Nations Bible

2 Timothy 3

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li.

Evite moun konsa yo. 6Paske pami yo menm, gen moun ki antre nan kay yo e pran an kaptif fanm ki fèb akoz chaj peche yo, e ki mennen pa move lanvi de tout kalite, 7k ap toujou aprann e ki pa janm rive a konesans verite a.

8Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze a verite a; lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.

9Men yo p ap fè plis pwogrè, paske foli yo va parèt klè a tout moun, jis jan ke foli a Jannès ak Jambrès te osi parèt a klè a.

10Alò, ou te swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans lanmou, pèseverans 11pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m! 12Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.

13Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.

14Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

16Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Hard times and opposition to the truth

  • This chapter compares people who oppose the truth with Jannes and Jambres. A Bible dictionary identifies Jannes as one of the Egyptians who withstood Moses, and Jambres as one of those who opposed Moses in Egypt. The letter says that, like them, these opponents are depraved in mind and disqualified from the faith, and that their folly will be plain to everyone.Sources: Jannes · Jambres · the Bible text itself
  • Paul recalls the persecutions and sufferings that came upon him in Antioch, Iconium, and Lystra, and says the Lord rescued him from all those persecutions. On the first missionary journey with Barnabas, Jews in Antioch, in the extreme north of Pisidia, stirred up violent opposition, and the two had to leave; in Iconium they were persecuted by the Jews and fled to Lystra. Iconium was the capital of ancient Lycaonia; Lystra was a town of Lycaonia in Asia Minor, in a wild district.Sources: Antioch (Pisidia) · Iconium · Lystra · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Antioch · Today: Antioch in Pisidia · 38.306, 31.189 · verse 11
  • Iconium · Today: Konya · 37.872, 32.492 · verse 11
  • Lystra · Today: Tel Lystra · 37.602, 32.338 · verse 11

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.