Daniel 10
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Nan twazyèm ane Cyrus, wa Perse la, yon mesaj te revele a Daniel, ki te rele Belschatsar. Mesaj la te vrè; menm yon gran gè. Li te konprann mesaj la, e te gen konprann vizyon an.
2Nan jou sila yo, mwen menm, Daniel, mwen t ap fè dèy pandan twa semèn. 3Mwen pa t manje okenn bon manje; ni vyann, ni diven an pa t antre nan bouch mwen. Ni mwen pa t sèvi okenn pomad pou onksyone jiskaske tout twa semèn sila yo te fin akonpli.
4Nan venn-katriyèm jou nan premye mwa a, pandan mwen te akote gran rivyè a, ki se Hiddékel, 5mwen te leve zye m gade e vwala, te gen yon sèten nonm abiye an len, ak senti l mare ak yon sentiwon lò pi, ki sòti Uphaz. 6Anplis, kò li te tankou krizolit, figi li kon aparans ak loray, zye li kon tòch flanm dife, bra li ak pye li tankou bwonz byen poli, e son a pawòl li yo, kon son a yon gran foul.
7Alò, mwen menm, Daniel, mwen tou sèl te wè vizyon an, pandan mesye ki te avè m yo pa t wè vizyon an, men yon gwo laperèz te vin tonbe sou yo, e yo te kouri ale kache kò yo. 8Konsa, mwen te rete sèl, e mwen te wè gran vizyon sila a. Konsa, pa t gen fòs ki te rete nan mwen, paske koulè po m te vin pal tankou moun ki mouri, e mwen te pèdi tout fòs mwen nèt. 9Men mwen te tande son a pawòl li yo. Depi mwen te tande son pawòl li yo, mwen te tonbe nan yon gwo somèy sou figi mwen, figi m atè nèt.
10Konsa, gade byen, yon men te touche mwen ki te plase m sou men ak jenou m yo. 11Li te di mwen: “O Daniel, nonm ki trè byeneme a, konprann pawòl ke mwen va pale ou yo. Kanpe dwat! Paske mwen te voye kote ou koulye a.” Lè li te pale pawòl sa a, mwen menm, mwen te kanpe. Mwen t ap tranble.
12Alò, li te di mwen: “Pa pè, Daniel, paske depi premye jou ke ou te dedye kè ou pou konprann sa a, lè ou te imilye ou devan Bondye ou a, pawòl ou yo te vin tande. Konsa, mwen te vini akoz pawòl ou yo. 13Men prens a wayòm Perse la te kanpe kont mwen pandan venteyen jou; epi gade byen Micaël, youn nan chèf a prens yo, te vin ede m, paske mwen te rete la sèl ak wa a Perse yo. 14Koulye a, mwen gen tan vini pou bay ou konprann de sa ki va rive a pèp ou a nan dènye jou yo, paske vizyon an apatyen a anpil jou ki poko rive.”
15Lè li te pale ak mwen konsènan pawòl sila yo, mwen te vire figi mwen vè tè a e mwen pa t ka pale menm. 16Epi gade byen, yon bagay ki te sanble ak yon fis a lòm te touche lèv mwen. Konsa, mwen te louvri bouch mwen pou te pale, e mwen te di a sila ki te kanpe devan m nan: “O senyè mwen an, akoz vizyon an chagren te antre nan mwen e tout fòs mwen te kite m. 17Paske kòman yon kalite sèvitè konsa kapab pale ak youn tankou senyè mwen an? Epi pou mwen, fòs pa rete nan mwen, ni okenn souf pa rete nan mwen.”
18Epi sila a ki te sanble ak fis a lòm nan, te touche mwen ankò e te ban m fòs. 19Li te di mwen: “O nonm trè byeneme a, pa pè. Lapè avèk ou. Pran kouraj! Wi, se pou ou vin vanyan!”
Alò, depi lè li te fin pale ak mwen an, mwen te resevwa fòs, e mwen te di: “Kite senyè mwen an pale, paske ou te ban m fòs.”
20Konsa, li te di: “Èske ou pa konprann poukisa mwen te vin kote ou a? Men mwen va retounen koulye a, pou goumen kont prens a Perse la. Lè mwen ale, gade byen prens a Grèce la va vini. 21Men mwen va di ou sa ki enskri nan pawòl verite a. Nanpwen okenn moun k ap kanpe avè m kont sila yo, sòf ke Micaël, prens ou an.

Did you know?
A Vision by the Tigris
- The vision takes place in the third year of Cyrus, the Persian ruler who conquered Babylon and issued the decree allowing the Jewish exiles to return. Daniel receives the revelation beside the Tigris River, anciently known in Hebrew as Hiddekel.Sources: the Bible text itself · Cyrus · Hiddekel
- The heavenly messenger wears a belt of fine gold from Uphaz. Biblical commentators frequently identify Uphaz with Ophir or associate it with regions renowned in the ancient world for gold trade.Sources: the Bible text itself · Uphaz
- The messenger mentions Michael, designating him as one of the chief princes and the protector of Daniel's people. In biblical tradition, Michael is an angelic leader with a special charge over the nation of Israel.Sources: the Bible text itself · Michael
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Persia · 34.806, 48.516 · verses 1, 13, 20
- Tigris · Today: Tigris River · 31.004, 47.442 · verse 4
- Greece · 37.972, 23.727 · verse 20
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org