Nations Bible

Ecclesiastes 12

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,

avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:

“Mwen pa pran plezi nan yo;”

2Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa,

e nwaj yo retounen apre lapli yo;

3nan jou ke gadyen kay la tranble a,

e mesye pwisan yo vin koube a.

Lè sila k ap moulen yo rete san travay

akoz anpil nan yo ki manke,

e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.

4Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba,

e yon moun va leve ak son zwazo a,

epi tout fi chanson yo va rete ba.

5Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas

ak gwo danje k ap vini a.

Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la,

e dezi gason an pa ka.

Paske lòm nan ap prale nan kay etènèl li a,

pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.

6Sonje Li avan kòd ajan an kase,

e bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann,

e wou sitèn nan vin kraze.

7Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a,

e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.

8“Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”

9Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje anpil pwovèb. 10Predikatè a te chache jwenn bèl mo pou ekri pawòl verite yo byen kòrèk. 11Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.

12Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou. 13Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. 14Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.

Did you know?

Remembering the Creator and the Purpose of Life

  • The opening verses use vivid poetic metaphors of a decaying house and broken vessels—such as dimming windows, trembling guardians, and a shattered pitcher at the well—to depict the physical decline of old age and the approach of death.Sources: the Bible text itself
  • The Teacher is described as an educator who evaluated, searched out, and arranged proverbs, comparing wise sayings to sharp goads and firmly driven nails provided by a single Shepherd.Sources: the Bible text itself
  • The book concludes that despite the endless writing of books and the physical weariness of study, the essential duty of humanity is to fear God and keep His commandments in light of future judgment.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.