Nations Bible

Esther 8

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Nan menm jou sa a, Wa Assuérus te bay lakay Haman, lènmi a Jwif yo, a rèn Esther. Mardochée te parèt devan wa a, paske Esther te pale wa a sa li te ye pou li. 2Wa a te fin retire bag so ke li te retire nan men a Haman an e te bay li a Mardochée. Konsa, Esther te plase Mardochée sou kay Haman an.

3Esther te pale ankò a wa a, te tonbe nan pye li, te kriye e te sipliye li pou evite mechanste Haman an, Agagit la, avèk konplo ke li te prepare kont Jwif yo. 4Wa a te lonje baton an lò a vè Esther. Konsa, Esther te leve kanpe devan wa a. 5Li te di: “Si sa fè wa a plezi, si mwen te twouve favè devan li, wa a twouve koz sa a bon, e sa fè kè l kontan pou wè m, kite li ekri pou anile lèt ki te manevre pa Haman an, fis a Hammedatha a, Agagit la, ke li te ekri pou detwi Jwif ki nan tout pwovens a wa yo. 6Paske, kijan mwen kab sipòte wè gwo dezas ki va rive pèp mwen an, e kijan mwen kab sipòte wè destriksyon a fanmi mwen yo?”

7Pou sa, Wa Assuérus te pale a rèn Esther e a Mardochée, Jwif la: “Veye byen, Mwen te bay lakay Haman a Esther e li menm, yo te pann li sou wo etaj la akoz li te lonje men li kont Jwif yo. 8Alò, ou menm ekri a Jwif yo jan ou twouve li bon nan non a wa a, e sele lèt la avèk bag so a wa a; paske, yon dekrè ki ekri nan non a wa a e sele avèk bag so a wa a p ap kapab anile.”

9Pou sa, grefye a wa yo te rele nan lè sa a nan twazyèm mwa a (sa vle di, mwa Sivan an), nan twazyèm jou a; epi, li te ekri selon tout sa ke Mardochée te kòmande a Jwif yo, reprezantan a wa yo nan pwovens yo, gouvènè yo, avèk chèf a pwovens ki te lonje rive soti nan Inde jis rive Ethiopie, san-venn-sèt pwovens, a chak pwovens selon ekriti pa li e a chak pèp selon langaj yo, epi anplis a Jwif yo selon ekriti pa yo, avèk langaj pa yo. 10Li te ekri nan non a Wa Assuérus, te sele li avèk bag so a wa a e te voye lèt yo pa mesaje yo monte sou cheval ki te nan ras cheval wayal yo. 11Nan lèt sa yo, wa a te bay dwa a Jwif yo nan chak vil, pou rasanble e fè defans lavi yo, pou detwi, pou touye e pou anile tout lame a nenpòt pèp oswa pwovens ki ta vin atake yo, menm ansanm avèk pitit yo ak fanm yo, e piyaje byen yo, 12nan yon sèl jou nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, trèzyèm jou nan douzyèm mwa a, (sa vle di, mwa Adar a). 13Yon kopi a dekrè a te gen pou pibliye kon lwa nan chak pwovens e te pibliye a tout pèp yo, pou Jwif yo ta parèt nan jou sila pou fè revandikasyon yo sou lènmi yo. 14Mesaje yo byen prese, bourade pa lòd a wa a, te sòti monte sou cheval wayal yo. Konsa, dekrè a te distribye nan sitadèl Suse la.

15Epi Mardochée te sòti nan prezans a wa a nan vètman wayal la ki te an koulè ble e blan, avèk yon gran kouwòn an lò ak yon manto fèt an len fen e mov; epi lavil Suse te fè yon gwo kri avèk jwa, e te rejwi. 16Pou Jwif yo, te gen limyè, kè kontan, lajwa avèk lonè. 17Nan chak pwovens nèt ak nan chak vil nenpòt kote lòd a wa a avèk dekrè li te rive a, te gen kè kontan avèk lajwa pou Jwif yo, yon fèt bankè avèk yon jou fèt. Epi anpil moun pami pèp peyi yo te vin Jwif, paske krent a Jwif yo te vin tonbe sou yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Royal Counter-Decree and Mordecai’s Elevation

  • Under Persian custom, an official decree written in the king's name and sealed with the royal signet ring could not be revoked. Because Haman's previous decree could not be cancelled, King Ahasuerus permitted Esther and Mordecai to write a new decree authorizing the Jews throughout the empire to assemble and defend themselves.Sources: the Bible text itself · Ahasuerus
  • The Persian Empire at this time encompassed 127 provinces, stretching from India—the region surrounding the Indus River—to Cush or Ethiopia, south of Egypt. Royal scribes translated Mordecai's decree into the distinct script and language of each province, which couriers then carried on swift royal horses.Sources: the Bible text itself · India · Ethiopia
  • Mordecai was granted the king's signet ring previously held by Haman and was placed in charge of Haman's estate. When the decree was published, he emerged from the king's presence in royal garments of blue and white, wearing a large gold crown and a purple robe, prompting rejoicing throughout Susa.Sources: the Bible text itself · Mordecai · Susa

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Ethiopia · 16.935, 33.751 · verse 9
  • India · 23.994, 67.431 · verse 9
  • Susa · Today: Shush · 32.189, 48.258 · verses 14, 15

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.