Nations Bible

Deuteronomy 31

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Konsa Moïse te ale e te pale pawòl sa yo a tout Israël. 2Li te di yo: “Mwen gen san-ventan daj jodi a. Mwen p ap ka ankò fè antre soti. SENYÈ a te di mwen: ‘Ou p ap travèse Jourdain sila a.’ 3Se SENYÈ a, Bondye nou menm nan, ki va travèse devan nou. Li va detwi nasyon sila yo devan nou e nou va deplase yo. Se Josué ki va travèse devan nou, jan SENYÈ a te pale a. 4SENYÈ a va fè yo menm jan ke Li te fè a Sihon avèk Og, wa a Amoreyen yo, e a peyi pa yo a, lè Li te detwi yo a. 5SENYÈ a va livre yo devan nou, e nou va aji avèk yo an akò avèk kòmandman ke mwen menm te kòmande nou yo. 6Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou. 7Konsa, Moïse te rele Josué e te di li devan tout Israël: “Kenbe fò, pran kouraj, paske ou va ale avèk pèp sa a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt pa yo pou ba yo a; epi ou va ba yo li kòm eritaj. 8Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”

9Konsa, Moïse te ekri lwa sa a, e li te livre bay li a prèt yo, fis a Lévi yo ki te pote lach akò a SENYÈ a, e a tout ansyen an Israël yo. 10Moïse te kòmande yo e te di: “Nan fen chak sèt ane, nan sezon ane remisyon dèt nan Fèt Tonèl Yo, 11lè tout Israël vini pou parèt devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke Li va chwazi a, nou va li lwa sila a devan tout Israël pou yo tout tande l. 12Rasanble pèp la, gason avèk fanm, ak pitit yo, etranje ki nan vil nou yo, pou yo ka tande aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, epi fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo. 13Pitit yo ki pa t konnen, va tande e aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou tout tan ke nou viv nan peyi ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.”

14Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, lè pou ou mouri toupre. Rele Josué, e prezante nou menm nan tant asanble a, pou Mwen kapab ba li komisyon li.” 15SENYÈ a te vin parèt nan tant lan nan yon pilye nwaj e pilye nwaj la te kanpe nan pòtay tant lan. 16SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a. 17Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’ 18Men anverite, Mwen va kache figi Mwen nan jou sa a akoz tout mechanste ke yo te fè, paske yo te vire vè lòt dye yo.” 19“Koulye a, akoz sa, ekri chanson sila a pou nou menm e montre li a fis Israël yo. Mete li sou lèv yo, pou chanson sa a kapab yon temwen pou Mwen kont fis Israël yo. 20Paske lè Mwen mennen yo antre nan peyi k ap koule avèk lèt avèk siwo myèl la, ke Mwen te sèmante a zansèt pa yo, yo te manje e satisfè, e yo te vin pwospere, alò, yo va vire a lòt dye yo pou sèvi yo, meprize Mwen e kraze akò Mwen an. 21Epi li va rive ke lè anpil malè avèk twoub vini sou yo, ke chan sa a va fè temwayaj devan yo (paske li p ap bliye pa desandan pa yo); paske Mwen konnen entansyon ke yo ap fòme depi jodi a, avan Mwen mennen yo antre nan peyi ke Mwen te fè sèman pou ba yo a.”

22Konsa, Moïse te ekri chan sa a nan menm jou a e te montre fis Israël yo li. 23Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: “Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi mwen va avèk ou.” 24Li te vin rive ke lè Moïse te fin ekri pawòl a lwa sa yo nan yon liv soti nan kòmansman jiska lafen, 25ke Moïse te kòmande Levit ki te pote lach akò SENYÈ yo. Li te di: 26“Pran liv lalwa a e mete li akote lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, pou li kapab rete la kòm yon temwen kont nou. 27Paske mwen konnen rebelyon nou ak kou rèd nou. Gade byen, pandan mwen toujou vivan avèk nou jodi a, nou te fè rebelyon kont SENYÈ a. Konbyen anplis, konsa, apre mwen fin mouri? 28Rasanble pou mwen tout ansyen a tribi nou yo ak ofisye nou yo, pou mwen kapab pale pawòl sila yo pou yo tande e rele sou syèl la avèk tè a pou temwaye kont yo. 29Paske mwen konnen apre lanmò mwen, nou va fè zak konwonpi e vire kite chemen an ke m te kòmande nou an. Epi konsa, malè va swiv nou nan dènye jou yo, paske nou va fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, e pwovoke Li a lakòlè avèk zèv men nou.” 30Konsa, Moïse te resite pawòl chanson sa a soti nan kòmansman jiska lafen nan zòrèy tout asanble Israël la.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Transition of Leadership and the Law

  • At 120 years of age, Moses announced that he could not cross the Jordan River and publicly presented Joshua, son of Nun, as his successor to lead the people into the promised land.Sources: Moses · Joshua · Nun · the Bible text itself
  • Moses commanded that every seven years, during the year of debt cancellation at the Feast of Tabernacles, the entire law was to be read aloud to all men, women, children, and foreigners.Sources: the Bible text itself
  • After completing the written text of the law, Moses instructed the Levite priests carrying the Ark of the Covenant to place the scroll beside the ark as a lasting witness.Sources: Levi (patriarch) · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 2, 13

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.