2 Samuel 9
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?” 2Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li:
“Èske ou se Tsiba?” Epi li te reponn: “Men sèvitè ou.”
3Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?”
Epi Tsiba te di a wa a: “Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.”
4Konsa, wa a te di li: “Se kibò li ye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Gade byen, li nan kay Makir a, fis Ammiel la nan Lodebar.”
5Epi Wa David te voye mennen li soti lakay Makir, fis a Ammiel la nan Lodebar. 6Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?”
Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”
7David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.”
8Ankò, li te bese atè, e te di: “Se kisa ke sèvitè ou ye pou ou ta dwe gade yon chen mouri tankou mwen?”
9Konsa, wa a te rele sèvitè a Saül la, Tsiba. Li te di li: “Tout sa ki te pou Saül ak pou lakay li yo, mwen te vin bay yo a gran pitit a mèt ou a. 10Ou menm avèk fis ou yo avèk sèvitè ou yo va kiltive tè a pou li, e ou va rekòlte jis pou pitit a mèt ou a kapab genyen manje. Sepandan, Méphiboscheth, gran fis a mèt ou a, va manje tout tan sou tab mwen.”
Alò, Tsiba te gen kenz fis ak ven sèvitè. 11Epi Tsiba te di a wa a: “Selon tout sa ke mèt mwen, wa a, kòmande sèvitè li a, konsa sèvitè ou a va fè.” Konsa, Méphiboscheth te manje sou tab David la, tankou youn nan fis a wa yo. 12Méphiboscheth te gen yon jèn fis ki te rele Mica. Epi tout sila ki te rete lakay Tsiba yo te sèvitè a Méphiboscheth. 13Konsa, Méphiboscheth te rete Jérusalem, paske li te manje sou tab a wa a tout tan. Alò, li te kokobe nan toude pye li.
Did you know?
David's Kindness to Mephibosheth
- Mephibosheth was Jonathan's son and Saul's grandson. When Saul and Jonathan died on Mount Gilboa, Mephibosheth's nurse fled in haste with the five-year-old child; she stumbled, and the fall left him crippled in both feet. He was taken to Gilead, where Machir son of Ammiel sheltered and raised him in Lo-debar.Sources: Mephibosheth · Machir · the Bible text itself
- Motivated by his deep friendship with Jonathan, David restored all of Saul's ancestral lands to Mephibosheth and invited him to dine continually at the royal table in Jerusalem. To manage the estate, David assigned Saul's former servant Ziba, along with his fifteen sons and twenty servants, to cultivate the land for Mephibosheth.Sources: Jonathan · Ziba · the Bible text itself
- Lo-debar was a town in Gilead, situated north of the Jabbok river, whose name literally means "no pasture." Machir son of Ammiel, who provided a home for Mephibosheth there, would later provide vital shelter and provisions to David himself when the king became a fugitive.Sources: Lo-debar · Machir · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 13
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org