Nations Bible

Acts 24

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Apre senk jou wo prèt la Ananias te vin desann avèk kèk ansyen, avèk yon sèten avoka ki te rele Tertulle. Yo te pote chaj kont Paul yo bay gouvènè a. 2Apre Paul te fin konvoke, Tertulle te kòmanse akize l e te di a gouvènè a: “Akoz ke atravè ou menm, nou te rive gen anpil lapè, epi akoz vizyon ou menm, refòm ap fèt pou nasyon sila a, 3nou rekonèt sa, nan chak aspè, e toupatou trè ekselan Félix, avèk tout rekonesans. 4Men pou m pa fatige ou plis, mwen mande w pou pèmèt nou nan bonte ou, pou tande nou an brèf.

5“Paske nou twouve nonm sila a yon vre pès, e yon mesye ki soulve konfli pami tout Jwif yo nan tout mond lan, yon chèf de fil sèkt a Nazareyen yo. 6Li te menm eseye souye tanp lan. Epi konsa, nou te arete li. 7Men Lysias, kòmandan an te parèt, epi avèk anpil vyolans, te rache li nan men nou.

8“Lè ou egzamine li pou kont ou konsènan tout bagay sila yo, ou kapab verifye bagay sou sila nou akize li yo.”

9Jwif yo tou te vin jwenn nan atak la, e yo t ap sètifye ke tout bagay sila yo se te vre.

10Lè gouvènè a te fè l sinyal pou l pale, Paul te reponn: “Byen konesan, ke depi anpil ane, ou se yon jij nan nasyon sila, se avèk jwa ke m ap fè defans mwen. 11Akoz ke ou kapab note ke pa plis ke nan douz jou pase mwen te monte Jérusalem pou m adore. 12Ni nan tanp lan, ni nan sinagòg yo, ni nan vil la li menm, yo pa t janm twouve mwen nan diskisyon avèk okenn moun, ni koze okenn boulvèsman. 13Ni yo pa kapab pwouve ou de chaj sou sila yo akize mwen koulye a.

14“Men sa mwen admèt a nou, ke selon Chemen an, ke yo rele yon sèkt, se vre ke m sèvi Bondye a zansèt nou yo, e kwè tout bagay ki an akò avèk Lalwa a ak sa ki ekri nan pwofèt yo. 15Mwen posede yon esperans nan Bondye, ke moun sa yo osi konsidere presye, ke an verite, va gen yon rezirèksyon ni pou sila ki jis yo ak sila ki enjis yo. 16Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.

17“Alò, apre plizyè ane, mwen te vin pote yon don a nasyon mwen an e prezante ofrann mwen. 18Nan sa a, yo te twouve mwen okipe nan tanp lan, deja pirifye, san okenn foul, ni konfli. Men te gen sèten Jwif ki sòti an Asie— 19ki ta dwe prezan devan ou pou fè akizasyon, si yo ta gen anyen kont mwen. 20Oubyen pito kite mesye sila yo, yo menm di ki move zak yo te twouve lè mwen te kanpe devan konsèy la, 21ot ke sèl pawòl sa a ke m te rele lè m te kanpe pami yo a: ‘Pou rezirèksyon a mò yo y ap jije mwen jodi a.’”

22Men Félix, ki te gen yon konesans pi egzakt de Chemen an, te repouse yo, e t ap di: “Lè Lysias kòmandan an vin desann, mwen va deside ka ou a”. 23Answit Li te bay lòd a santenye a pou l retire l nan gadavi a, men avèk yon sèten libète, e pa anpeche okenn nan zanmi li yo sèvi li.

24Men kèk jou pita, Félix te rive avèk Drusille, madanm li ki te yon Jwif, epi te voye rele Paul, pou koute li pale sou lafwa nan Jésus Kri a. 25Men pandan li t ap diskite sou ladwati, tanperans, ak jijman ki gen pou vini an, Félix te vin pè. Li te di: “Pou moman sa a, ale. Lè m jwenn tan, m a konvoke ou.” 26Nan menm tan an, tou, li t ap espere ke Paul ta bay li lajan pou lage l. Akoz sa, li te konn voye rele l souvan pou pale avè l.

27Men apre dezan te pase, Félix te ranplase pa Porcius Festus, e pou te jwenn favè ak Jwif yo, li te kite Paul anprizone.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Paul before Felix

  • The high priest Ananias came down with some elders and a lawyer named Tertullus, whom Easton's Bible Dictionary describes as a Roman advocate employed by the Jews to state their case against Paul before Felix. Tertullus praised the governor and then called Paul a pestilence who stirred up dissension among the Jews all over the world, a ringleader of the sect of the Nazarenes, and a man who had tried to desecrate the temple. The dictionary links that opening praise with Felix's clearing the country of bandits and impostors.Sources: the Bible text itself · Tertullus · Felix
  • Felix, who was well informed about the Way, adjourned the hearing and kept Paul under guard, while allowing him some freedom and letting friends meet his needs. The account says he hoped Paul would offer a bribe and so sent for him often; Easton's Bible Dictionary likewise says he appears to have expected a bribe and therefore held several interviews with him. After two years Porcius Festus succeeded him—Easton's Bible Dictionary (1897) dates that appointment to A.D. 60—and, wishing to do the Jews a favor, Felix left Paul in prison.Sources: the Bible text itself · Felix · Portius Festus
  • Several days later Felix returned with his wife Drusilla, who was Jewish, and listened as Paul spoke about faith in Christ Jesus and about righteousness, self-control, and the coming judgment; Felix became frightened and sent him away. Easton's Bible Dictionary (1897) identifies Drusilla as the third and youngest daughter of Herod Agrippa I and says Felix induced her to leave her husband, Azizus, king of Emesa. The same entry says that she and her son perished in the eruption of Mount Vesuvius in A.D. 79.Sources: the Bible text itself · Drusilla

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Caesarea · Today: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · verse 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 11, 17
  • Asia · 38.400, 28.300 · verse 18

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.