Colossians 2
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Paske mwen vle fè nou konnen jan lit la gran pou nou menm ansanm ak sila ki Laodicée yo, e menm pou tout sila ki pa t, pèsonèlman, wè figi mwen yo; 2pou kè pa yo kapab ankouraje, akoz ke yo vin trese ansanm nan lanmou an. Se konsa yo atenn tout richès ki sòti nan asirans konplè a bon konprann nan, ki pwodwi kòm rezilta, vre konesans mistè Bondye a, ki se Kris la, Li menm. 3Nan Li menm kache tout trezò sajès ak konesans yo. 4Mwen di sa pou pèsòn pa twonpe nou avèk diskou ki kab sedwi moun. 5Paske menm si mwen absan nan kò a, malgre sa mwen avèk nou nan Lespri a, epi m ap rejwi pou wè bon disiplin ak stabilite lafwa nou nan Kris la.
6Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li. 7Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plen avèk remèsiman an.
8Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris. 9Paske nan Li menm tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik. 10Epi nan Li menm nou vin konplè nèt, paske se Li menm ki chèf an tèt sou tout wayòm ak otorite yo. 11Konsa, nan Li menm nou te sikonsi avèk yon sikonsizyon ki fèt san men, ki retire kò lachè a pa sikonsizyon a Kris la. 12Nou te antere avèk Li nan batèm nan. Nan li menm, nou te anplis resisite avèk Li pa lafwa kon yon zèv Bondye, ki te leve Li sòti nan lanmò a. 13Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. 14Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a. 15Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.
16Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba. 17Bagay sila yo se lonbraj a sila ki dwe vini an; men vre sibstans lan apatyen a Kris. 18Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li, 19ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.
20Si nou te mouri avèk Kris a prensip de baz mond yo, poukisa, kòmsi nou t ap viv nan mond lan, nou soumèt nou a kalite dekrè konsa, kòm 21“Pa manyen, pa goute, pa touche!” 22(Ki tout fè referans a bagay ki fèt pou peri pandan y ap sèvi yo)—an akò avèk kòmandman ak enstriksyon a lòm yo? 23Bagay sa yo ki gen, asireman, aparans a sajès nan kwayans relijye ki fèt pou kont li, avèk imilyasyon de li menm, ak move tretman kò a, men ki pa gen okenn valè kont plezi lachè a.

Did you know?
Fullness in Christ, Not Empty Teaching
- The writer says he is struggling for the readers, for those at Laodicea, and for all who have not met him face to face. Laodicea lay on the border of Phrygia and Lydia, on the banks of the Lycus, about forty miles east of Ephesus, and was one of the most important and flourishing cities of Asia Minor.Sources: the Bible text itself · Laodicea
- He warns them not to be taken captive by philosophy and empty deception based on human tradition and the spiritual forces of the world, and not to be deceived by smooth rhetoric.Sources: the Bible text itself
- The chapter also says they should not let anyone judge them by what they eat or drink, or by a feast, a New Moon, or a Sabbath—these are called a shadow of things to come—and should resist false humility, the worship of angels, and rules against handling, tasting, and touching that rest on human commands.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Laodicea · Today: Laodicea on the Lycus · 37.836, 29.108 · verse 1
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org