Nations Bible

2 Samuel 16

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, lè David te fin depase krèt la, vwala, Tsiba, sèvitè a Méphiboscheth la te rankontre li avèk yon pè bourik avèk makout. Sou yo, te gen de-san pen, yon santèn grap rezen, yon santèn fwi gran sezon ak yon veso diven. 2Wa a te di a Tsiba: “Poukisa ou genyen sila yo?”

Epi Tsiba te di: “Bourik yo se pou manm lakay wa yo monte, pen avèk fwi gran sezon an se pou jennonm yo manje e diven an se pou nenpòt moun ki fin pèdi fòs nan dezè a kab bwè.”

3Alò, wa a te di: “Epi kote fis a mèt ou a?”

Epi Tsiba te di a wa a: “Men vwala, li rete Jérusalem paske li te di: ‘Jodi a, lakay Israël la va restore wayòm papa m nan a mwen menm.’”

4Konsa, wa a te di a Tsiba: “Men vwala, tout sa ki apatyen a Méphiboscheth se pou ou.”

Epi Tsiba te di: “Mwen vin bese devan ou nèt; kite mwen twouve gras nan zye ou, O mèt mwen, wa a!”

5Lè Wa David te rive Bachurim, gade byen, te sòti depi la yon mesye ki sòti nan fanmi Saül ki te rele Schimeï, fis a Guéra a. Li te parèt ak pawòl madichon san rete pandan li t ap pwoche. 6Li te jete wòch sou David, sou tout sèvitè a Wa David yo e tout mesye gran kouraj yo te sou men dwat li ak sou men goch li. 7Konsa, Schimeï te di pandan li t ap voye madichon yo: “Sòti la, sòti la, moun ki vèse san, sanzave! 8SENYÈ a gen tan mete sou ou tout san koule lakay Saül, nan plas kote ou te renye a! SENYÈ a te lage wayòm nan nan men fis ou, Absalom. Epi gade, ou pran nan pwòp mechanste ou, paske ou se yon nonm ki vèse san!”

9Alò, Abischai, fis a Tseruja a te di a wa a: “Poukisa chen mouri sa a ta dwe modi mèt mwen an, wa a? Kite mwen janbe ale koupe tèt li.” 10Men wa a te di: “Kisa mwen gen avè w, O fis a Tseruja? Si li bay madichon, e si SENYÈ a te di li ‘Modi David’, alò, se kilès k ap di: ‘Poukisa ou te fè sa?’”

11Alò, David te di a Abischaï e a tout sèvitè li yo: “Gade, fis mwen ki te sòti nan mwen an koulye a ap chache lavi m. Konbyen anplis pou Benjamit sila a? Kite li e kite li bay madichon, paske SENYÈ a te pale li. 12Petèt SENYÈ a va gade afliksyon mwen e remete m bon olye madichon pa sila a nan jou sa a.” 13Konsa, David avèk mesye pa li yo te fè wout yo. Epi Schimeï te mache akote pant mòn nan vizavi de yo menm. Pandan li t ap prale, li te modi, li te jete wòch, e li te jete pousyè bò kote li. 14Wa a avèk tout moun ki te avèk li yo te rive byen fatige, e yo te vin rafrechi la.

15Alò, Absalom avèk tout pèp la, mesye Israël yo te antre Jérusalem e Achitophel avèk li. 16Konsa, li te vin rive lè Huschaï, Akyen an, zanmi a David la te rive kote Absalom, ke Huschaï te di: “Viv wa a! Viv wa a!”

17Absalom te di Huschaï: “Èske sa se fidelite ou pou zanmi ou? Poukisa ou pa t ale avèk zanmi ou an?”

18Epi Huschaï te di a Absalom: “Non, paske sila ke SENYÈ a, pèp sa a e tout mesye Israël yo te chwazi a, se pou li menm, mwen va ye, e avèk li menm, mwen va rete. 19Anplis de sa, se kilès pou m ta sèvi? Se pa nan prezans a fis li a? Jis jan ke m te sèvi nan prezans papa ou a, konsa mwen va ye nan prezans pa w.”

20Alò, Absalom te di a Achitophel: “Ban m konsèy pa w Kisa nou dwe fè?”

21Achitophel te di a Absalom: “Antre nan ti mennaj papa ou te lese pou okipe kay la; epi tout Israël va tande ke ou te fè tèt ou rayisab a papa ou. Anplis, men a tout sila ki avèk ou yo va vin ranfòse.”

22Konsa yo te monte yon tant anwo tèt kay la, epi Absalom te antre nan relasyon seksyèl ak tout konkibin papa l yo, devan zye a tout Israël.

23Konsèy a Achitophel te konn bay nan jou sa yo te konsidere tankou si yon moun te mande konsèy a pawòl Bondye. Se te konsa tout konsèy Achitophel te ye pou David ak Absalom.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

David's Flight and Absalom's Entry

  • As David fled down toward the Jordan valley, he passed near Bahurim, where a Benjamite named Shimei son of Gera walked along the opposite ridge. Belonging to the family of the house of Saul, Shimei cursed David, threw stones, and cast dust, accusing him of bringing ruin upon Saul's family.Sources: Shimei · Bahurim · the Bible text itself
  • Ziba, a former servant of Saul's house, brought donkeys, bread, fruit, and wine to David during his flight. Ziba claimed that Jonathan's disabled son Mephibosheth had stayed in Jerusalem hoping the kingdom would be restored to his grandfather Saul, leading David to grant all of Mephibosheth's possessions to Ziba.Sources: Ziba · Mephibosheth · the Bible text itself
  • After taking Jerusalem, Absalom received counsel from Ahithophel, whose advice was revered like the word of God. To thwart Ahithophel's strategies, David's loyal friend Hushai the Archite feigned allegiance to Absalom to remain inside the rebel court.Sources: Ahithophel · Hushai · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Mount of Olives · 31.778, 35.246 · verse 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 3, 15
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.