Nations Bible

Acts 3

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè nevyèm è, lè lapriyè.

2Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manman l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo. 3Lè l te wè Pierre avèk Jean prèt pou antre nan tanp lan, li te mande yo lacharite.

4Pierre te fikse zye yo sou li. Ansanm avèk Jean, li te di: “Gade nou!”

5Konsa, li te kòmanse koute yo, annatandan pou yo bay li yon kichòy.

6Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!” 7Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs.

8Konsa li te vòltije e te vin kanpe dwat e mache. Li te antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache e vòltije pandan li t ap bay lwanj a Bondye.

9Tout pèp la te wè li t ap mache e bay Bondye lwanj. 10Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.

11Pandan li t ap kenbe sou Pierre ak Jean, tout moun, byen etone, te kouri bò kote yo nan pòtay yo rele Salomon an.

12Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?

13“Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L.

14“Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te mande yo livre bannou yon asasen, 15e te touye Prens Lavi a, sila menm ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, de sila, nou te temwen.

16“Konsa, sou baz lafwa nan non Li, se non Jésus ki bay mesye sa a, ke nou wè e konnen an, fòs. Wi, se lafwa ki sòti nan Li ki bay mesye sila a sante pafè, nan prezans a nou tout.

17“E koulye a, frè yo, mwen konnen ke nou te aji nan inyorans, menm jan ke chèf nou yo te fè osi. 18Men bagay ke Bondye te anonse oparavan yo, pa bouch a tout pwofèt yo, ke Kris Li a ta soufri; konsa, Li gen tan fin akonpli.

19“Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a; 20epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè, 21Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan restorasyon tout bagay ke Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.

22“Moïse te di: ‘Senyè Bondye a va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo. A Li menm, nou va prete atansyon a tout sa Li di nou. 23E li va rive ke tout nanm ki pa okipe pwofèt sila va detwi nèt pami pèp la.’

24“Epi menm jan an tout pwofèt ki pale, depi Samuel ak tout sila ki te swiv li yo, osi te anonse jou sa yo.

25“Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di Abraham: ‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’.

26“ Bondye te leve sèvitè Li a, e Li te voye Li kote nou avan, pou beni nou lè l fè chak en de nou vire kite mechanste nou yo.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Healing and Preaching at the Temple

  • The temple gate called Beautiful, where a man lame from birth was placed each day to beg, is named in this chapter. It is supposed to have been the door from the court of the Gentiles into the court of the women, and it was massive, covered with plates of Corinthian brass.Sources: Beautiful Gate · the Bible text itself
  • After the healing, the astonished crowd ran to Peter and John in the walkway called Solomon’s Colonnade. This was a colonnade, or cloister, probably on the eastern side of the temple; it is not mentioned with the first temple, but Josephus mentions a porch of that name in Herod’s temple.Sources: Solomon's Portico · the Bible text itself
  • In his address there, Peter said the people had handed Jesus over and rejected him before Pilate, although Pilate had decided to release him. A dictionary entry identifies Pontius Pilate as the sixth Roman procurator of Judea, from A.D. 26 to 36, with headquarters at Caesarea, though he frequently went up to Jerusalem; his name comes into prominent notice in connection with the trial of Jesus.Sources: Pontius Pilate · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Beautiful Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 10
  • Nazareth · 32.702, 35.298 · verse 6
  • Solomon’s Portico · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 11

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.