Deuteronomy 27
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Epi Moïse avèk ansyen Israël yo te bay lòd a pèp la. Li te di: “Kenbe tout kòmandman mwen kòmande nou jodi a yo. 2Se konsa sa va ye nan jou ke nou travèse Jourdain an pou rive nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, pou nou fè kanpe pou nou menm gwo wòch e kouvri yo avèk mòtye lacho. 3Nou va ekri sou yo tout pawòl a lwa sa yo, lè nou travèse, jis pou nou kapab antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pwomèt nou an.
4“Se konsa sa va ye pou nou lè nou travèse Jourdain an. Nou va fè kanpe sou mòn Ébal wòch sa yo, jan mwen ap kòmande nou jodi a, epi nou va kouvri yo avèk lacho. 5Anplis, nou va bati la, yon lotèl a SENYÈ a, Bondye nou an, yon lotèl avèk wòch. Nou p ap voye yon zouti fè sou yo. 6Nou va bati lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, avèk wòch ki pa taye. Konsa, nou va ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, Bondye nou an. 7Nou va fè sakrifis ofrann lapè yo, e nou va manje la. Konsa, nou va rejwi nou devan SENYÈ a, Bondye nou an. 8Nou va ekri sou wòch yo tout pawòl a lwa sila yo, byen klè.”
9Moïse avèk prèt Levit yo te pale avèk tout Israël. Yo te di: “Fè silans O Israël! Nan jou sa a menm, nou devni yon pèp pou SENYÈ a, Bondye nou an. 10Pou sa, nou va obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va fè kòmandman Li yo avèk règleman Li yo ke mwen te kòmande nou jodi a.”
11Moïse te osi bay lòd a pèp la nan jou sa a. Li te di: 12“Lè nou travèse Jourdain an, men sila ki va kanpe sou Mòn Garizim pou beni pèp la: Siméon, Lévi, Juda, Issacar, Joseph avèk Benjamin. 13Pou pwononse malediksyon yo, sila yo va kanpe sou Mòn Ébal: Ruben, Gad, Aser, Zabulon, Dan ak Nephtali.”
14“Levit yo va, alò, reponn e di a tout pèp Israël la avèk yon gran vwa:
15‘Modi se mesye ki fè yon zidòl oswa yon imaj ki fonn, yon bagay abominab a SENYÈ a, zèv a yon ouvriye, e ki monte li an sekrè.’ Epi tout pèp la va reponn pou di: ‘Amen’.
16‘Modi se sila ki dezonore papa l oswa manman l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
17‘Modi se sila ki deplase limit lizyè vwazen li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
18‘Modi se sila ki mal gide yon avèg sou wout la.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
19‘Modi se sila ki tòde lajistis pou yon etranje, òfelen, oswa vèv.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
20‘Modi se sila ki kouche avèk madanm a papa li, akoz li te dekouvri jip papa l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
21‘Modi se sila ki kouche avèk nenpòt bèt.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
22‘Modi se sila ki kouche avèk sè li, fi a papa li, oswa a manman li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’
23‘Modi se sila ki kouche avèk bèlmè li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’
24‘Modi se sila ki frape vwazen li an sekrè.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
25‘Modi se sila ki aksepte lajan pou asasine yon moun inosan.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
26‘Modi se sila ki pa konfime pawòl a lwa sa yo avèk aksyon li’. Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’”

Did you know?
The Stones on Mount Ebal and the Curses of the Covenant
- Upon crossing the Jordan, the Israelites were commanded to erect large stones covered in plaster on Mount Ebal and write all the words of the law distinctly upon them. They were also instructed to build an altar there using only uncut stones untouched by any iron tools.Sources: the Bible text itself · Mount Ebal
- The twelve tribes were divided evenly between two facing mountains near Shechem: six tribes stood on Mount Gerizim to pronounce blessings, while the other six stood on Mount Ebal for the pronouncement of curses.Sources: the Bible text itself · Mount Ebal · Mount Gerizim
- The Levites recited a series of specific curses targeted largely at secret violations, such as hidden idolatry, moving boundary stones, mistreating the vulnerable, and concealed violence, to which the entire assembly responded by affirming 'Amen.'Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 2, 4, 12
- Mount Ebal · 32.234, 35.273 · verses 4, 13
- Mount Gerizim · 32.199, 35.273 · verse 12
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org