Nations Bible

2 Thessalonians 2

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak reyinyon nou ansanm avèk Li a, 2pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon lespri, ni yon mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.

3Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e nonm peche a, fis a pèdisyon an, ta vin parèt. 4Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.

5Èske nou pa sonje lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?

6Konsa, nou konnen kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan lè li a, li kapab vin parèt. 7Paske mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.

8Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. 9Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, sign, ak fo mirak, 10epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.

11Pou rezon sa a, Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12pou yo tout ki pa t kwè nan verite a, men ki te pran plezi nan mechanste, kapab jije.

13Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon pa Lespri a ak lafwa nan verite a. 14Se te pou sa Li te rele nou atravè levanjil nou an, pou nou ta kapab vin genyen laglwa Senyè nou an, Jésus Kri.

15Konsa, frè m yo, kanpe fèm e kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.

16Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la 17rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Day of the Lord Has Not Yet Come

  • The chapter urges readers not to be easily alarmed by a spirit, a message, or a letter that only seems to come from the authors and claims that the Day of the Lord has already come. It says that day will not arrive until the rebellion occurs and the man of lawlessness is revealed.Sources: the Bible text itself
  • Called also the son of destruction, he is described as exalting himself above every so-called god, seating himself in the temple of God, and proclaiming himself to be God. The passage refers to what now restrains him, and to the one who restrains, but it does not name that restraint.Sources: the Bible text itself
  • The coming of the lawless one is accompanied by the working of Satan, with every kind of power, sign, and false wonder. Satan means adversary or accuser; in the New Testament the name is used interchangeably with Diabolos, the devil, more than thirty times.Sources: the Bible text itself · Satan

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.