Daniel 12
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1“Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen yon tan gwo twoub jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ki gen non ekri nan liv la. 2Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini. 3Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan. 4Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.”
5Epi mwen menm, Daniel te gade, e vwala, de lòt moun te kanpe, youn sou bò rivyè sa a, e lòt la sou lòtbò a. 6Konsa youn te di a mesye abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a: “Konbyen tan pou rive nan fen a bagay mèvèy sila yo?”
7Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ke li va pou yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.
8Konsa, mwen te tande, men mwen pa t ka konprann. Akoz sa, mwen te di: “Senyè mwen, kisa ki va fen a evenman sila yo?”
9Li te di: “Ale, Daniel, paske pawòl sila yo kache e sele nèt, jiska moman lafen an. 10Anpil moun va pirifye tèt yo, e fè tèt yo blan pou vin rafine, men mechan yo va aji ak mechanste. Konsa okenn nan mechan yo p ap konprann, men sila ki gen sajès yo va konprann.
11“Soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis (1,290) jou. 12Beni se sila ki va tann, e rive jis nan Mil-twa-san-trann-senk (1,335) jou yo.
13“Men ou menm, kontinye fè wout ou, jis rive nan fen an. Paske ou va antre nan repo, e ou va kanpe ankò pou pòsyon eritaj pa ou a nan fen jou yo.”

Did you know?
The End Times and the Final Deliverance
- The biblical text identifies Michael as the great prince and chief angel who guards and watches over the people of Israel. In this closing vision, his rising coincides with an unprecedented period of distress, after which everyone found written in the book is delivered.Sources: the Bible text itself · Michael
- Daniel 12 presents a clear passage on individual resurrection, stating that many who sleep in the dust of the earth will awake, some to everlasting life and others to shame and everlasting contempt. Daniel is then instructed to seal the scroll until the time of the end.Sources: the Bible text itself
- The vision concludes along the banks of a river, where figures appear on opposite shores and a man clothed in linen hovers above the water. When asked about the timeline, the man raises both hands toward heaven and swears by the eternal God regarding the days of fulfillment.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org