Acts 18
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Apre bagay sa yo li te kite Athènes e te ale Corinthe.
2Epi li te twouve yon sèten Jwif la ki te rele Aquilas, yon moun Pont ki te fenk vin sòti Italie avèk madanm li Priscille, paske Claude te kòmande tout Jwif yo pou kite Rome. Paul te ale kote yo. 3Akoz li te gen menm metye a, li te rete avèk yo, e yo t ap travay, paske se moun ki fè tant yo te ye. 4Li t ap rezone nan sinagòg la chak Saba pou l konvenk Jwif yo ak Grèk yo pou kwè.
5Men lè Silas ak Timothée te desann soti Macédoine, Paul te kòmanse dedye tèt li nèt a pawòl la, pou temwaye solanèlman a Jwif yo ke se te Jésus ki te Kris la. 6Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a mwen va ale kote pèp etranje yo.”
7Answit li te kite la pou ale lakay a yon sèten nonm ki te rele Titius Justus, yon adoratè Bondye, ki te gen kay li toupre sinagòg la.
8Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.
9Epi Senyè a te di Paul nan yon vizyon pandan nwit lan: “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans; 10paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.” 11Konsa, li te rete la pandan en an si mwa, e li t ap enstwi pawòl Bondye a pami yo.
12Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan chèz jijman an. 13Yo t ap di: “Nonm sila ap fè moun kwè pou adore Bondye kont lalwa a.”
14Men lè Paul te prèt pou louvri bouch li, Gallion te di a Jwif yo: “Si se te yon ka a yon enjistis, oswa yon krim visye, O Jwif yo, li ta rezonab pou m ta bay nou soutyen. 15Men si gen kesyon konsènan pawòl, oswa non, oswa pwòp lwa pa nou, okipe sa nou menm. Mwen pa gen enterè nan jije bagay sa yo.” 16Epi li te chase yo sòti devan chèz jijman an.
17Konsa, yo tout te sezi Sosthène, mèt sinagòg la, e te kòmanse bat li devan chèz jijman an. Men Gallion pa t okipe bagay sa yo menm.
18Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.
19Yo te rive Éphèse, e li te kite yo la. Alò, li menm te antre nan sinagòg la pou te rezone avèk Jwif yo. 20Lè yo te mande li pou rete avèk yo pou plis tan, li pa t dakò, 21men li te kite yo e t ap di: “Mwen va retounen kote nou ankò si Bondye vle”. E li te pran bato a vwal pou soti Éphèse.
22Lè l te rive Césarée, li te monte pou salye legliz la, e li te desann Antioche.
23Lè l te fin pase kèk tan la, li te sòti e te travèse youn apre lòt, nan rejyon a Galatie a ak Phrygie kote li te ranfòse tout disip yo.
24Alò, yon sèten Jwif ki te rele Apollos, ki te ne nan Alexandrie, yon nonm ki te konn pale byen, e ki te fò nan Ekriti Sen yo te vini Éphèse. 25Mesye sa te enstwi nan chemen Bondye a. E avèk fevè Lespri a, li t ap pale e t ap enstwi byen klè tout bagay konsènan Jésus, men te konnen sèlman batèm a Jean an. 26Li te kòmanse pale avèk gwo kouraj nan sinagòg la. Men lè Priscille ak Aquilas te tande l, yo te rale l akote pou te eksplike li chemen Bondye a pi klè.
27Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo. 28Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre atravè Ekriti Sen yo ke Jésus se te Kris la.

Did you know?
Paul's Stay in Corinth
- Aquila, a native of Pontus, and his wife Priscilla had left Italy because the emperor Claudius ordered all Jews to leave Rome. Easton's Bible Dictionary (1897) dates that decree to A.D. 49 in its Claudius entry and to A.D. 50 in its Aquila entry. Paul stayed with them in Corinth and worked at the same trade, making Cilician hair-cloth for tents.Sources: Aquila · Claudius (4th Roman Emperor) · the Bible text itself
- The Corinth of this chapter was not the older Greek city, which the Romans destroyed in 146 B.C., but a city rebuilt about a century later and peopled by a colony of freedmen from Rome. It stood on the isthmus about 48 miles west of Athens and was the Roman seat of government for Achaia, southern Greece. It was noted for its wealth and for the luxurious, immoral, and vicious habits of its people.Sources: Corinth · Achaia
- Gallio, the elder brother of the philosopher Seneca, was proconsul of Achaia under Claudius when the Jews brought Paul before the judgment seat. Achaia was a senatorial province, and the governor of such a province was called a proconsul, the title used in this chapter. Gallio refused to judge a dispute about words, names, and Jewish law, and drove the accusers from the tribunal.Sources: Gallio · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Athens · 37.972, 23.727 · verse 1
- Corinth · 37.906, 22.879 · verses 1, 8, 11, 12, 18
- Italy · 41.892, 12.485 · verse 2
- Pontus · 40.680, 37.830 · verse 2
- Rome · 41.892, 12.485 · verse 2
- Macedonia · 41.600, 22.540 · verse 5
- Achaia · 38.720, 22.540 · verses 12, 27
- Cenchreae · Today: Kechries · 37.884, 22.997 · verse 18
- Syria · Today: Syria 2 · 33.511, 36.306 · verse 18
- Ephesus · 37.939, 27.341 · verses 19, 21, 24, 27
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 21, 22
- Antioch · Today: Antioch on the Orontes · 36.227, 36.172 · verses 22, 23
- Caesarea · Today: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · verse 22
- Galatia · 39.267, 32.983 · verse 23
- Phrygia · 39.000, 31.000 · verse 23
- Alexandria · 31.183, 29.896 · verse 24
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 24
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org