Nations Bible

Daniel 3

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Wa Nebucadnetsar te fè yon estati fèt an lò ak yon imaj lò, wotè a sila a te swasant koude e lajè li sis koude. Li te fè l monte sou plèn Dura nan pwovens a Babylone. 2Epi Nebucadnetsar, wa a, te voye rasanble tout satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, tout majistra ak chèf an pwovens yo pou vini nan seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a. 3Konsa, satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, majistra yo ak tout chèf an pwovens yo te rasanble pou seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a; epi yo te kanpe devan imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a.

4Moun ki konn fè piblikasyon pou wa a te pwoklame byen fò: “A nou menm, lòd la bay O pèp yo, nasyon yo ak tout lang yo, 5ke nan moman ke nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, nou va pwostène nou pou adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a. 6Men, nenpòt moun ki pa pwostène pou adore va, lapoula, vin jete nan yon founo dife byen cho.”

7Pou sa, lè tout pèp yo te tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, tout pèp yo, nasyon yo ak langaj yo te pwostène e te adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.

8Pou rezon sa a, nan lè sa a, kèk Kaldeyen te vin parèt pou fè pwosè kont Jwif yo. 9Yo te pale e te di a Nebucadnetsar, wa a: “O wa, viv jis pou tout tan! 10Ou menm, O wa, ou te fè yon dekrè ke tout moun ki tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, yo va pwostène pou adore imaj an lò a. 11Men nenpòt moun ki pa pwostène, va jete nan mitan a yon founo dife byen cho. 12Genyen sèten Jwif ke ou te chwazi sou administrasyon pwovens Babylone nan, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Mesye sila yo, O wa, pa t okipe ou. Yo pa sèvi dye pa ou yo, ni adore imaj an lò ke ou te fè monte a.”

13Epi Nebucadnetsar byen anraje ak kòlè te pase lòd pou mennen Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Epi mesye sila yo te mennen devan wa a. 14Nebucadnetsar te reponn e te di yo: “Èske se vrè, Schadrac, Méschac ak abed-Nego, ke nou pa sèvi dye mwen yo, ni adore imaj an lò ke mwen te fè monte a? 15Alò, si nou pare, nan moman nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, pou nou pwostène e adore imaj ke mwen te fè a, se byen. Men, si nou pa adore, nou va byen vit jete nan yon founo dife byen cho. Epi ki dye ki genyen ki kapab delivre nou sòti nan men mwen?”

16Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te reponn a wa a: “O Nebucadnetsar, nou pa oblije bay ou yon repons a kesyon sa a. 17Si se konsa, Bondye nou an, Sila ke nou sèvi a, kapab delivre nou soti nan founo dife byen cho a; epi Li va delivre nou sòti nan men ou, O wa. 18Men menm si li pa fè sa, kite sa vin konnen a ou menm, O wa, ke nou p ap sèvi dye pa ou yo ni adore imaj fèt an lò ke ou te fè monte a.”

19Konsa, Nebucadnetsar te ranpli ak chalè kòlè e figi li te vin move kont Schadrac Méschac ak Abed-Nego. Li te reponn ak bay lòd pou monte chalè founo a sèt fwa plis ke li te konn brile a. 20Li te kòmande sèten gèrye vanyan ki te nan lame li a pou mare Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, pou yo ta jete yo nan founo dife byen cho a. 21Alò, mesye sila yo te mare nèt ak pantalon yo, mayo yo, kas yo, ak tout lòt rad pa yo, e yo te jete nan mitan founo dife byen cho a. 22Pou rezon sa a, akoz lòd a wa te byen ijan e founo a te vin tèlman cho, flanm dife a te touye mesye ki te pote, fè monte, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego yo. 23Men twa mesye sila yo, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te tonbe nan mitan founo dife byen cho a toujou mare.

24Epi Nebucadnetsar, wa a, te vin etone e te kanpe vit. Li te di a wo ofisye li yo: “Se pa twa mesye nou te voye jete tou mare nan mitan dife a?”

Yo te reponn a wa a: “Byen si, O wa.”

25Li te di: “Gade! Mwen wè kat mesye lage k ap mache toupatou nan mitan dife a san yo pa gen anyen e aparans a katriyèm nan se tankou yon fis a dye yo!” 26Epi Nebucadnetsar te vin toupre pòt founo dife byen cho a. Li te pale e te di: “Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, vini deyò, sèvitè a Bondye Pi Wo a, e vini isit!”

Konsa, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te sòti nan mitan dife a. 27Satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, ak wo ofisye a wa yo te reyini antoure yo. Yo te wè ke dife a pa t fè okenn efè sou kò a mesye sila yo. Ni menm cheve yo pa t brile, pantalon pa yo pa t abime, ni sant dife a pa t rive sou yo.

28Nebucadnetsar te pale. Li te di: “Beni se Bondye a Schadrac, Méschac ak Abed-Nego a, ki te voye zanj Li pou te delivre sèvitè Li yo ki te mete konfyans yo nan Li, ki te chanje lòd a wa a e ki te sede bay kò yo pou yo pa ta sèvi ni adore okenn lòt dye sof ke Bondye pa yo a. 29Konsa, mwen fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.”

30Answit, wa a te fè Schadrac, Méschac ak Abed-Nego vin pwospere nan pwovens Babylone nan.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Golden Statue and the Fiery Furnace

  • The plain of Dura, a name meaning "the circle", was located near Babylon where King Nebuchadnezzar erected a golden statue sixty cubits high and six cubits wide. On one of the mounds in this area, archaeologists later discovered the pedestal of a colossal statue, often identified as the probable base of this golden image.Sources: Dura · the Bible text itself
  • Shadrach and Meshach were Babylonian names given to the captive Hebrew youths Hananiah and Mishael, who had been trained in Babylon and appointed over the affairs of the province. Despite their official rank, they and their companion Abednego chose execution in a blazing furnace over worshiping the king's golden idol.Sources: Shadrach · Meshach · the Bible text itself
  • King Nebuchadnezzar, whose Babylonian name means "Nebo, protect the crown!", was the powerful ruler who succeeded his father Nabopolassar. In his royal inscriptions, he called himself "Nebo's favourite", reflecting the polytheistic Babylonian religion against which the three Hebrews took their stand.Sources: Nebuchadnezzar · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Babylon · 32.543, 44.422 · verses 1, 12, 30
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 8

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.