Daniel 5
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Belschatsar, wa a te fè yon gran fèt pou yon milye nan gwo chèf li yo, e li t ap bwè diven nan prezans a milye a gwo chèf yo. 2Lè Belschatsar te goute diven an, li te pase lòd pou pote veso fèt an lò ak ajan ke Nebucadnetsar, papa li, te retire nan tanp ki te Jérusalem yo, pou wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo ta kapab bwè nan yo. 3Konsa, yo te mennen veso fèt an lò ki te sòti nan tanp lan, lakay Bondye ki te Jérusalem nan. Epi wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo te bwè nan yo. 4Yo te bwè diven an e te louwe dye a lò, ak ajan, bwonz, fè, bwa ak wòch yo.
5Sibitman, men a yon moun te vin parèt. Li te kòmanse ekri anfas chandelye sou randisaj miray palè a Wa a, e wa a te wè pati nan men ki t ap ekri a. 6Konsa, figi a wa a te vin blanchi, refleksyon li yo te fè l gen gwo laperèz; jwen ren li te vin pèdi fòs e jenou li te kòmanse souke jiskaske youn t ap frape kont lòt.
7Wa a te rele byen fò pou yo mennen mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo. Wa a te pale e te di a mesye saj Babylone yo: “Nenpòt moun ki ka li enskripsyon sa a e eksplike entèpretasyon li, li va abiye an mov, resevwa yon kolye an lò nan kou li, e vin jwenn pozisyon kon twazyèm chèf nan peyi a.”
8Alò, tout moun nan mesye saj a wa yo te antre, men yo pa t ka li enskripsyon an ni fè wa a konnen sa li vle di. 9Epi wa Belschatsar te plen ak gwo laperèz, figi li te vin pi pal e prens li yo te vin twouble.
10Rèn nan te antre nan kay bankè a akoz pawòl a wa a ak prens li yo. Rèn nan te pale e te di: “O wa, viv jis pou tout tan! Pa kite refleksyon ou yo fè ou pè, ni figi ou vin pal. 11Gen yon nonm nan wayòm ou a, nan li menm twouve lespri a dye sen yo; epi nan jou a papa ou yo, limyè, bon konprann, ak sajès tankou sajès a dye yo te twouve nan li. Epi Wa Nebucadnetsar, papa ou, Wa a, te chwazi li chèf sou majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo. 12Se te akoz yon lespri ekstrawòdinè, konesans, bon konprann, entèpretasyon a rèv yo, eksplikasyon a fraz ki nwa ak kapasite pou rezoud pwoblèm difisil. Tout sa te twouve nan Daniel sila a, ke wa a te rele Beltschatsar. Kounye a, kite yo rele Daniel e li va fè deklarasyon a entèpretasyon an.”
13Konsa, Daniel te mennen devan wa a. Wa a te pale e te di a Daniel: “Èske ou se menm Daniel ki te youn nan egzile a Juda yo, ke papa mwen, wa a, te mennen soti Juda a? 14Alò, mwen te tande de ou menm, ke lespri a dye yo nan ou, ke konesans, bon konprann ak sajès ki depase tout moun twouve nan ou. 15Epi koulye a, mesye saj yo, mèt zetwal yo te mennen devan m pou yo ta ka li enskripsyon sa a e fè entèpretasyon an vin konnen a mwen menm, men yo pa t ka deklare entèpretasyon a mesaj la. 16Men mwen te tande konsènan ou menm, ke ou kapab bay entèpretasyon, e rezoud pwoblèm difisil. Alò, si ou kapab li enskripsyon an, e fè mwen konnen entèpretasyon an, ou va abiye an mov, pote yon kolye an lò nan kou ou e ou va gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan.”
17Daniel te reponn e te di devan wa a: “Kenbe kado ou yo pou ou menm, oswa bay rekonpans ou yo a yon lòt moun. Sepandan, mwen va li enskripsyon an pou wa a, e fè l konnen lentèpretasyon an.
18“O wa, Bondye Pi Wo a te bay souverènte, grandè ak glwa a Nebucadnetsar, papa ou. 19Akoz grandè ke Li te bay li a, tout pèp yo, nasyon ak lang yo te gen lakrent li, e te tranble devan l. Nenpòt moun li te pito, li te touye l, e nenpòt moun li te pito, li te lese l viv. Epi nenpòt moun li te pito, li te leve l e nenpòt moun li te pito, li te imilye l. 20Men lè kè l te vin egzalte wo, lespri li te vin tèlman ògeye, ke li te aji ak awogans, li te depoze de twòn wayal li a, e glwa li a te rache soti nan men l. 21Anplis, li te chase lwen de lòm, kè l te vin transfòme kon kè a bèt, e li te vin rete ak bourik mawon. Yo te fè li manje zèb kon bèf, e kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske li te vin rekonèt Bondye Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e ke li mete chèf sou li sila ke Li pito.
22“Malgre sa, ou menm, fis li a, Belschatsar pa t imilye kè ou, malgre ou te konnen tout sa, 23men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa. 24Konsa, men an te voye devan l, e sa se enskripsyon ki te byen ekri a.
25“Alò, sa se enskripsyon ki te byen ekri a: ‘MENE, MENE, TEKEL, UPHARSIN.’
26“Sa se entèpretasyon a mesaj la: ‘MENE’—Bondye te konte wayòm ou an e te mete fen a li.
27‘TEKEL’—ou te peze sou balans e ou te manke.
28‘PERES’—wayòm ou an vin divize, e li va bay a moun Mèd ak Pès yo.”
29Konsa, Belschatsar te pase lòd pou yo te abiye Daniel an mov, e mete yon kolye an lò nan kou li. Li te pibliye yon dekrè selon li ke Daniel te gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan.
30Menm nwit sa a, Belschatsar, wa Kaldeyen an te touye. 31Konsa Darius, Mèd la, te resevwa wayòm nan ak anviwon laj swasann-de lane.

Did you know?
The Writing on the Wall and the Fall of Babylon
- Although the text repeatedly calls Nebuchadnezzar Belshazzar's father, in ancient Semitic usage the term could denote a predecessor or grandfather. Historical records note that Belshazzar was the son of King Nabonidus and a grandson of Nebuchadnezzar through his mother Nitocris.Sources: Belshazzar · the Bible text itself
- Belshazzar offered to elevate whoever could interpret the mysterious inscription to the third highest ruler in the kingdom. Because Belshazzar was coregent under his father Nabonidus, the third position was the highest royal office available for him to bestow.Sources: Belshazzar · the Bible text itself
- The desecration of the sacred gold and silver vessels brought from the temple in Jerusalem provoked the divine omen on the palace plaster. Daniel interpreted the inscription as a declaration that the Babylonian kingdom had been weighed, found deficient, and handed over to the Medes and Persians.Sources: Belshazzar · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 3
- Babylon · 32.543, 44.422 · verses 7, 11
- Chaldea · 30.962, 46.104 · verses 7, 11
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org