, venn-senk mesye nan antre pòtay la e pami yo, mwen te wè Jaazania, fis a Azzur la ak Pelathia, fis a Benaja a, chèf a pèp yo. 2Li te di mwen: “Fis a lòm, sila yo se mesye yo ki fè plan inikite e ki bay move konsèy nan vil sa a, 3k ap di: ‘Tan pou bati kay yo pa pwòch. Vil sa a se chodyè a e nou se chè a.’ 4Akoz sa, pwofetize kont yo, fis a lòm. Se pou ou pwofetize!”

5Lespri SENYÈ a te tonbe sou mwen e Li te di mwen: “Pale konsa, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou reflechi, o lakay Israël, paske Mwen konnen panse nou yo. 6Nou te miltipliye moun ki touye yo nan vil sa a, e plen ri yo nèt avèk yo.”

7“‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Moun touye nou yo ke nou te fè kouche nan mitan vil la, se chè a, e vil la se chodyè a; men nou va mennen sòti ladann. 8Nou te pè yon nepe. Pou sa, mwen va mennen yon nepe rive sou nou,” deklare Senyè BONDYE a. 9“Epi Mwen va mennen nou sòti nan mitan vil la. Mwen va delivre nou nan men a etranje yo, e egzekite jijman kont nou. 10Nou va tonbe pa nepe. Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. 11Vil la p ap yon chodyè pou nou, ni nou p ap chè nan mitan l. Men Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. 12Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, paske nou pa t mache nan règleman Mwen yo. Ni nou pa t swiv lalwa Mwen yo, men nou te aji selon lalwa a nasyon sila ki antoure nou yo.”’”

13Alò, li te vin rive ke pandan mwen t ap pwofetize a, ke Pelathia, fis a Benaja a, te mouri. Epi mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò ak yon gwo vwa e mwen te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske Ou va mennen retay Israël la pou fin detwi nèt?” 14Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 15“Fis a lòm, frè ou yo, fanmi ou yo, egzile parèy ou yo ak tout lakay Israël la, yo tout, se moun a sila abitan Jérusalem yo te di: ‘Ale lwen SENYÈ a; peyi sa a te bay a nou kon posesyon.’”

16“Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Byenke mwen te deplase yo byen lwen pami nasyon yo e byenke mwen te gaye yo pami peyi yo, malgre mwen va yon abri pou yo pou yon ti tan nan peyi kote yo rive yo.”’

17“Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va ranmase nou soti nan pèp yo, Mwen va rasanble nou sòti nan peyi pami sila nou te gaye yo, e Mwen va bannou peyi Israël la.”

18“‘Lè yo vini la, yo va retire tout bagay abominab li yo ak tout abominasyon li yo sòti ladann. 19Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen va bay yo yon kè ki fèt ak chè, 20pou yo ka mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo. 21Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”

22Epi cheriben yo te leve zèl yo ak wou akote yo e glwa a Bondye Israël la te vin pann sou yo. 23Glwa SENYÈ a te monte soti nan mitan vil la e te kanpe anwo mòn ki nan pati lès vil la. 24Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo.

Se konsa vizyon mwen te wè a, te kite mwen. 25Epi mwen te di egzile yo tout bagay ke SENYÈ a te montre mwen.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Judgment on Jerusalem and Hope for the Exiles

  • At the east gate of the temple in Jerusalem, Ezekiel saw twenty-five leaders, including Jaazaniah son of Azzur and Pelatiah son of Benaiah, offering wicked counsel and claiming the city would protect them like a cooking pot. While Ezekiel was delivering God's message of judgment, Pelatiah died suddenly, prompting the prophet to mourn and plead for the remnant of Israel.Sources: the Bible text itself · Pelatiah · Jaazaniah · Azur
  • While the inhabitants remaining in Jerusalem claimed the exiled community was rejected and far from the LORD, God announced that he would be a sanctuary for the exiles among the nations. He promised to gather them, remove their heart of stone, and grant them a heart of flesh obedient to his statutes.Sources: the Bible text itself
  • Ezekiel watched the cherubim spread their wings as the glory of the LORD departed from the midst of Jerusalem and rested over the mountain to the east. The vision concluded as the Spirit carried Ezekiel back to the exiles in Chaldea, where he reported everything he had seen.Sources: the Bible text itself · Chaldea · Jerusalem

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • East Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 9, 15, 24
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 24

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.