Ephesians 3
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pou rezon sa a, mwen, Paul prizonye a Kris Jésus a, pou koz a nou, pèp etranje yo, 2si vrèman nou te tande de jerans a gras Bondye ke mwen te resevwa pou livre bay nou an, 3ke pa revelasyon mwen te vin konnen mistè a, sou ki mwen te deja ekri kèk mo a. 4Pa referans a sa, lè nou li, nou kapab konprann konesans mwen nan mistè a Kris la, 5ki, nan lòt jenerasyon yo pa t konnen pa fis a lòm yo, men koulye a li revele a sen apot Li yo ak pwofèt yo nan Lespri a. 6Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la. 7Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a. 8A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo. 9Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. 10Pou tout sajès a Bondye a ta kapab vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout pouvwa ak otorite nan lye selès yo. 11Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an. 12Nan Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans. 13Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pasepou nou yo, paske yo se glwa nou.
14Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.
20Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.

Did you know?
The mystery opened to the Gentiles
- In this chapter Paul calls himself the prisoner of Christ Jesus for the sake of the Gentiles, and he asks his readers not to be discouraged by the sufferings he endures for them, which he calls their glory.Sources: the Bible text itself
- He describes a mystery made known to him by revelation and kept hidden for ages past in God, who created all things. That mystery is that through the gospel the Gentiles are fellow heirs, fellow members of the body, and fellow partakers of the promise in Christ Jesus—not made known to people in earlier generations as it has now been revealed by the Spirit to God’s holy apostles and prophets.Sources: the Bible text itself
- Easton's Bible Dictionary (1897) says Paul was born about the same time as Jesus, that his circumcision name was Saul, and that the name Paul was probably given in infancy for use in the Gentile world, with Saul as his Hebrew home name. He was a native of Tarsus, capital of Cilicia, a Roman province in the south-east of Asia Minor—a wealthy commercial city on the navigable river Cydnus and the seat of a famous university. This is the Paul who, in the chapter, says a stewardship of God’s grace was given to him for the Gentiles.Sources: Paul · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org