Acts 12
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, vè lè sila a, Wa Hérode te mete men l sou kèk moun ki te apatyen a legliz la pou l maltrete yo. 2Li te mete Jacques, frè a Jean a lanmò avèk yon nepe.
3Lè l te wè ke sa te fè Jwif yo kontan, li te avanse pou l arete Pierre tou. Sa se te pandan jou Pen San Ledven yo. 4Lè l te sezi li, li te mete l nan prizon, e te livre li a kat ekip sòlda pou yo te veye l, avèk entansyon apre Pak la, pou mennen l devan pèp la.
5Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li.
6Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.
7Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!”
Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.
8Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”
9Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te yon vizyon ke li t ap fè. 10Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li.
11Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”
12Lè li te fin konprann sa, li te ale lakay Marie, manman a Jean ki osi te rele Marc. La, anpil moun te reyini ansanm e t ap priye. 13Lè l te frape nan pòtay la, yon sèvant kay la ki te rele Rhode te vin reponn. 14Lè l te rekonèt vwa Pierre a akoz kè kontan li, li pa t ouvri pòt la, men te kouri anndan, e te anonse ke Pierre te kanpe devan pòtay la.
15Yo te di li: “Ou fin pèdi tèt ou!” Men li te kontinye ensiste ke se te konsa. Yo t ap di: “Se zanj li”.
16Men Pierre te kontinye frape sou pòtay la. Lè yo te louvri pòt la, yo te wè li. Yo te etone. 17Men li te fè yon sinyal avèk men l, pou yo fè silans, e te eksplike yo jan Senyè a te mennen li sòti nan prizon an. Li te di: “ Fè Jacques ak frè yo konnen bagay sa yo.” Konsa, li te pati e te ale yon lòt kote.
18Lè jounen an te rive, se pa ti kras tenten ki te genyen pami sòlda yo sou sa ki te rive Pierre a.
19Lè Hérode te chache li e li pa t twouve l, li te egzamine gad yo e te kòmande pou yo te egzekite. Li te desann, soti Judée pou ale Césarée e t ap pase tan an la.
20Alò, Hérode te byen fache avèk moun Tyr ak Sidon yo. Men yo te vin kote l ansanm lè yo te fin fè zanmi avèk Blaste, asistan pèsonèl a wa a, yo t ap fè demann lapè, akoz ke peyi pa yo te resevwa, manje nan men a peyi wa a.
21Nan jou apwente a, Hérode te mete sou li tout rad wayal yo. Li te pran chèz li sou twòn nan, e te kòmanse livre yon diskou piblik a yo menm.
22Konsa, pèp la t ap kriye: “Se vwa a yon dye, pa a yon moun!” 23Imedyatman yon zanj Senyè a te frape l paske li pa t bay Bondye glwa. Konsa li te vin manje pa vè, e te mouri.
24Men pawòl Senyè a te kontinye grandi e te vin miltipliye.
25Barnabas ak Saul te retounen Jérusalem lè yo te fin akonpli misyon pa yo a. Yo te pran Jean avèk yo ki te osi rele Marc.

Did you know?
Peter's escape and Herod's death
- The King Herod of this chapter is Herod Agrippa I, grandson of Herod the Great, who in time held his grandfather's entire kingdom and the title of king. He put James to death and imprisoned Peter. Easton's Bible Dictionary (1897) says that on the second day of a festival honoring the emperor Claudius, Agrippa appeared in the great theatre at Caesarea wearing magnificent silver robes; it was early in the day, and the sun's rays dazzled those who saw him.Sources: Herod Agrippa I · the Bible text itself
- The James killed with the sword was James the son of Zebedee, brother of the apostle John, a fisherman who had worked in partnership with Peter. Easton's Bible Dictionary (1897) calls him the first of the apostles to be put to death and says that Herod Agrippa had him beheaded. The James whom Peter tells the believers to notify is another man: the same dictionary identifies him as the James who headed the church in Jerusalem.Sources: James (Son of Zebedee) · James (Brother of Jesus) · the Bible text itself
- Once he knew he was free, Peter went to the house of Mary, mother of John Mark, in Jerusalem, which Easton's Bible Dictionary (1897) calls a common meeting place of the disciples; many people were gathered there praying. The servant who came to the outer gate was Rhoda, a name that means a rose; overjoyed at his voice, she ran inside to announce him and forgot to open the gate. John, also called Mark, was Mary's son—Mark, his Roman name, gradually replaced the Jewish name John—and he later left Jerusalem with Barnabas and Saul.Sources: Mary (Mother of John Mark) · Rhoda · John Mark · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Caesarea · Today: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · verse 19
- Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 19
- Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verse 20
- Tyre · 33.271, 35.196 · verse 20
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 25
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org