Nations Bible

2 Samuel 2

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?”

Epi SENYÈ a te di li: “Monte!”

Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?”

Epi Li te di: “Nan Hébron.”

2Pou sa, David te monte la ansanm akde madanm li yo tou, Achinoam, Jizreyelit la, avèk Abigaïl, Kamelit la, fanm a Nabal la. 3Epi David te fè monte mesye ki te avèk li yo, yo chak avèk pwòp lakay pa yo, e yo te rete nan vil Hébron yo. 4Alò, mesye Juda yo te parèt e se la, yo te onksyone David wa sou kay Juda a. Epi yo te pale David, e te di: “Se te mesye a Jabès Galaad ki te antere Saül yo.” 5David te voye mesaje yo bò kote mesye Jabès Galaad yo. Li te di yo: “Ke nou beni pa SENYÈ a akoz nou te montre bonte nou anvè Saül, mèt nou an, e nou te antere li. 6Alò, ke SENYÈ a montre bonte avèk verite Li a nou menm. Konsa, mwen tou, mwen va montre nou bonte sa a akoz nou te fè bagay sa a. 7Pou sa, kite men nou rete fò e plen kouraj. Paske mèt nou an, Saül mouri e anplis, kay Juda a te onksyone mwen kòm wa sou yo menm”.

8Men Abner, fis a Ner a, te pran Isch-Boscheth, fis a Saül la e te mennen li antre Mahanaïm. 9Li te fè li wa sou Galaad, sou Gechouryen yo, sou Jizreel, sou Ephraïm ak sou Benjamin, menm sou tout Israël la. 10Isch-Boscheth, fis a Saül la te gen karant ane lè l te devni wa sou Israël, e li te wa pandan dezan. Men, lakay Juda te swiv David. 11Fòs tan ke David te wa nan Hébron sou Juda a se te sèt ane avèk si mwa.

12Alò, Abner, fis a Ner a te sòti Mahanaïm kote Gabaon avèk sèvitè a Isch-Boscheth yo, fis a Saül la. 13Konsa, Joab, fis a Tseruja a avèk sèvitè a David yo te sòti pou rankontre yo akote sous Gabaon an. Yo te chita konsa, youn nan yon bò sous la e lòt la nan lòtbò sous la. 14Abner te di a Joab: “Alò, kite jennonm yo leve fè yon kou batay devan nou la a.”

Joab te reponn: “Kite yo leve.” 15Konsa, yo te leve travèse ak kontwòl, douz pou Benjamin avèk Isch-Boscheth, fis a Saül yo e douz pou sèvitè a David yo. 16Chak te sezi advèsè li nan tèt e te fonse nepe li nan akote advèsè li a; konsa, yo te tonbe atè ansanm. Pou sa, yo te rele plas sa a Helkath-Hatsurim chanm a lam nepe yo ki nan Gabaon. 17Nan jou sa a, batay la te trè sevè e Abner avèk mesye Israël yo te kale devan sèvitè David yo. 18Alò, twa fis a Tseruja yo te la, Joab avèk Abschaï avèk Asaël te vit sou pye yo tankou yon gazèl mawon nan chan. 19Asaël te kouri dèyè Abner e pa t vire ni adwat ni agoch nan kouri dèyè Abner.

20Alò, Abner te gade dèyè li, e te di: “Èske se ou, Asaël?”

Epi li te reponn: “Se mwen.”

21Konsa, Abner te di li: “Vire vè adwat oswa agoch, pran youn nan jennonm yo pou kont ou e pran pou ou menm nan piyaj la.” Men Asaël pa t dakò pou vire pa swiv li. 22Abner te repete ankò a Asaël: “Vire pa swiv mwen Poukisa mwen ta frape ou pou jiskaske ou rive atè? Konsa, kijan mwen ta kapab leve figi mwen a frè ou a, Joab?” 23Sepandan, li te refize vire akote; pou sa, Abner te frape li nan vant avèk frenn li jiskaske li te parèt nan do li Epi li te tonbe la menm e te mouri sou lye a. Epi li te vin rive ke tout moun ki te vini kote Asaël te mouri an, te kanpe an plas.

24Men Joab avèk Abischaï te kouri dèyè Abner e pandan solèy la t ap bese, yo te rive nan ti mòn a Amma a, ki devan Guiach pa chemen dezè a Gabaon an. 25Fis Benjamin yo te rasanble ansanm dèyè Abner e te devni yon sèl ekip; epi yo te kanpe sou tèt a yon sèten ti mòn. 26Alò, Abner te rele Joab e te di: “Èske epe a va devore tout tan? Èske ou pa konprann ke alafen, sa ap vin anmè? Pou konbyen de tan ou va refize di pèp la sispann kouri dèyè frè yo?”

27Joab te di: “Jan Bondye viv la, si ou pa t pale; byensi, pèp la t ap kite sa maten an e chak moun t ap sispann swiv frè yo.” 28Epi Joab te soufle twonpèt la. Konsa, tout pèp la te sispann e yo pa t kouri dèyè Israël ankò, ni yo pa t kontinye goumen ankò. 29Alò, Abner avèk mesye pa li yo te mache nan dezè Araba a tout nwit lan. Yo te travèse Jourdain an, yo te mache tout maten an pou te vini Mahanaïm.

30Alò, Joab te retounen soti swiv Abner. Lè li te fin rasanble tout pèp la ansanm, diz-nèf nan sèvitè David yo anplis ke Asaël te manke. 31Men sèvitè David yo te touye anpil nan mesye Benjamin yo avèk Abner yo, jiskaske te rive twa-san-swasant moun te mouri. 32Yo te pran Asaël e te antere li nan tonm papa li ki te Bethléhem. Epi Joab avèk mesye pa l yo te ale tout nwit lan jiskaske li te vin fè jou kote Hébron.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Two Kings and the Clash at Gibeon

  • Following the death of Saul, the nation split into two rival realms. The tribe of Judah anointed David king in the southern city of Hebron, while Saul's general Abner established Saul's surviving son Ish-bosheth to rule the northern tribes from Mahanaim, east of the Jordan River.Sources: the Bible text itself · Abner · Ish-bosheth · Mahanaim
  • David's leading military commanders—Joab, Abishai, and Asahel—were the sons of Zeruiah, who was David's sister. This close family tie placed David's nephews at the head of Judah's forces throughout the hostilities against the house of Saul.Sources: the Bible text itself · Joab · Zeruiah · Asahel
  • The civil conflict escalated at the pool of Gibeon through a representative combat between twelve young men from Benjamin and twelve from David's forces. Because all twenty-four fighters perished together in the struggle, the site was named Helkath-hazzurim before full-scale battle erupted.Sources: the Bible text itself · Gibeon

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Hebron · Today: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · verses 1, 3, 4, 11, 32
  • Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 9
  • Gibeon · Today: El Jib · 31.847, 35.183 · verses 12, 13, 16, 24
  • Helkath-hazzurim · Today: within 500 m of El Jib · 31.847, 35.183 · verse 16
  • Arabah · 30.417, 35.151 · verse 29
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 29
  • Bethlehem · 31.704, 35.208 · verse 32

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.