Nations Bible

2 Samuel 19

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, li te pale a Joab: “Gade byen, wa a ap kriye e fè lamantasyon pou Absalom.” 2Viktwa a jou sa a te boulvèse vin fè dèy pou tout pèp la. Paske moun ki te tande li yo nan jou sa a te di: “Wa a ap lamante pou fis li a.”

3Konsa, moun yo te antre nan vil la nan jou sa a kòmsi an sekrè tankou yon pèp ki imilye e kouri kache pou kite batay la. 4Wa a te kouvri figi li e te kriye fò avèk yon gwo vwa: “O fis mwen, Absalom, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”

5Alò, Joab te antre nan kay la vè wa a. Li te di: “Jodi a, ou te kouvri avèk lawont tout figi a tout sèvitè ou yo, ki, jodi a, te sove lavi ou, lavi a fis ou yo ak fi ou yo, lavi a madanm ou yo ak lavi a ti mennaj ou yo, 6akoz ou te vin renmen sila ki rayi ou yo, e rayi sila ki renmen ou yo. Paske ou te montre nan jou sa a ke prens yo avèk sèvitè ou yo pa anyen a ou menm. Paske mwen vin aprann nan jou sa a ke si Absalom te vivan e nou tout te fin mouri, ke ou ta gen kè kontan. 7Alò, pou sa, leve ale deyò a pou pale pawòl ki dous avèk sèvitè ou yo. Paske mwen sèmante pa SENYÈ a ke si ou pa sòti deyò, anverite, p ap gen yon moun k ap pase nwit lan avèk ou e sa va pi mal pou ou pase tout lòt mal ki gen tan parèt sou ou soti nan jenès ou jis rive koulye a.”

8Pou sa, wa a te leve chita nan pòtay la. Lè yo te pale tout pèp la e te di: “Men vwala, wa a chita nan pòtay la,” alò, tout pèp la te vini devan wa a. Alò, Israël te fin sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo. 9Tout pèp la t ap fè kont pami tout tribi Israël yo, e t ap di: “Wa a te delivre nou soti nan men a lènmi nou yo e te sove nou soti nan men a Filisten yo; men koulye a, li gen tan sove ale kite peyi a devan Absalom. 10Malgre sa, Absalom, ke nou te onksyone sou nou an, te mouri nan batay la. Alò, pou sa, poukisa nou rete san pale nan afè mennen wa a fè l tounen an?”

11Epi Wa David te voye kote Tsadok ak Abiathar, prèt yo, e te di: “Pale avèk ansyen Juda yo e di: ‘Poukisa se nou ki dènye pou mennen fè wa a tounen lakay li a, depi pawòl a tout Israël la gen tan rive vè wa a, menm kote lakay li? 12Nou menm se frè m; nou se zo a zo mwen e chè a chè mwen. Poukisa konsa nou ta dwe dènye pou mennen wa a fè l tounen?’ 13Di Amasa: ‘Èske ou pa zo a zo mwen e chè a chè mwen? Ke Bondye ta fè sa pou mwen e menm plis si se pa ou menm ki va chèf lame devan mwen nèt nan plas Joab.’” 14Konsa, li te vire kè tout mesye Juda yo tankou se te yon sèl moun, jiskaske yo te voye vè wa a e te di: “Retounen, ou menm avèk tout sèvitè ou yo.”

15Alò, wa a te retounen e te vin jis nan Rivyè Jourdain an. Epi Juda te vini Guilgal pou rankontre wa a, pou mennen wa a travèse Jourdain an. 16Epi Schimeï, fis a Guéra a, Benjamit ki sòti Bachurim nan te fè vit vin desann avèk mesye Juda yo pou rankontre Wa David. 17Te gen mil mesye Benjamin avèk li, avèk Tsiba, sèvitè lakay Saül la, kenz fis li yo avèk ven sèvitè yo avèk li; epi yo te prese rive nan Jourdain an avan wa a. 18Alò, yo te kontinye travèse kote pou janbe a pou fè travèse fanmi a wa a; epi pou fè sa ki bon nan zye li.

Epi Schimeï, fis a Guéra a te tonbe ba devan wa a pandan li t ap prepare pou travèse Jourdain an. 19Konsa, li te di a wa a: “Pa kite mèt mwen konsidere mwen kòm koupab, ni sonje mal ke sèvitè ou te fè nan jou lè mèt mwen an, wa a, te sòti Jérusalem, pou wa a ta pran sa a kè. 20Paske sèvitè ou konnen ke mwen te peche. Pou sa, gade byen, mwen te rive la jodi a, premyèman nan tout kay Joseph la pou ale desann rankontre mèt mwen an, wa a.”

21Men Abischaï, fis a Tseruja a te di: “Èske Schimeï pa ta dwe mete a lanmò pou sa, akoz li te modi onksyone a SENYÈ a?”

22Epi David te di: “Kisa mwen gen pou fè avèk nou, O fis a Tseruja yo, pou nou ta nan jou sila a devni advèsè mwen? Èske okenn moun ta mete a lanmò an Israël jodi a?” Paske èske mwen pa konnen ke se mwen ki wa sou Israël jodi a? 23Wa a te di a Schimeï: “Ou p ap mouri.” Konsa wa a te sèmante a li menm.

24EpiMéphiboscheth, fis a Saül la te desann rankontre wa a. Li pa t okipe pye li, ni taye moustach li, ni lave rad li, depi wa a te pati a jis rive jou ke li te retounen lakay li anpè a. 25Se te lè li te vini Jérusalem pou rankontre wa a ke wa a te di li: “Poukisa ou pa t ale avè m, Méphiboscheth?”

26Konsa, li te reponn: “O mèt mwen, wa a, sèvitè mwen an te twonpe m. Paske sèvitè ou a te di: ‘Mwen va sele yon bourik pou mwen menm pou m kab monte sou li pou ale avèk wa a,’ akoz sèvitè ou a bwete. 27Anplis, li te pale vye bagay a sèvitè ou a mèt mwen, wa a, men mèt mwen an, wa a, se tankou zanj Bondye a. Pou sa, fè sa ki bon nan zye ou. 28Paske tout manm lakay papa m pa t plis ke moun mouri devan mèt mwen an, wa a. Malgre ou te mete sèvitè ou pami sila ki te manje sou pwòp tab pa ou. Ki dwa mwen gen pou m ta plenyen anplis a wa a?”

29Konsa, wa a te di li: “Poukisa ou pale toujou nan enterè pa w? Mwen gen tan pran desizyon, ‘Ou avèk Ziba va divize tè a.’” 30Méphiboscheth te di a wa a: “Kite li menm vin pran tout pou li menm, akoz mèt mwen, wa a, gen tan retounen nan pwòp kay li.”

31Alò Barzillaï, Gadit la te vin desann soti Roguelim e li te ale nan Jourdain an avèk wa a pou akonpanye li travèse Jourdain an. 32Alò, Barzillaï te granmoun anpil, avèk laj a katre-ventan. Li te bay soutyen a wa a pandan li te rete Mahanaïm, paske li te yon nonm byen enpòtan. 33Wa a te di a Barzillaï: “Vin travèse avèk mwen e mwen va ba ou soutyen Jérusalem bò kote mwen.”

34Men Barzillaï te di a wa a: “Se pou konbyen de tan ke m ap viv toujou pou m ta monte ak wa a Jérusalem? 35Mwen menm, koulye a, mwen nan katre-ventan daj. Èske mwen kapab distenge antre sa ki bon ak sa ki mal? Oswa èske sèvitè ou a kapab goute sa ke m manje, oswa sa ke m bwè? Oswa èske mwen kapab ankò tande vwa lè gason ak fi ap chante? Alò, poukisa sèvitè ou ta dwe devni yon chaj anplis a mèt mwen an, wa a? 36Sèvitè ou ta sèlman pito travèse Jourdain an avèk wa a. Poukisa wa a ta dwe ban m rekonpans avèk byenfezans sila a? 37Souple, kite sèvitè ou retounen, pou m kab mouri nan pwòp vil pa m, toupre tonm a papa m avèk manman m. Malgre sa, men sèvitè ou, Kimham; kite li travèse avèk mèt mwen an, wa a e fè pou li sa ki bon nan zye ou.”

38Wa a te reponn: “Kimham va travèse avè m e mwen va fè pou li sa ki bon nan zye pa w. Nenpòt sa ke ou vle m fè m ap fè l pou ou.”

39Tout moun yo te travèse Jourdain an e wa a te travèse tou. Epi wa a te bo Barzillaï. Li te beni li e li te retounen nan plas li. 40Koulye a, wa a te avanse rive Guilgal, Kimham te kontinye avèk li. Epi tout pèp Juda a avèk la mwatye nan pèp Israël la te akonpanye wa a. 41Epi vwala, tout mesye Israël yo te vin kote wa a e te di a wa a: “Poukisa frè nou yo, mesye Juda yo te vin vòlè ou? Yo te pati avè w, yo te mennen wa a avèk tout lakay li ak tout mesye David yo avèk li, vin janbe Jourdain an.”

42Epi tout mesye Juda yo te reponn mesye Israël yo: “Akoz wa a toupre fanmi a nou. Poukisa konsa nou vin fache akoz afè sila a? Èske nou te manje yon bagay sou kont a wa a, oubyen èske yon bagay te vin separe bannou?”

43Men mesye Israël yo te reponn mesye Juda yo e te di: “Nou gen dis pati nan wa a; pou sa, nou osi gen plis pati nan David pase ou! Poukisa konsa, ou vin meprize nou? Èske se pa t konsèy pa nou premyèman pou fè wa a tounen?” Men pawòl a Juda yo te pi rèd pase pawòl a Israël yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

David Returns to Jerusalem

  • Joab confronted David for mourning his rebellious son Absalom so openly that it humiliated the soldiers who had risked their lives to save him. The commander warned the king that if he did not show himself at the city gate to encourage his loyal troops, he risked losing his entire following overnight.Sources: the Bible text itself · Joab · Absalom
  • As David prepared to cross the Jordan River back to Jerusalem, former adversaries and loyalists rushed to meet him. Shimei of Bahurim, who had previously cursed and stoned the king during his retreat, brought a thousand Benjamites to beg for mercy, which David granted despite Abishai's urge to execute him.Sources: the Bible text itself · Shimei · Bahurim · Jordan
  • The eighty-year-old Gileadite elder Barzillai of Rogelim, who had sustained David's household during exile at Mahanaim, escorted the king to the Jordan but declined an invitation to court, sending Chimham in his place so he could die in his ancestral home.Sources: the Bible text itself · Barzillai · Rogelim · Mahanaim

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 15, 19, 24, 25, 33, 34
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 15, 17, 18, 31, 36, 39, 41
  • Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 31

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.